Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Izrayèl
tonbe, yo pran ach Bondye a »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 4, 1-11
Rive jou sa yo, Filisten yo rasanble pou batay ;
Izrayèl sòti devan Filisten yo nan batay la, yo kanpe bò Wòch sekou a. Filisten
yo rive nan Afèk, yo leve epe kont Izrayèl. Nan kòmansman batay la, Izrayèl
vire do bay Filisten yo ; nan batay sa a gen apeprè kat mil gason ki tonbe
nan rak bwa yo tout kote.
Pèp la tounen nan kote joupa yo te ye a, chèf Izrayèl yo
di : « Pouki sa Granmèt la frape nou jodi a devan Filisten yo? An nou
fè chèche ach alyans Granmèt la sot Silo, 1’a vin nan mitan nou, pou l’ sove nou
sot nan men ènmi nou yo ».
Pèp la voye nan Silo, yo pran ach alyans Granmèt lame yo
ki chita sou Cheriben yo. De pitit Eli yo te avèk ach alyans Bondye a, Ofni ak
Fineyès. Lè ach alyans Granmèt la rive nan kote tant yo ye a, tout Izrayèl rele
byen fò, tè a sonnen.
Filisten yo tande vwa rèl la, yo di : « Ki
kalite vwa gran rèl sa a nan kan Ebre yo » ? Yo rekonèt se ach
Granmèt la ki te vini nan kan an. Filisten yo vin pè, yo di: “Bondye vin
nan kan an”; yo plenn, yo di: « Madichon pou
nou! Pa t’ gen tout kontantman sa a ni yè ni avantyè. Madichon pou nou !
Kilès k’ap sove nou sot nan men dye sa yo ki gran anpil la ? Se dye sa yo,
ki te frape Ejip la ak tout kalite chatiman nan dezè a. Se pou nou ankouraje,
se pou nou gason, Filisten yo, pa sèvi Ebre yo, tankou yo menm yo te sèvi nou
an : pran kouraj, batay. »
Filisten yo batay, Izrayèl tonbe, chak moun sove nan tant
li, vin gen yon gran chatiman, trant mil sòlda tonbe nan Izrayèl. Yo pran ach
Bondye a, de pitit Eli yo mouri tou, Ofni ak Fineyès.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 43,
10-11. 14-15. 24-25
R/ Delivre nou, Granmèt, poutèt mizerikòd
ou a.
Koulye a menm ou rejte nou, ou fè nou wont, ou pa sòti
avèk lame nou yo, Bondye. Ou fè nou vire do devan ènmi nou yo, moun ki rayi nou
yo, yo piye nou.R.
Ou fè nou vin tounen wont pou vwazen nou yo, rizib ak
jwèt pou sa yo ki alantou nou yo. Ou fè nou vin tounen pwovèb nan nasyon yo,
pèp yo ap souke tèt sou nou.R.
Leve, pouki sa w’ap dòmi an, Granmèt ? Leve, pa
repouse nou pou tout tan. Pouki sa w’ap vire fas ou a, ou bliye malè nou ak
tray nou » ? R.
LEVANJIL
“Lèp la pati
sot sou li, li vin geri”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 40-45
Lè sa a:
Yon lepre vin kot Jezi, li priye l’, li met ajenou, li di
l’ : « Si ou vle, ou kapab pwòpte m’ ». Jezi menm pran pitye pou
li, li lonje men l’, li touche l’, li di l’ : « Mwen vle, se pou ou
pwòpte ». Kon l’ di sa, menm lè a lèp la pati kite l’, li pwòpte.
Li menase l’ menm lè a li ranvwaye l’ sèk; li di l’:
“Gade, pa di pèsòn sa; men ale, fè chèf prèt yo wè ou, ofri pou gerizon ou nan,
sa Moyiz te kòmande a, kòm temwayaj pou yo”.
Men li menm menm li pati, li kòmanse deklare bagay la, li
gaye nouvèl la, atèl pwen li pa t’ kapab parèt aklè pou l’ antre nan yon vil.
Men se deyò nan kote dezè yo li te rete, yo te sot tout kote pou yo vin jwenn
li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Prezans Bondye nan mitan
nou, se pa yon mwayen pou nou kouvri tout sa ki mal ni pou nou konbat sèlman
kont lènmi nou yo. Gen moun ki panse yo ka itilize Bondye menm jan yo itilize
lòt moun pou zafè pèsonèl yo. Se pa vre. Si Bondye li menm ki gran, ki Wa, li
pa chache itilize nou pou kisa nou menm nou panse nou gen plis entèlijans pase
li?
Nou konn wè anpil vòlè, zenglendou, kriminèl,
gangstè, dilè dwòg, elatriye, k’ap mache anpil fwa ak yon chaplè nan kou yo
tout jounen oubyen devan machin yo, si w’ ta poze yo kesyon, ou konn lapriyè ak
chaplè? Yo va reponn ou: “m’ pa gen tan pou bagay sa
yo”.
Nan levanjil la nou wè kijan Jezi te menase moun ki te gen lèp la pou
l’ pa pale de sa Bondye fè pou li. Men nèg sa li te geri a te tèlman gen yon kè
kontan ki t’ap debòde, li pa t’ santi li te kapab rete bouch be; se konsa li
kouri al gaye nouvèl la. Kilès moun jounen jodi a ki ta gen kansè oubyen sida
oubyen yon lòt maladi grav, epi li ta jwenn gras Granmèt la, pou li pa ta monte
sou yon tèt mòn pou l’ sonnen klòch remèsiman l’. Lè yon moun bay temwayaj de
sa Bondye fè pou li, se paske li kontan, li santi li libere, li se yon moun
nouvo. Dife lajwa sa a ki limen anndan kè w’ e kif è w’ap pale de grandè Bondye
nan lavi ou la, si m’ ta di w’ li pi gran ke maladi ou te genyen an, w’ap dim
manti! Li tèlman grav, lè w’ te malad la ou te ka kache pou tout moun pa konn
vi pèsonèl ou, ou te ka viv li sèlman ak doktè k’ap swaye w’ la ak lòt moun
pwòch ou, men m’asire ou ke kontantman Bondye ba ou a, si ou pa pale li pou
tout moun tande l’, ou ka pran lari, w’ap tonbe pale pou kont ou, w’ap tonbe ri
pou nenpòt ti krik ti krak jiskaske ou chache remèd pou maladi w’ la ki se
temwaye grandè Bondye devan tout moun san pèrèz. Jodi a, an nou repase
lavi nou pou nou wè ki kalite mèvèy Bondye fè pou nou. An nou di li mèsi.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt m’ap
mande ou fòs ak kouraj pou m’ temwaye sa w’ fè pou mwen, pou tout moun ka
konnen grandè ou, pouvwa ou ak mizerikòd ou.
PWOPOZISYON: Mande
Granmèt la gras ak kouraj pou temwaye sa l’ fè nan lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario