Páginas

SAMDI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Mwen fè peche kont Granmèt la".
LEKTI DEZYÈM LIV SAMYEL : 2 Sam 12, 1-7a. 10-17
Granmèt la voye Natan kot David. Li rive kote l, li di l: "De mesye te nan yon vil, youn te rich, lòt la te pòv. Rich la te gen mouton ak bèf an kantite; pòv la menm pat gen anyen sof yon sèl ti mouton, li te achte, li te nouri l, li te fè l grandi lakay li ansanm ak pitit li yo, li fè l manje nan pen l, li fè l bwè nan gode l’, li fè l dòmi sou lestomak li: se te tankou pitit fi l. Gen yon etranje ki vin rive kay moun rich la, li menm li evite pran nan mouton l yo ak nan bèf li yo, pou l ofri sou tab devan etranje sa  ki te vin kote l’ la, li pran mouton mesye ki pòv la, li pare manje pou moun nan ki te vin lakay li a".
David fache, li fè kòlè kont mesye sa anpil, li di Natan. "Sou lavi Granmèt la, mesye sa ki fè bagay sa, l’ap mouri; l’ap renmèt kat fwa plis, poutèt bagay sa li fè a, san l pa gen pitye a".
Natan di David: "Se ou menm menm mesye sa a. Se pou sa epe a pap rekile sot nan kay ou ditou, poutèt ou meprize m’, ou pran madanm Uri moun Et la, pou l’ vin tounen madanm ou. Se pousa men pawòl Granmèt la. 'Men m’ap leve male sou ou sot andan kay ou a, m’ap pran madanm ou yo devan je ou, m’ap bay pwochen ou, l’ap dòmi avèk madanm ou yo devan je soley sa. Ou menm ou te aji an kachèt; mwen menm m’ap fè bagay sa a devan tout Izrayèl ak devan solèy la".
David di Natan: "Mwen fè peche kont Granmèt la". Natan di David: "Granmèt la tou padonnen peche ou la, ou pap mouri. Sèlman, poutèt ou fè lènmi Granmèt yo derespekte l akòz bagay sa, pitit la ki fèt pou ou a l’ap mouri". Natan tounen lakay li.
Granmèt la frape ti pitit la, David fè jèn, li antre pou kont li, li kouche atè a. Ansyen yo nan lakay li a rive, yo fòse l’ pou l’ leve sot atè a; li refize menm manje yon ti manje ansanm avèk yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: Sm 50, 12-17
R/ Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye.
Refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m lwen fas ou.
Lespri Sen ou an, pa wete l’ nan mwenR.
Renmèt mwen kè kontan delivrans ou a, asire m’ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann moun ki nan peche yo chemen ou yo,
mechan yo ap tounen vin jwenn ou. R.
Delivre m’ sot nan san yo, Bondye, Bondye delivrans mwen,
lang mwen ap chante jistis ou.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou. R.
LEVANJIL
“Kilès sila a, paske van ak lanmè obeyi l"?
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRE MAK: Mk 4, 35-40
Jou sa a, kòm aswè te fin rive, Jezi di patizan l’ yo: "An nou travèse anfas la". Yo ranvwaye foul la, yo pran l’ jan l’ te ye nan batiman, te gen lòt batiman yo avèk li. Vin gen yon gran tanpèt van; lanm lanmè a t’ap vòltije nan batiman, jis batiman te plen. Li menm menm, li te nan plas gouvènay la, sou kousen an, li t‘ap dòmi; yo reveye l’, yo di l’: "Mèt, a pa ou pa fè anyen, n’ap peri"? Li reveye, li menase van, li di lanmè a: "Silans, pe bouch ou". Van sispann, vin gen yon gran kalmi. Li di yo: "Pouki sa nou manke lodas konsa? Nou pa gen lafwa"? Yo sezi yon gran sezisman, youn t’ap di lòt: "Kilès ou kwè li ye, sila a, paske ni van ni lanmè obeyi l’?
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Jodi a, Granmèt la repwoche disip li yo mank lafwa yo: "Pouki sa nou manke lodas konsa? Nou pa gen lafwa"? (Mak 4,40). Malgre Jezi te deja montre li nan plizyè fason li se Sila Bondye te voye a, disip li po t’ ko janm kwè. Yo pa rann yo kont ke yo ba bezwen pè anyen puiske  Granmèt la nan mitan yo. Yon fason ki byen klè, Jezi fè yon konparezon ant lafwa ak vayans.
Nan yon lòt pasaj nan Levanjil la, fas ak yon sitiyasyon kote Apot yo doute, yo di ke yo poko ka kwè puiske yo po t’ ko resevwa Lespri Sen an. Granmèt la te oblije gen plis pasyans pou li te kapab aprann disip li yo sa men yo t’a pral gen pou yo temwaye ansuit la: temwen ki dyanm e ki gen kouraj. 
Nou menm tou, nou bezwen konnen kilès Jezi ye pou nou tout bon vre.  Nou te resevwa Lespri Sen an ki fè nou kap konprann ke Granmèt la vrèman avèk nou sou chemen lavi a, lè nou chèche fè volonte Papa li tout bon vre. Nou pa gen okenn bon rezon pou nou fè lach. Li se sèl Granmèt Linivè a, « paske ni van ni lanmè obeyi l’» (Mak 4,41), tankou disip yo di sa avèk admirasyon.
Mwen menm, kisa ki fè mwen pè? Èske gen vrè rezon ki fè m’ gen dout sou pouvwa gwo Lanmou Bondye ki san limit pou nou an? Frè nou yo ki te mouri mati te rive jwenn repons kesyon sa a, pa avèk pawòl, men avèk pwòp lavi yo. Se konsa tou, gen anpil frè ak sè nou yo, gras ak konkou lagras Bondye, chak jou, yo fè pwoblèm lavi a tounen mwayen pou yo kapab grandi nan lafwa ak lesperans. E nou menm, poukisa se pa nou? Èske nou pa santi dezi pou nou renmen Granmèt la ak tout lespri nou, tout fòs nou, tout nanm nou?
Se Mari, Sekou kretyen yo, Rèn Apòt yo k’ap ba nou youn nan gwo ekzanp kouraj ak lafwa. Nan pye lakwa a, li te kenbe lanp lafwa li byen limen, lanp sa ki vin tèlman klere jou Rezireksyon an!
LAPRIYÈ: Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye. Amèn.
PWOPOZISYON: Lapriyè pou mande Bondye plis lafwa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario