Páginas

DIMANCH 31

Koulè Vèt
KATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen mete ou kòm pwofèt pou nasyon yo".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 1, 4-5. 17-19
Nan jou Jozyas yo: Pawòl Granmèt la rive kote m’: "Anvan m’ te fòme ou nan vant, mwen te konnen ou; anvan ou te sòti nan vant, mwen te konsakre ou, mwen te mete ou kòm pwofèt pou nasyon yo.
Ou menm, mare ren w’, leve; tout sa m’ kòmande ou, se pou ou di yo li. Pa tranble devan fas yo, ou pa dwe pè devan fas yo.
Mwen mete ou jodi a tankou yon vil ki byen pwoteje, ak yon kolòn fè, epi yon miray kuiv, sou tout tè a: ni pou wa Jida yo, ni pou chèf li yo ak prèt li yo ak pèp peyi a.
Y’ap batay kont ou, yo p’ap ranpòte laviktwa, paske mwen avèk ou, deklarasyon Granmèt la, pou m’ delivre ou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15ab e 17
R/Bouch mwen ap anonse sove ou sove a, Granmèt.
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’wont pou tout tan.Nan jistis ou a delivre m’, epi libere m’;panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou sèvi m’yon sitadèl k’ap pwoteje m’, yon kay byen pwoteje, pou w’ sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou menm.Bondye mwen, wete m’sot nan men pechè a.   R.
Sèke se sou ou mwen konte, Granmèt; Granmèt, ou se esperans mwen depi m’tou jèn, se sou ou mwen apiye depi m’nan vant, depi nan vant manman m’se ou menm ki pote m’.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou a, tout lajounen sove ou sove a.
Bondye, ou ban m’ leson depi m’tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Lafwa, esperans ak charite rete;pi gran an se charite a".
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 12, 31-13, 13
Frè m’ yo:
Se pou nou chèche kado ki pi bon yo. M’ap montre nou chemen ki pi bon an.
Si m’ pale lang lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen charite, mwen tankou yon bout kuiv k’ap sonnen oubyen yon senbal k’ap fè bui. Menm si m’ t’a gen konesans pwofèt, si m’ t’a konnen tout mistè ak tout syans, menm si m’ t’a gen tout lafwa, jous pou m’ fè mòn yo deplase, epi mwen pa gen charite, mwen pa anyen. Menm si m’ ta separe tout richès mwen bay pòv pou yo manje, menm si m’ ta renmèt kò m’ pou yo boule m’, epi mwen pa gen charite, sa p’ap sèvi m’anyen.
Charite a gen pasyans, li gen bon jan, charite a pa fè jalouzi, li pa fè grandizè, li pa gonfle, li pa fè anbisyon, li pa chèche entérè l’, li pa fè kòlè, li pa panse sa k’mal, li pa kontan poutèt enjistis, li kontan okontrè pou verite a: li soufri tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li sipòte tout bagay.
Charite a p’ap janm pase: ni konesans pwofèt yo ap disparèt, ni lang yo ap sispann, ni syans yo ap detwi.Se moso konesans nou genyen, se yon pòsyon konesans pwofèt nou genyen. Lè sa k’kòrèk nèt la ap rive, sa k’manke a ap disparèt. Lè m’ te piti, mwen te pale tankou ti moun piti; mwen te konsidere tankou ti moun piti, mwen te panse tankou ti moun piti; men lè m’ vin granmoun, mwen fè konsiderasyon ti moun yo disparèt. Koulye a nou wè nan glas, nan parabòl, men lè sa a se fas a fas; koulye  a mwen konnen daprè yon ti moso, men lè sa a m’ap konnen menm jan yo konnen m’.
Konsa koulye a lafwa a, esperans la ak charite a, twa sa yo rete ; men pi gran nan yo, se charite a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Tankou Eli ak Elize, se pa pou Jwif yo sèlman yo voye Jezi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 21- 30
Lè sa a:
Jezi kòmanse di nan sinagòg la: "Jodi a pasaj sa a nan sa ki ekri a reyalize nan zòrèy nou". Tout moun t’ap rann li temwayaj; yo te sezi pou pawòl gras ki t’ap sòti nan bouch li, yo t’ap di: "Èske sa a se pa pitit Jozèf la"?
Li di yo: "Sètènman n’ap aplike m sa a: "Doktè, geri pwòp tèt ou"; tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm yo, fè yo isit la tou nan peyi w’ la". Li di:
"Amèn mwen di nou, okenn pwofèt pa jwenn moun lakay ki resevwa l’byen. Se verite mwen di nou, te gen gwo grangou sou tout tè a; men se pa kot youn nan yo yo te voye Eli, sof kot vèv la nan Sarepta Sidon an. Te gen anpil lepre nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize; youn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an".
Tout moun nan sinagòg la te plen ak kòlè, lè yo tande sa. Yo leve, yo chase l’ sot nan vil la; yo kondwi l’ sou tèt mòn nan, kot vil yo a te bati a, pou yo jete l’anba. Li menm menm, li pase nan mitan yo, 1’al fè wout li.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Premye moso Labib la montre nou kòman Bondye renmen chak moun an patikilye depi avan menm li te fèt ; depi lè nou te nan vant manman nou Bondye chwazi nou pou li kapab konsakre nou pou li menm. Se pa sèlman paske li kreye nou epi li pèmèt nou ekziste, men tou paske li rele nou pou yon misyon espesifik nan fanmi nou, nan Legliz la ak nan mond lan. Predileksyon ak konsekrasyon sa a, Bondye manifeste li sou yon fòm sakramantèl nan batèm nan ke nou te resevwa a ki enstitiye nou kòm pè pou nou sèvi entèmedyè ant Bondye ak frè ak sè nou you k’ap viv bò kote nou, nan lantouraj nou; batèm ki enstitiye nou kòm pwofèt pou nou anonse bòn nouvèl delivrans lana k denonse tout reyalite ki pa ale nan menm sansa k volante Bondye; batèm ki fè nou wa pou nou kapab sèvi toutan ak tout kote frè ak sè nou yo.
Twa apèl sa yo Granmèt la fè nou pou nou tounen pè, pwofèt ak wa, se pa bagay ki fasil ditou. Nan plizyè ka yo kapab fè nou pè oubyen fè nou doute sou kapasite nou genyen pou fè travay Granmèt la vle konfye nou oubyen nou kapab pè konsekans sa ka pote pou nou lè nou bay tèt nou nèt pou misyon Kris la. Men esperans nou se nan sila ki voye nou e ki akonpanye nou pou li kapab libere nou. Se poutèt sa, malgre difikilte nou kapab rankontre lè n’ap mache avèk Jezikri, nou kapab ansanm ak salmis la chante avèk bouch nou delivrans Granmèt la ki panche zòrèy li pou li kapab tande plent nou yo e pou li kapab delivre nou anba pouvwa mechan yo.
Granmèt voye nou, men li pa voye nou reyalize misyon sa a ak men nou vid; men li ranpli nou avèk karism, avèk don, pou nou kapab akonpli misyon an nan fason ki pi bon an. Po usa, Sen Pòl ekzòte nou pou nou kouri dèyè karism ki pi bon yo, pou nou kapab sèvi pèp Bondye a pi byen, paske pi bon don an se pa don pwofesi oubyen don pou nou pale; okontrè se don renmen an. Renmen Kris la se yon fòs ki pouse nou, ki pran no unan zantray nou puiske se pa nan nou menm li soti, men nan renmen Bondye gen pou nou an premye a. Se Bondye ki renmen nou an premye e ki chwazi nou depi nan vant manman nou, poutèt sa nou kapab renmen frè nou yo menm si yo pa konprann nou.
Enkonpreyansyon sa a, tout moun ki deside swiv Jezi pa manke rankontre li ansanm ak tout kalite kritik ak tout kalite kòmantè. Men se pa nou ki premye moun ki fè eksperyans bagay sa yo, Jezikri te fè li menm nan pwòp fanmi li.Poutèt sa ni li menm pa t’kapab pwofèt nan peyi li.
Reyalite sa a pa dwe dekouraje nou; okontrè li dwe pouse nou angaje puiske li fè nou konnen ke misyon nou genyen pou nou levanjelize, kòm pè, pwofèt ak wa, no upa gen sèlman pou nou reyalize li nan fanmi nou oubyen nan vwazinaj nou, men nou gen pou nou pote bòn nouvèl la nan tout kwen ki sou fas tè a.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki envite nou bay temwayaj lafwa ane sa a epi apwofondi lafwa nou, ede nou dekouvri don ou te depoze nan nou menm ak nan ki fason nou kapab ede anndan Legliz la, pou m’ kapab viv e reponn ak apèl ou fè mwen kòm pè, pwofèt ak wa.

PWOPOZISYON : Pale de Bondye ak Levanjil la ak yon moun mwen rankontre sou wout mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario