Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Pale,
Granmèt, paske sèvitè ou ap koute »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 3, 1-10. 19- 20
Jou sa yo :
Ti Samyèl t’ap sèvi Granmèt la devan Eli ; pawòl
Granmèt la te ra nan jou sa yo ; pa t’ gen vizyon ki te parèt. Rive yon
jou Eli te kouche nan plas li, je l’ te vwale, li pa t’ kapab wè. Anvan lanp
Bondye a te etenn, Samyèl t’ap dòmi nan tanp Granmèt la, kote ach Bondye a te
ye a.
Granmèt la rele : « Samyèl » ; li
reponn, li di : « Men mwen ». Li kouri kot Eli, li di :
« Men mwen, paske ou rele mwen ». Li reponn : « Mwen pa
rele ou, pitit mwen ; tounen al dòmi ». Granmèt la rekòmanse rele Samyèl ankò. Samyèl leve, l’al kot Eli, epi li di :
« Men mwen, paske ou rele mwe ». Li reponn : « Mwen pa rele
ou, pitit mwen ; tounen, epi dòmi. » Samyèl pa t’ ko konnen Granmèt
la, pawòl Granmèt la pa t’ devwale ba li.
Granmèt la rekòmanse ankò, li rele Samyèl pou twazyèm fwa
a; li leve, 1’al kot Eli, li di: « Men mwen, paske ou rele-mwen ».
Eli konprann atò se Granmèt la ki te rele pitit la, epi li di Samyèl :
« Ale epi dòmi ; epi si yo rele ou ankò, w’a di : « Pale,
Granmèt, paske sèvitè ou ap koute ».
Samyèl grandi, Granmèt la te avèk li. Okenn nan pawòl li
yo pa t’ tonbe atè. Depi Dan jous Bèsabe, tout Izrayèl rekonèt Samyèl kòm
pwofèt fidèl Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39,
2 e 5. 7-8a. 8b-9. 10.
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè
volonte ou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann, Granmèt la, li panche
sou mwen. Ala kontantman pou moun ki mete esperans li nan Granmèt la, ki pa
gade moun k’ap leve tèt yo, k’ap panche nan manti.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen
di : “men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè
volonte ou.
Bondye mwen, mwen dakò, lalwa ou la nan zantray mwen.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men
mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
LEVANJIL
« Li geri
anpil moun ki t’ap soufri ak divès maladi »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 29- 39
Lè sa a :
Pandan Jezi ap sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon
ak Andre avèk Jak ak Jan. Bèlmè Simon an te kouche avèk lafyèv, menm lè a yo
pale l’osijè l’. Li pwoche, li soulve l’, li kenbe men l’; menm lè a
lafyèv la pati, epi li t’ap sèvi yo.
Lè aswè rive, pandan solèy la t’ap kouche, yo mennen tout
moun ki malad ba li, ni moun ki gen demon ; tout vil la te rasanble devan
pòt la. Li geri anpil moun ki t’ap soufri avèk divès maladi, li chase anpil
demon ; li pa t’ kite yo pale, paske yo te konnen l’.
Granmaten, li leve, li sòti, 1’al nan yon kote ki dezè,
epi li t’ap priye la. Simon menm rapousuiv li, ni moun ki te avèk li yo; lè yo
jwenn li, yo di l’: “Se tout moun k’ap chèche ou”. Li di yo :
«An al nan bouk yo ki tou pre yo ak nan vil yo, pou nou preche la ; se pou
sa menm mwen vini. Li t’ap preche nan sinagòg yo, ak nan tout Galile a, li t’ap
chase demon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute ». Sèlman repons sa ke Samyèl
bay Granmèt la, sa ta dwe sifi pou nou analize pwòp relasyon nou ak Bondye, ak
pwochen nou epi ak pwòp tèt nou. Genyen 2 mo nan fraz sa ki kapab fè n’
dekouvri vrè sans yon relasyon ; kit se yon relasyon ant 2 moun oubyen ant
yon moun ak Bondye. Nan yon konvèsasyon toujou genyen 2 moun pou pi piti, lè
youn ap pale, lòt la koute. Atansyon! Se vre nan yon
konvèsyon li fasil pou pale men èske se tout sa ou di ki gen sans ? Èske
fè silans vle di koute ? Koute oubyen pale, kisa ki egzije plis efò lakay
nou? Pafwa lè nou grangou oubyen nou genyen yon pwoblèm, nou konn di : pou
pwoblèm ke m’ genyen la a, mwen pa ka pale e nou konn ajoute pou n’
di : sa ki nan kò mwen, menm si w’ ta di mwen mil bagay mwen p’ap koute.
Sa fè nou konprann ke pale ak koute, se 2 bagay ki mache ansanm. Si youn pa
fonksyone se kòm si lòt la pa t’ gen valè. Se eksperyans sa Samyèl fè ak
Granmèt la. Pandan lontan Granmèt la ap rele Samyèl, men li pa rive koute. San
dout li tande yon vwa ki rele l’ menm li pa ka koute vwa sa. Gras a Eli, alafen
li rive santi vwa sa a se pa nenpòt vwa e ke li dwe reponn. Nou kapad di se sèl
lè nou rive koute vrèman nou ka bay yon repons ki kòrèk. Konbyen fwa nan pòop
eksperyans lavi nou, nou koute ? Konbyen fwa Granmèt la rele nou, nou
tande l’ menm nou pa koute l’ ? Èske li pa tan pou n’ kòmanse koute vwa
Granmèt la ? Jounen jodi a petèt Granmèt la pa rele nou menm jan li te
rele Samyèl la, sa ki fè li ka pi difisil pou n’ tande vwa li k’ap rele nou,
tankou yon kanmarad te ka rele nou, menm an menm tan tou nou ka poze tèt nou
kesyon : konbyen evènman nan lavi nou ki se yon siy ki fè nou dekouvri
Bondye rele nou ? Premye lekti a envite n’ pou nou atantif ak tout vwa ki
vle pale de lanmou Granmèt la gen pou nou. Se konsa n’a va rive di tankou
Samyèl : « Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute ». Ann kite
Granmèt la travay nan nou ; konsa lavi nou va tounen yon temwanyaj.
LAPRIYÈ : Granmèt ede m’ fè zòrèy mwen pi
sansib pou m’ ka tande vwa w’ atravè rèl tout moun k’ap soufri yo. Amèn !
PWOPOZISYON : Ann aprann tande lòt yo,
konsa n’a dekouvri vwa Granmèt la nan lajwa yo oubyen nan soufrans yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario