Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Obeyisans
la pi bon pase sakrifis. Granmèt la rejte ou pou ou pa wa ankò »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 15, 16-23
Jou sa yo :
Samyèl di Sayil : « Kite m’ montre ou sa
Granmèt la di m’osijè ou nan nuit la ». Li di l’ :
« Pale ». Samyèl di : « Èske lè ou te piti devan je ou la,
ou pa t’ vin tounen chèf nan ras Izrayèl yo? Granmèt la te sakre ou kòm wa sou
Izrayèl, Granmèt la te voye ou sou wout la, li te di : « Ale, touye
pechè Amalèk yo, w’ap batay kont yo jous ou fin touye yo nèt. Pouki sa ou pa t’
koute vwa Granmèt la, men ou te lage kò ou nan piyay, ou fè sa k’ mal devan je
Granmèt la » ?
Sayil di Samyèl : « Mwen te koute vwa Granmèt
la byen pwòp, mwen te mache sou wout la, kote Granmèt la te voye m’ nan ;
mwen kondui Agag wa Amalèk la, mwen touye Amalèk. Men pèp la pran mouton ak bèf
nan piyay la, premye pwodui nan sa yo touye yo, pou yo sakrifye bay Granmèt
Bondye yo nan Gilgal ».
Samyèl di : « Èske Granmèt la vle sakrifis
antye ak sakrifis bèt, èske se pa pito pou yo obeyi vwa Granmèt la? Obeyisans
la pi bon pase sakrifis, koute vwa l’ pi bon pase ofri grès belye yo. Se tankou
peche zidòl, se sa refize koute Granmèt la, tankou yon krim zidòl, se sa refize
obeyi. Poutèt ou rejte pawòl Granmèt la, Granmèt la rejte ou pou ou pa wa
ankò ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49,
8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap
montre l’ sove Bondye sove nou an.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou ;
sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan. Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni
bouk kabrit sot nan pak ou.R.
Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman
m’ nan nan bouch ou ? Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete
dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann
mwen te tankou ou. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn glwa, moun ki
san tach nan chemen an, m’ap montre l’ sove Bondye sove nou an ».R.
LEVANJIL
« Mesye
k’ap marye a avèk yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 18-22
Lè sa a:
Disip Jan yo ak Farizyen yo t’ap fè jèn, yo rive, yo di
Jezi : « Pouki sa disip Jan yo ak Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa
ou menm yo pa fè jèn » ?
Jezi di yo : « Èske moun yo envite nan nòs yo
kapab fè jèn, pandan mesye k’ap marye a avèk yo? Toutotan yo gen mesye k’ap
marye a avèk yo, yo pa kapab fè jèn. Men gen jou k’ap vini, lè y’ap pran mesye
k’ap marye a sot nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn nan jou sa yo.
Pèsòn pa koud yon moso twal nèf sou yon vye rad ;
otreman moso nèf la ap redi sou vye a, rad la ap chire pi plis. Pèsòn pa mete
yon diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt ; otreman diven an ap fè
veso yo eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi ; men diven nouvo, se
nan veso nouvo yo pou yo mete yo ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Litiji Pawòl Bondye jodi a ap envite nou reflechi sou
enpòtans obeyisans. Nou wè sa Bondye bezwen plis nan men yon sèvite l’, se
obeyisans, se fè sa li mande fè. Se pa nan sakrifis bèt pou n’ di l’ mèsi
oubyen mande l’ padon. Se dezobeyisans ki te mete peche sou tè a, se
dezobeyisans tou nou wè ki fè Bondye rejte wa Sayil.
Nou kapab di sa a se yon repwòch Granmèt la fè Sayil,
li retire twòn wayal la nan men l’; ebyen nou menm tou, frè ak sè m’ yo, chak
lè nou konpòte nou menm jan ak atitid Sayil te genyen an, nan fè dezobeyisans,
kèlke swa fòm dezobeyisans sou tout fòm, Granmèt la pa pran plezi nan sa.
Ann apran n’ kiltive obeyisans nan fanmi nou, nan
travay nou, nan lekòl nou, tout kout nou pase. Lè sa a Granmèt la va viv lan
nou tou bon vre.Nan levanjil la, nou wè yo te poze Jezi yon kesyon ki ban ou
enpresyon yo te vle pran li nan pyèj, lè yo mande l’ pou kisa disip Jan yo ak
Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa l’ yo menm pa fè jèn.
Jezi vle fè nou konnen ke nou pa dwe melanje sa ki dwe
fèt jodi a ak sa ki dwe fèt demen ; sa ki bon ak sa ki move. Li
vle montre ke disip yo pa t’ gen rezon pou yo jene paske pandan Jezi te ansanm
avèk yo, se lajwa ki dwe genyen, se fèt ak kè kontan.
Nan tan Jezi t’ap viv
sou tè a, lè yon moun ap fè jèn se tristès, se rad sak li te dwe mete, li te
dwe vide sann sou tout tèt li; se te moman lapèn, men Jezi vin di nou, depi li
avèk nou, pito n’ fete, pito nou tande pawòl li, pito n’ koute vwal paske se sa
ki pi enpòtan, ke tout lòt sakrifis bèt yo, ak jèn lan, se tande vwa Bondye epi
obeyi li. Si nou byen panse, nou kapab
wè, lè nou rete kole sou Jezi, se lavi tou tan nèt ale. An nou rete kole sou
Jezi, pou l’ ede n’ chanje, pou l’ ede n’ konprann ke dezobeyisans lan se fwi
peche li ye, pandan ke obeyisans lan se fwi renmen Bondye pou lèzòm menm li ye.
Ann mande Bondye pou n’ pratike obeyisans sa a pandan tout la vi nou.
LAPRIYÈ : Bondye
Granmèt, ban nou fòs ak kouraj, pou n’ aprann viv nan obeyisans, pou n’ aprann
koute vwa w’, e ede lòt yo koute li tou atravè predikasyon pawòl ou a. Amèn.
PWOPOZISYON :
Se pou Bondye
kontinye beni travay levanjelizasyon nou an, se pou travay sa a rive touche
plis kè toujou ; konsa Bondye ap kontinye beni nou, kenbe fèm, pa lage.
No hay comentarios:
Publicar un comentario