Páginas

SAMDI 23

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Kijan vanyan sòlda yo fè tonbé nan lagè a"?
KÒMANSMAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 1, 1-4. 11-12. 19. 23-27
Jou sa yo:
David tounen lè l’ fin touye Amalèk la, li rete Siklèg de jou. Sou twazyèm jou a, gen yon mesye ki parèt, ki vin sot nan lame Sayil la, manto l’ chire, pousyè kouvri tèt li; kon l’ rive devan David, li tonbe sou fas li atè a, li salye. David di l’: "Kote ou sòti"? Li di l’: "Nan lame Izrayèl yo mwen sòti, mwen sove". David di l’: "Ki bagay ki rive? Rakonte m’". Li di: "Pèp la sove sot nan batay la, anpil moun tonbe nan pèp la, yo mouri; menm Sayil ak Jonatan, pitit li a, yo mouri".
David pran rad li, li chire yo, tout moun yo ki te avèk li a fè menm jan; yo plenn yo kriye, yo fè jèn jous aswè sou Sayil ak sou Jonatan pitit li a, ak sou pèp Granmèt la, ak sou kay Izrayèl la, poutèt yo te tonbe anba kout epe a:
"Vanyan sòlda Izrayèl yo sou mòn ou yo yo touye yo. Kijan vanyan sòlda yo fè tonbe?
Sayil ak Jonatan, ki te merite yo renmen yo, ki te bèl nan lavi yo, jous nan lanmò a yo pa separe; yo te rapid tankou malfini, yo te gen fòs tankou lyon.
Fi Izrayèl yo, kriye sou Sayil, li menm ki te konn abiye nou ak vlou ak dousè, li menm ki te konn ofri dekorasyon lò pou seremoni nou yo.
Kijan vanyan sòlda yo fè tonbe nan lagè a?
Jonatan mouri sou wotè ou yo. Mwen gen lapenn pou ou, frè m’ Jonatan, ou menm ki te pi bèl, ki te merite yo renmen ou pi plis pase renmen medam yo. Tankou yon manman renmen yon sèl pitit li a, se konsa mwen te renmen ou.
Kijan moun ki gen fòs yo fè tonbe, yo mouri, moun ki gen abitid fè lagè yo?"
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2-3. 5-7
R/ Klere fas ou, Granmèt, n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon,
Ou menm k’ap kondui Jozèf tankou mouton an,
Ou menm ki chita anlè Cheriben yo, klere.
Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.

Granmèt Bondye lame yo,
Jouskilè w’ap fè kòlè sou priyè pèp ou a?
Ou fè nou manje pen dlo ki sot nan je nou,
Ou ba nou bwè nan dlo ki sot nan je nou kont kò nou.
Ou fè nou vin tounen kontradiksyon pou vwazen nou yo,
Ènmi nou yo ap pase nou nan jwèt.R.
LEVANJIL
"Moun lakay li yo t’ap di: "Li pèdi bon sans li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK   3, 20-21
Lè sa a:
Jezi rive avèk disip li yo nan yon kay, foul la rive ankò, atèl pwen yo pa t’ kapab menm manje yon moso pen. Lè moun kay li yo tande sa, yo pati pou yo pran l’; yo t’ap di: "Li pèdi bon sans li".
REFLEKSYON: Jodi a, nou wè se moun lakay Jezi ki oze di li pèdi tèt li (Mak 3,21). Yon lòt fwa ankò nou dekouvri verite pwovèb la: «Yon pwofèt jwenn respè toupatou, eksepte nan peyi l' ak nan fanmi li» (Mt 13,57). Kòmantè sa yo pa fè okenn efè sou Lasent Vyèj Mari, puiske depi nan kòmansman pou rive jous nan dènye moman nan pye lakwa a, li te toujou kenbe yon lafwa ki fèm, ki solid nan Pitit li a.
E nou menm? An nou ekzamine pwòp tèt nou ak lavi nou! Konbyen moun k’ap viv bò kote nou, nan lantouraj nou, ki se yon limyè nan lavi nou? Nou pa bezwen ale twò lwen pou nou jwenn yon ekzanp: ann panse ak pap Jan Pòl II; konbyen moun ki te konn suiv li?, epi konbyen moun ki te konsidere li tankou yon nèg ki pèdi tèt li? Èske sa posib pou yo kontinye ap kloure Jezi sou lakwa pou delivrans nou de mil an aprè, epi nou menm pou nou kontinye ap di «Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè» (Cf. Mk 15,32).
Okontrè, si nou fè jefò pou nou sanble ak Jezi chak jou pi plis, prezans nou p’ap sanble yon bagay ki initil bò kote lòt yo, sa vle di, moun lakay nou, konpayon travay nou, elatriye. Petèt prezans nou kapab plis jennen lòt yo, paske l’ap toujou raple yo yon devwa. Sa se yon bagay ki sèten! «Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou» (Jan 15,20). Akoz mokri yo y’ap kache laperèz yo, akoz dezenteresman yo, y’ap defann parès yo.
Konbyen fwa moun akize nou de ekzajerasyon, nou menm katolik? Nou dwe reponn yo, nou pa ekzajere ditou, paske lanmou pa janm ekzajere. Men si nou radikal, se paske se konsa lanmou an ye: «swa li bay tout oubyen li pa bay anyen», «swa lanmou an touye egoyis la, oubyen egoyis la touye lanmou an».
Se poutèt sa Pap Jan Pòl II ki jwenn plas li bò kote Bondye, te raple nou ke Levanjil la radikal, e li di nou «piga nou pè»: « Si n’ap travay pou kòz Wayòm Bondye a, nou pa gen tan pou nou gade dèyè, mwens toujou pou nou tonbe nan pares» (Sen Jan Pòl II).
LAPRIYÈ: Jezi, ou menm ki pa t’ jwenn konsiderasyon nan fanmi w’, nou menm tou pafwa yo konn vle fè nou kwè nou fou nan predikasyon Levanjil la. Tanpri, ba nou fòs ak kouraj pou nou kontinye travay sa a san pran souf. Amèn.
PWOPOZISYON: Pa kite pèsonn dekouraje w’ nan travay Bondye a. Lafwa ou se konviksyon ou. Piga fè bak.

No hay comentarios:

Publicar un comentario