Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« N’ap
rele devan fas wa nou an, Granmèt la p’ap koute nou, paske se nou menm ki te
mande yon wa pou nou »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 8, 4-7. 10-22a
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl yo rasanble, yo vin kot Samyèl nan
Ramata, yo di l’ : « Men ou fin vye, epi pitit ou yo pa mache nan
chemen w’ yo : enstale yon wa pou nou, pou l’ jije nou, menm jan tout
nasyon yo genyen an ». Samyèl priye kot Granmèt la. Granmèt la menm di
Samyèl : « Koute vwa pèp la nan tout sa yo di ou ; sèke se pa ou
menm yo rejte, men se mwen menm, pou m’ pa kòmande sou yo kòm wa ».
Konsa Samyèl di pèp la tout pawòl Granmèt la, pèp sa a ki
te mande l’ yon wa a, li di : « Men dwa wa a, k’ap kòmande sou nou
an. L’ap pran pitit gason nou yo, l’ap mete yo sou charyo li yo, l’ap fè yo vin
tounen kavalye l’, l’ap fè yo kouri devan kabwèt li yo ; l’ap fè yo sèvi
kòm chèf lame l’ak chèf eskwad li kòm kiltivatè jaden l’ yo ak moun k’ap keyi
fwi pou li, moun k’ap fè zam ak charèt li. Pitit fi nou yo tou, l’ap fè yo sèvi
kòm moun k’ap prepare losyon pou li, k’ap fè manje pou li, k’ap fè pen. Ni jaden
nou yo tou ak pye rezen nou yo ak pye oliv nou yo ki pi bon yo, l’ap pran yo,
l’ap bay sèvitè l’ yo. Ata fwi nou yo, ak rekòt rezen nou yo, l’ap fè nou ba l’
dizyèm pòsyon nan yo, pou l’ bay minis li yo ak sèvitè l’ yo. Menm sèvitè nou
yo ak sèvant nou yo, ak jèn jan nou yo ki pi bon yo, ak bourik nou yo, l’ap
pran yo, l’ap mete yo nan travay li. Ni mouton nou yo tou, l’ap fè nou bay
dizyèm pòsyon sou yo, n’ap vin tounen esklav li. N’ap rele jou sa a devan fas
wa nou an, sa nou te chwazi pou nou an ; men Granmèt la p’ap koute nou jou
sa a, paske nou te mande yon wa pou nou ».
Pèp la pa t’ vle koute vwa Samyèl, men yo di :
« Pa ditou : nou bezwen yon wa sou nou, nou menm tou se pou vin
tounen tankou tout nasyon yo, wa nou an ap jije nou, l’ap sòti devan nou, l’ap
batay nan lagè nou pou nou. Samyèl koute tout pawòl pèp la, li repete yo nan
zòrèy Granmèt la. Granmèt la menm di Samyèl : « Koute vwa yo, enstale
yon wa sou yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88,
16-17. 18-19
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap
chante l’.
Ala kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman ;
Granmèt, nan limyè fas ou y’ap mache, o non ou y’ap fete tout jounen, nan
jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
Sèke se ou menm ki glwa pouvwa yo, se nan bon plezi ou
kòn nou leve, paske zam defans nou se pou Granmèt la, pou sen Izrayèl la, wa
nou an.R.
LEVANJIL
« Pitit
moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’efase peche yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 1-12
Aprè kèk jou, Jezi tounen ankò Kafanawòm. Lè yo tande li
te nan kay la, anpil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun
menm nan pòt la, li t’ap anonse yo pawòl la. Yo vin kote l’, antan y’ap pote
yon moun ki pa t’ kapab mache, se kat moun ki t’ap pote l’. Kòm yo pa t’ kapab
prezante l’ ba li akòz foul la, yo defèt plafon an kote l’ te ye a, yo louvri
l’, yo glise kabann nan kote moun nan ki pa t’ kapab mache a te kouche a. Lè
Jezi wè lafwa yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a : « Pitit
mwen, peche ou yo efase ».
Te gen kèk pwofesè la, yo te chita, yo t’ap kalkile nan
kè yo : « Kisa sa a ap di konsa a? L’ap blasfeme. Kilès ki kapab
padonnen peche, si se pa Bondye sèl » ?
Menm lè a Jezi konnen nan espri l’, se konsa yo t’ap
kalkile anndan kè yo, li di yo : « Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an?
Ki sa ki pi fasil pou di moun nan ki pa kapab mache a: « Peche ou yo
efase » oubyen: « Leve, pran kabann ou, mache »? Ebyen pou nou
kapab konnen, Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo, li
di moun nan ki pa t’ kapab mache a : « Mwen di ou : « Leve,
pran kabann ou, al lakay ou ».
Menm lè a li leve, li pran kabann nan, li pati devan tout
moun, atèl pwen tout moun te sezi, yo t’ap fè konpliman pou Bondye, yo t’ap
di : «Nou pa t’ janm wè bagay konsa ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou wè Granmèt la ki antoure
ak yon gwo foul. «Apil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun menm nan pòt
la, li t’ap anonse yo pawòl la» (Mak 2, 2). Kè Jezi dechire lè li wè pwoblèm
moun yo e Li aji pou li te ka soulaje yo : Li padone peche, li bay
lansèyman e, an menm tan tou li fè gerizon. Sou plan materyèl, li bay konkou li
(jodi a li geri yon nèg ki te kokobe), men ofon Jezi ap chache fè sa ki pi bon
toujou pou malad la, sa ki pi enpòtan pou nou chak : guerizon nanm nan.
Jezi vle nou genyen yon esperans ki fèm sou delivrans la: Jezi gen pouvwa
pou padone peche nou epi pataje soufrans moral nou. Premyèman li di: «Pitit mwen, peche ou yo efase» (Mak 2,5). Aprè sa nou wè
li asosye padon peche a ak yon kokenn chenn mirak, ke tout moun te kapab wè. Se
tankou yon garandi sou pa deyò, pou fè nou louvri je nou nan lafwa, lè li fin
deklare kokobe a peche li yo padone, li geri paralizi a : «Mwen di
ou : « Leve, pran kabann ou, al lakay ou. Menm lè a li leve, li pran
kabann nan, li pati devan tout moun» (Mak 2,11-12).
Mirak
sa, nou kapab viv li trè souvan nan Sakreman Penitans la. Atravè pawòl minis
Bondye a pwononse («Mwen padone ou nan non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen
an»), Jezi ofri nou yon lòt fwa ankò, garanti sou pa deyò padon peche a,
garanti ki egal ak espektak gerizon kokobe Kafanawòm nan.
Nou fèk
kòmanse yon nouvo tan òdinè. E Legliz la ap raple kwayan yo kijan li nesesè pou
yo chèche rankontre ak Jezi ki gen yon kè ranpli ak mizerikòd. Se Jezi ki envite nou pou nou louvri
kè nou pou nou kapab ramase abondans gras li.
LAPRIYÈ: O Jezi, ou menm ki gen kè w’ si tèlman ranpli ak mizerikòd,
tanpri aprann nou gen mizerikòd youn pou lòt, pou nou ka gen yon sosyete ki bati
sou lapè. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ pral bwè nan sous
padon Bondye a nan Penitans la, antan m’ap dekouvri sa ki fè mwen se yon kokobe
espirityèlman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario