Páginas

DIMANCH 24

Koulè Vèt
TWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Yo li nan liv Lalwa a, yo konprann, lè yo li a".
NAN LIV NEEMI  8, 2-4a; 5-6. 8-10
Jou sa yo:
Prèt Esdras pote Liv lalwa a devan foul gason yo ak fi yo, ak tout moun ki te kapab konprann, nan premye jou mwa septanm nan. Li li ladan l’, avèk yon vwa byen klè, sou laplas la, ki te devan pòt dlo yo, depi nan maten jouska midi, devan gason yo ak fi yo ak saj yo; zòrèy tout pèp la te drese nan direksyon liv la.
Esdras, skrib la, te kanpe sou yon estrad an bwa, yo te fè l’ pou l’ te kapab pale. Esdras louvri liv la devan tout pèp la (li te depase wotè tout pèp la nèt), kon l’ louvri l’, tout pèp la kanpe. Esdras fè konpliman pou Granmèt Bondye ki gran an, tout pèp la reponn: "Amèn, Amèn", antan y’ap leve men yo. Yo plwaye kò yo, yo adore Bondye, plat atè.
Yo li nan liv Lalwa Bondye a yon fason poze, yon fason klè pou moun kapab konprann; yo konprann pandan y’ap li a. Neemi (sa vle di Atesata) ak Esdras, prèt la ak skrib la, ak mesye nan ras Levi yo, yo t’ap eksplike tout pèp la: "Se yon jou ki sen pou Granmèt Bondye nou an, pa rete tris, pa kriye". Sèke tout pèp la t’ap kriye, lè l’ tande pawòl Lalwa a. Li di yo: "Ale, manje bon vyann, bwè bon diven, voye pòsyon bay moun ki pa t’ pare manje, paske jou Granmèt sa a sen. Pa ret tris: kè kontan Granmèt la se fòs nou".
Pawòl Granmèt la
SÒM  18, 8. 9. 10. 15
R/ Pawòl ou yo, Granmèt, se Lespri ak lavi.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nanm,temwayaj Granmèt la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vrè, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch mwen yo fè ou plezi, ni refleksyon kè m’ yo devan fas ou, Granmèt, ou menm k’ap ede m’, ou menm ki delivre m’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Nou se kò Jezikri, nou youn se manb lòt".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN YO 12, 12-30
Frè m’ yo:
Menm jan kò a li yon sèl, men li gen anpil manb, tout manb kò a, malgre yo anpil la, se yon sèl kò yo fè: se konsa tou pou Jezikri. Reyèlman se nan yon sèl Lespri a nou tout nou batize nan yon sèl kò, swa Jwif, swa payen, swa esklav, swa moun lib; epi nou tout se nan yon sèl Lespri, nou pase swaf nou. Sèke kò a se pa yon sèl manb, men se anpil. Si pye a t’a di: "Mwen pa men an, mwen pa fè pati nan kò a"; èske poutèt sa li pa t’a fè pati nan kò a? Epi si zòrèy la t’a di: "Mwen pa je a, mwen pa fè pati kò a"; èske poutèt sa li pa t’a fè pati nan kò a? Si tout kò a se te je, kote yo t’a tande? si tout bagay se te kote pou yo tande, ki kote pou yo t’a santi?
Men koulye a Bondye poze manb yo, yo chak nan kò a, jan l’ vle. Si tout bagay se te yon sèl manb, kote kò a t’a ye? Men koulye a gen anpil manb, men se yon sèl kò ki genyen. Konsa je a pa kapab di men an: "Mwen pa bezwen ou; oubyen tèt la non plis tou pa kapab di pye yo: "Nou pa nesesè pou mwen".
Dayè plis yo konsidere manb kò a kòm pi fèb, se plis yo nesesè; manb yo nan kò a nou panse ki pi fè nou wont yo, se yo menm menm nou vlope ak plis konsiderasyon; sa ki pa kapab parèt sou moun yo nan nou an, se yo menm ki jwenn plis respè. Manb nou yo ki gen bon plas yo, yo pa bezwen yo trete yo avèk okenn respè; men Bondye ranje kò a yon fason pou manb ki pa gen respè, yo ba l’plis respè; pou pa gen divizyon nan kò a, men pou manb yo youn okipe lòt. Epi, si yon manb ap soufri, tout manb yo ap soufri ansanm avèk li; si yon manb jwenn konpliman, tout manb yo kontan ansanm avèk li.
Nou menm nou se kò Jezikri, epi nou youn se manb lòt. Bondye mete kèk nan Legliz la dabò kòm apot, dezyèmman kòm pwofèt, twazyèmman kòm savan sakre, aprè sa se mirak yo, epi se gras yo pou geri, pou konsole, pou dirije, se kapasite pou pale tout kalite lang, pou bay sans pawòl yo. Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun se savan sakre? Èske tout moun kapab fè mirak? Èske tout moun gen gras yo pou geri? Èske tout moun kapab pale lang? Èske tout moun kapab bay sans pawòl yo?
Pawòl Granmèt la
LEVANJIL
"Jodi a Pawòl sa a ki ekri a reyalize".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 1-5; 4, 14-21
Kòm anpil moun te eseye konpoze liv pou rakonte bagay yo ki rive nan pami nou yo, daprè sa yo ki te wè depi nan kòmansman an epi ki te sèvitè pawòl la yo te transmèt nou; mwen menm tou, lè m’ fin ekzamine tout bagay afon depi nan kòmansman, mwen deside pou m’ekri pou ou nan lòd, monchè Tewofil, pou w’ kapab konnen verite pawòl sa yo ou te aprann nan.
Lè sa a:
Jezi tounen nan fòs Lespri a nan Galile a; repitasyon l’ gaye nan tout rejyon an. Li t’ap anseye nan sinagòg yo, tout moun t’ap fè lwanj li.
Li rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan; li antre daprè abitid li nan sinagòg la jou saba a, li leve pou l’ fè lekti a. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Lè l’ dewoule liv la, li jwenn kote ki ekri a:
Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè kraze yo, preche delivrans bay prizonye yo, preche limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap maltrete yo an libète, preche yon ane ki fè Granmèt la plezi, yon jou l’ap bay rekonpans".
Li woule liv la, li renmèt sèvitè a li, li chita. Nan sinagòg la, tout je te fikse sou li. Li kòmanse di yo: "Jodi a Pawòl sa a ki ekri a reyalize nan zòrèy nou".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Nan twazyèm dimanch tan senp Ane C a, nou pwoklame Levanjil sen Lik la. Se Levanjil sa a n’ap pwoklame pandan tout dimanch lane litijik la. Nan pasaj nou li jodi a, sen Lik ekri zanmi li Teofil pou l’ kapab fè l’ konnen verite pawòl li t’aprann yo, pawòl ki pale sou lavi Jezi nan Levanjil la. (Lik 1,4). Sa vle di chak fwa nou li epi nou medite pawòl Levanjil la, nou kapab konprann pi plis toujou lavi ak misyon Jezi te vin reyalize nan mitan lèzòm.
Pawòl Levanjil la, se yon pawòl ki gen lavi epi ki bay lavi. Lavi pou tout moun, lavi ki p’ap janm fini an. Nan moso Levanjil nou pwoklame jodi a, nou rankontre Jezi k’ap anseye nan sinagòg yo. Levanjil la di nou: Jezi tounen nan fòs Lespri a, repitasyon l’ gaye nan tout rejyon an, tout moun t’ap fè lwanj li. Nan Jezi, pawòl la tounnen moun, pawòl sa a ki se pawòl Bondye a, se yon mesaj pou limanite, se yon bòn nouvèl pou tout kretyen vivan sitou pou sa ki pi pòv yo. Jezi li liv pwofèt Izayi a, li di: Lespri Granmèt la sou mwen, se pou sal li sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo kraze, pote limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap maltrete yo an libete, preche yon lane ki fè Granmèt la plezi, yon jou l’ap bay  rekonpans.
Pawòl sa yo tounen reyalite nan lavi ak nan misyon Jezi sou tè a. Chak fwa nou medite Levanjil la, lafwa nou vin pi dyanm e nou kapab dekouvri kijan  pawòl Jezi yo te toujou gen fòs paske li toujou viv daprè sa li di.
LAPRIYÈ: Granmèt, puiske m’ap koute pawòl ou a chak jou, fè nou gen kouraj mete yo an pratik nan lavi mwen. Ede m’ viv nan renmen ak solidarite ak frè ak sè m’ yo, paske se konsa m’ap montre mwen se patizan w’ tout bon vre.

PWOPOZISYON: Mwen vle tounen sèvitè Pawòl Bondye a, sitou nan makonnen li avèk lavi m’ap viv chak jou dekwa pou anpil moun kapab pran chemen konvèsyon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario