Koulè wouj
Anyès ki sen,
vyèj e mati
PREMYE MOSO
LABIB
« Samyèl
sakre David nan mitan frè l’ yo, Espri Granmèt la dirije vin nan li »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 16, 1-13
Jou sa yo :
Granmèt la di Samyèl : « Jouskilè w’ap kriye
pou Sayil, paske mwen menm mwen fin rejte l’ pou l’ pa wa sou Izrayèl? Plen kòn
ou a ak luil, epi vini, pou m’ voye ou kot Jese, moun Bètleèm nan : sèke
mwen deja chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen ». Samyèl
di : « Kijan pou m’ fè ale? Sayil ap aprann sa, l’ap touye m’ ».
Granmèt la di : « Pran yon mouton nan pak la avèk ou, w’a di :
« Mwen vin pou m’ sakrifye pou Granmèt la ». W’a rele Jese vin nan
sakrifis la, mwen menm m’a montre ou sa pou ou fè, w’a sakre sa a m’a montre w’
la ».
Samyèl fè jan Granmèt la te di l’ la, li vin Bètleèm.
Ansyen yo nan vil la yo sezi lè yo vin rankontre l’, yo di: “Èske se lapè ou
vin pote”? Li di: “Se lapè: mwen vini pou m’ sakrifye pou Granmèt la. Konsakre
nou, vini avèk mwen pou m’ ofri sakrifis la”. Li konsakre Jese ak pitit li yo,
li rele yo vin nan sakrifis la.
Lè yo antre, li wè Elyab, li di: “Èske Kris Granmèt la pa
devan li”? Granmèt la di Samyèl: “Pa gade fas li, ni wotè tay li, paske mwen
rejte l’. Se pa daprè konsiderasyon moun mwen jije : moun nan
wè sa k’ parèt, Granmèt la menm konsidere kè a ». Jese rele Abinadad, li
mennen l’ devan Samyèl, Samyèl di : « Ni sa a tou Granmèt la pa
chwazi li ». Jese mennen Sama, li di osijè l’ : « Ni sa a non
plis tou Granmèt la pa chwazi li ». Konsa Jese mennen sèt pitit li yo
devan Samyèl, Samyèl di Jese : « Granmèt la pa chwazi okenn nan sa
yo ».
Samyèl di Jese : « Èske se tout pitit ou yo
sa » ? Li reponn : « Gen yon ti piti ki rete ankò, l’ap
gade mouton yo ». Samyèl di Jese : « Voye chèche l’ ; sèke
nou p’ap atable anvan li vin isit la ».
Konsa li voye chèche l’, li mennen l’. Li te wouj, li te
gen bèl aparans ak bèl figi. Granmèt la di: “Leve, sakre l’: se li
menm menm”. Konsa Samyèl pran kòn luil la, li sakre l’ nan mitan frè
l’yo ; Espri Granmèt la rive tou dwat nan David depi jou sa a pou jous
apre. Samyèl leve, 1’al fè wout li Ramata.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88,
20. 21-22. 27-28
R/ Mwen jwenn David, sèvitè m’ nan.
Lè sa a ou pale nan vizyon avèk sen ou yo, ou te di:
« Mwen mete sekou a nan yon moun ki fò, mwen leve yon moun mwen chwazi nan
pèp la.R.
Mwen jwenn David, sèvitè m’ nan ; ak luil mwen ki
sen an mwen sakre l’.
Men m’ap ret fèm ak li, bra m’ ap ba li fòs. R.
Li menm l’ap rele m’ : « Se Papa m’ ou ye,
Bondye m’ak kachèt pou sove mwen ». Mwen menm m’ap mete l’ kòm premye
pitit, pi wo pase wa yo sou tè a”.R.
LEVANJIL
« Saba a
se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 23-28
Rive pandan Granmèt la t’ap pase nan jaden ble yon jou
saba, disip li yo te kòmanse ap mache devan, ap kase zepi yo. Farizyen yo menm
yo t’ap di l’ : « Gade, pouki sa jou saba a y’ap fè sa yo pa gen dwa
fè a » ?
Li di yo : « Èske nou pa t’ li sa David te fè
lè l’ te nan bezwen, lè l’ grangou, li menm ak moun yo ki te avèk li yo? Kijan
li te antre nan kay Bondye a sou tan Abyata, chèf prèt yo, li te manje pen ki
te ekspoze yo, sa pèsòn pa t’ gen dwa manje sof prèt yo, epi li te bay moun yo
ki te avèk li yo » ?
Li t’ap di yo : « Saba a se pou moun nan li
fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a ; se pousa Pitit moun nan se mèt ata
saba a ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
OUBYEN : SI YO TA VLE, YO KAPAB LI POU
JOU SA PITO
PREMYE LEKTI : 1 Korentyen 1, 26-31
SÒM REPONS : sòm 22, 1-3. 4. 5. 6
EVANJIL: Matye 13, 44-46
REFLEKSYON: Frè ak sè m’
yo, zanmi Jezikri yo, jodi a Legliz la
ap sonje Anyès ki sen, vyèj e mati. Se yon fèt ki nou sonje
Lavyèj Mari, li menm ki te akouche sovè a pou nou. Nan peyi Repiblik Dominikèn
y’ap fete manman sa a jodi a, sou vokab Notre-Dam Altagras, ki se patwòn peyi
sa a. Nan mistè anonsyasyon an Bondye
fè li moun nan vant Mari ki vyèj. Bondye fè li piti. Bondye vin yon ti bebe.
Nan mistè Enkanasyon an, Bondye vin pwoche pi pre moun pou li kapab sove
moun ; Bondye vle viv lavi moun pou l’ kapab sove moun nan nèt san rezèv.
Nan mistè Anonsyasyon an, limanite, nan pesonaj Mari, li akeyi, li aksepte plan
Bondye :« Se pou sa fèt jan w’ di a ». Maurice Zundel ekri : «
Nan ti Jezi ki se pitit Bondye epi Pitit moun, Mari akouche limanite». Nan fyat
anonsyasyon an, genyen adezyon pa nou tout.
Frè m’ ak sè m’ yo, si n’ ta fè yon ti gade nan yon bèl atik Benwa XVI ekri
nan Ekzòtasyon Verbum Domini, kote
li mansyone Lavyèj Mari, kote pè Sinòd yo te deklare ke objektif fondamantal
XIIe asanble sa a, se te avan tou « Renouvle lafwa Legliz la nan
Pawòl Bondye a » ; se pou sa li nesesè pou yo chache kote ki gen
resipwosite ant pawòl Bondye a ansanm avèk la Fwa ki gen yon bon antant oubyen
akonplisman ; sa vle di, nan Lavyèj Mari, «gras ak (fyat) wi li te di avèk
pawòl alyans la, li akonpli vokasyon divin li pou tout limanite ».
Reyalite imèn nan, ki kreye ak pawòl la, li jwenn akonplisman li an nan lafwa Mari
kò moun ki te obeyi. Depi Anonsyasyon an jiska Lapannkòt, Mari toujou prezante
l’avèk nou kòm totalman disponib avèk volonte volonte Bondye. Li se Imakile
Konsepsyon, li menm ki « ranpli avèk la Gras » Bondye (cf.Lk 1,28),
dosil avèk pawòl Granmèt la yon fason enkondisyonèl (Lik 1,38). Lafwa nan
obeyisans li genyen plase ekzistans li chak moman nan inisyativ Bondye. Vyèj ki
alekout, li viv nan plen sentoni ak volonte Bondye, tout evènman lavi pitit li,
li gade yo nan kè l’ pandan li òdone yo nan yon sèl mozayik. Zanmi Jezikri yo,
nan siyaj wi Lavyèj Mari a, se pou wi nou renouvle chak maten. Se pou tout
desizyon nou se yon « Wi » ak volonte Bondye, pou Lespri Sen an kapab
reyalize nan kè nou travay la gras ak santifikasyon pou glwa Bondye kapab tabli
nan mitan nou. Kote nou kapab gen yon sosyete tou nèf, yon Legliz tou nèf avèk
yon pèp ki gen kè yo tou nèf pou Akeyi Wayòm Bondye a pou yon mond nouvo ki
lave nan san Mouton an. Amèn.
LAPRIYÈ : Bondye, ou gen tout pouvwa, ou
ekziste tout tan. Sa ki fèb sou tè a, se yo menm ou
chwazi, pou ou fè sa ki gen fòs yo bese tèt yo. N’ap fè sonje jou fèt Anyès. Li
sen, li te pase mati pou ou. Tanpri, fè nou rive gen menm pèseverans li te
genyen nan lafwa a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Konbyen fwa mwen bay Bondye yon repons pozitif
nan lavi mwen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario