Páginas

DIMANCH 17

Koulè Vèt
DEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ , ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Mesye k’ap marye a ap kontan osijè madanm li k’ap marye a".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI  62, 1-5
Poutèt Siyon mwen p’ap pe bouch mwen, epi poutèt Jerizalèm mwen p’ap ret trankil joustan moun kòrèk li a sòti tankou klète, epi sovè l’ la klere tankou lanp.
Nasyon yo ap wè moun kòrèk ou a, epi tout wa yo ap wè glwa w’ la, y’ap rele l’ yon non nouvo, se bouch Granmèt la k’ap nonmen l’. W’ap vin tounen yon kouwòn glwa nan men Granmèt la, yon kouwòn wa nan men Bondye w’ la.
Yo p’ap rele ou "Abandone" ankò, yo p’ap rele tè w’ la "Dezole" ankò; men y’ap rele w’ "Volonte-m’-nan li", epi tè w’ la "Sa-a-yo abite-a", paske Granmèt la jwenn plezi l’ nan ou, epi y’ap abite nan peyi w’ la.
Jèn jan w’ap abite avèk vyèj la, pitit ou yo ap abite nan ou, mesye k’ap marye a ap kontan poutèt madanm li k’ap marye a, Bondye w’ la ap kontan poutèt ou.
Pawòl Granmèt la
SÒM  95, l-2a. 2b-3. 7-8. 9-10a e c
R/ Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Anonse jou an jou sove li sove nou an. Anonse glwa li pou nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa, pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Adore Granmèt la nan salon ki sen an.Se pou nou tranble devan fas li, tout tè a, di nan nasyon yo: "Granmèt la wa", l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Yon sèl ak menm Lespri a k’ap separe bay chak moun jan l’ vle a".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 12, 4-11
Gen divès kalite gras, men se yon sèl Lespri a. Gen divès kalite sèvis, men se yon sèl Granmèt la. Gen divès kalite aktivite, men se yon sèl Bondye a ki fè tout bagay nan tout moun.
Sèlman yo bay chak moun manifestasyon Lespri a pou bezwen an: genyen yon pòsyon, pa lentèmedyè Lespri a yo ba yo pawòl sajès, yon lòt pòsyon menm se pawòl syans daprè menm Lespri a, dòt se lafwa nan menm Lespri a, dòt se gras gerizon nan yon sèl Lespri a, dòt se aktivite pouvwa, dòt se sèvis pwofèt, dòt se rekonèt kalite lespri yo, dòt se divès kalite lang, dòt se bay sans pawòl yo.
Tout bagay sa yo, se yon sèl ak menm Lespri a ki fè yo, antan li separe bay chak moun jan l’ vle.
Pawòl Granmèt la
LEVANJIL
"Sa a, Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana Galile a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 2, 1 -12
Lè sa a:
Te gen nòs nan Kana Galile a, manman Jezi te la. Yo te envite Jezi tou nan nòs la, ansanm ak disip li yo.
Diven vin manke, manman Jezi di l’: "Yo pa gen diven". Jezi di l’: "Sa sa ye pou mwen menm ak ou menm, madanm? Lè m’ pa ko rive". Manman l’ di sèvitè yo: "Nenpòt sa l’ di nou, se pou nou fè l’".Te gen sis ja yo te fouye nan wòch, pou Jwif yo pwòpte kò yo, yo chak te kapab kenbe de oubyen twa mezi. Jezi di yo: "Plen ja yo dlo". Yo plen yo jous nan bouch. Jezi di yo: "Tire koulye a, pote bay òganizatè resepsyon an". Yo pote.
Lè òganizatè resespsyon an goute dlo a ki te vin tounen diven an, li pa t’ konnen kote l’ sòti, (sèvitè yo menm te konnen, yo menm ki te tire dlo a), li rele mesye k’ap marye a, li di l’: "Tout moun kòmanse mete bon diven, epi lè moun yo sou, yo mete pi move kalite a; ou menm menm ou konsève bon diven an jous koulye a".
Sa a, Jezi te fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana Galile a, li montre glwa li, disip li yo kwè nan li. Aprè sa li desann Kafanawòm, ni li ni manman l’ ni frè l’ yo ni disip li yo, yo rete la kèk jou.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Sa fè  sizan (6 lane) depi yon gwo tranblemantè te zakaje Ayiti. Men pi lwen imaj dezas yo ak moman doulè yo ke nou rekonèt yo, tèks nou sot li a yo envite nou pou nou pa pèdi lespwa epi pou nou angaje nou tout bon vre pou chanje reyalite soufrans anpil moun kontinye ap viv jounen jodi a.
Premye moso Labib la raple nou kòman gwo mistè enkanasyon  Pitit Bondye a se yon reyalite ki vin leve tèt nou pou nou kapab rekonsilye ak Bondye, pou nou kapab fè youn avèk li tankou mesye ak madanm marye ki fè yon sèl kò. Maryaj sa a di nou nan ki fason espesyal Bondye vin manifeste prezans li bò kote nou, nan lavi nou ki te fin devaste a. Ou mèt di sa w’ vle, Granmèt la te toujou prezan nan lavi nou, li pa t’ janm kite nou pou kont nou.
Menm si n’ap fè fas ak anpil difikilte, menm si nou santi sikatris nou genyen akòz desas natirèl yo pa ko geri, menm si nou santi peche fè nou kanpe lwen lagras Bondye a, nou toujou rete kwè nou se moun Bondye renmen anpil, li p’ap kite nou pou kont nou, men l’ap mache ansanm ak nou, l’ap lite ansanm ak nou.
Pou rezon sa a, ansanm ak salmis la, nou pa kapab rete pou nou pa chante mèvèy Granmèt la. Malgre pwoblèm nou yo, nou pa sispann wè mèvèy Bondye nan chak moun ki angaje yo nan sèvis lòt yo.
Sòm sa a fè nou sonje kijan Bondye toupuisan, men sa pa vle di ke Bondye fè sa li anvi fè. Men pouvwa li manifeste nan tout bagay, menm nan frajilite ak devastasyon nou. Puisans Bondye a, se pa yon bagay li genyen pou pwòp tèt li sèlman; men pouvwa li manifeste nan nou, epi pou rezon sa a nou kapab di menm jan ak Sen Pòl «nou kapab tout bagay nan sila a ki fè fòs nou an».
Pouvwa Bondye a, se pa yon pouvwa pou fè gwo mirak ki depase nivo konpreyansyon nou; okontrè se yon pouvwa ki manifeste nan ti travay byen senp n’ap fè chak jou nan non li, tankou nou wè anpil fanm ak gason ki te deside ede nan fason yo kapab nan jou trablemantè douz janvye epi ki kontinye ap ede jous jounen jodi a. Ala yon gran mirak!
Se pou sa Bondye te rele nou, pou nou kapab akonpli yon misyon epi pou nou tounen temwen pouvwa li. Tankou nou te wè sa lè tranblemantè a epi tankou sa parèt byen klè nan Nwèl la, Bondye pa kwaze pye li pou li rete byen chèlbè sou twòn li nan syèl la, okontrè li vin mache kòtakòt avèk nou, li vin fè youn ansanm avèk nou. Nòs nan Kana a, se yon ekzanp ki montre kijan prezans ak zanmitay Bondye se yon bagay ki pa janm manke nou.
Nan yon bagay ki parèt monden, tankou yon nòs, se la Jezi kòmanse lavi piblik li ak zèv delivrans li a. Li pa kòmanse li nan tanp Jerizalèm, men nan yon nòs.
Pou li reyalize mirak la, Jezi bezwen kèk entèmedyè, li bezwen moun ki pou ede li. Mari dwe parèt, li menm ki wè nesesite moun yo.Answit, sèvant yo ki al chèche dlo a epi ki pote li bay Jezi.Jounen jodi a, nou gen devwa pou nou tounen kolaboratè misyon Kris la, e se la y’ap wè pouvwa li. Se pou nou tankou Mari ki te wè nesesite pwochen li e ki te fè li yon demand ke li menm li te pote nan pye Jezi.
Se pou nou tankou sèvant yo, yo menm ki te dispoze pou fè sa li te mande yo fè; se konsa n’ap rann mirak transfòmasyon reyalite chak jou nou yo posib, (menm jan dlo a te transfòme a), pou yo tounen reyalite ki genyen anpil gou ak lavi (tankou diven an).
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ou menm ki te toujou kanpe avèk nou nan soufrans ak difikilte nou yo, ede nou dekouvri pouvwa ak prezans ou k’ap aji nan lavi nou chak jou.

PWOPOZISYON: Ede yon moun ki nan nesesite materyèl selon posiblite w’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario