Koulè
Vèt
PREMYE
MOSO LABIB
« An nou sove kò nou devan fas Absalon. Kite Semeyi pou l’ bay madichon,
daprè lòd Granmèt la».
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 15, 13-14. 30 ; 16, 5-13a
Jou
sa yo :
Yon
mesaje vin kot David, li di : « Tout Izrayèl ap suiv Absalon ak tout kè yo ».
David di sèvitè l’ yo ki te avèk li Jerizalèm : « Leve, an nou sove kò nou ;
nou p’ap chape devan Absalon. Fè vit, sòti, pou l’ pa gen tan vin mèt men sou
nou, pou l’ pa fè dezas tonbe sou nou, pou l’ pa frape vil la ak epe ».
David
menm t’ap monte sou pwent tèt mòn Olivye yo, li t’ap redi, li t’ap kriye, li te
pye atè, li t’ap mache, san anyen sou tèt li; ni tout pèp la, ki te avèk li a,
li t’ap monte san anyen sou tèt li, li t’ap kriye.
Wa
David rive jous Bawourim, gen yon mesye ki sòti la, nan ras kay Sayil, yo te
rele l’ Semeyi, pitit Gera; li t’ap mache, toutotan l’ap mache, l’ap bay
madichon, li t’ap voye wòch kont David ak kont tout sèvitè wa yo. Tout pèp la
menm ak tout sòlda yo adwat epi agòch wa a t’ap mache.
Men kijan Semeyi t’ap pale pandan
li t’ap bay wa a madichon an : « Sòti, sòti, kriminèl, pitit Belyal ; Granmèt
la renmèt ou tout san kay Sayil la, sèke ou te pran peyi-wa a nan plas li. Granmèt
la renmèt peyi-wa a men Absalon pitit ou a ; koulye a, malè ou yo ap kraze ou,
paske se kriminèl ou ye ».
Abisayi pitit Savi, di wa a: «Pouki chyen mouri sa a
ap madichonnen mèt mwen ki wa a? M’a prale, m’ap koupe tèt li».
Wa a di: «Ki sa k’ genyen ant mwen menm ak nou menm,
pitit Savi? Kite
l’ pou l’ bay madichon; Granmèt la kòmande l’ pou l’ madichonnen David; kilès
ki gen lodas di pouki l’ap aji konsa a? «Wa a di Abisayi ak tout sèvitè l’ yo:
“Men pwòp pitit mwen, ki sòti nan zantray mwen, l’ap chèche touye m’; nou pa
bezwen mande koulye a atò pou pitit Jemini an. Kite l’ pou l’ bay madichon
daprè lòd Granmèt la. Si petèt Granmèt la te kapab konsidere tray men, pou
Granmèt la renmèt mwen byen nan plas madichon sa a jodi a ».
Konsa
David te kontinye ap mache, ni moun ki te avèk li yo sou wout la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 3, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Leve, Granmèt, sove m’.
Granmèt, se pa ti kras anpil yo anpil, sa yo k’ap fè
m’ pase tray la, yo anpil ki leve kont mwen, yo anpil k’ap di nam mwen : «Pa
gen sove pou li nan Bondye».R.
Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon, glwa mwen, ou
menm k’ap leve tèt mwen. Vwa m’ rele kot Granmèt la, li koute m’antan l’ sou
mòn li ki sen an.R.
Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon somèy, mwen leve,
paske Granmèt la resevwa m’. Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’.
Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R.
LEVANJIL
«Pati,
espri papwòp, sot nan mesye a»
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 5, 1-20
Lè
sa a :
Jezi
rive avèk disip li yo lòt bò lanmè a nan rejyon Gerazenyen yo. Kon l’ sot nan
batiman an, menm lè a gen yon mesye ki kouri sot nan kavo yo, li te gen yon
espri papwòp, se nan kavo yo li te rete, menm ak chenn pèsòn pa t’ kapab reyisi
mare l’; paske anpil fwa, yo te mare l’ak wonn fè ak chenn, li te kase chenn
yo, li te kraze wonn fè yo, pèsòn pa t’ kapab donte l’. Tout tan lajounen ak
nannuit, li te ret nan kavo yo ak nan mòn yo li t’ap rele byen fò, li t’ap
blese kò l’ak wòch.
Lè
l’ wè Jezi depi byen lwen, li kouri, li adore l’. Li rele byen fò, li di: «Ki
sa k’ genyen ant mwen minm ak ou menm, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nèt la? Mwen
sipliye ou pa pouvwa Bondye, pa fè m’ pase mati ». Sèke li t’ap di l’: «Pati,
espri papwòp, sot nan mesye a». Li t’ap poze l’ kesyon: «Ki non ou?» Li di l’:
«Se lejyon yo rele m’, paske se anpil nou ye». Li t’ap
priye l’anpil pou l’ pa chase l’ sot nan rejyon an.
Nan
kote sa a, sou mòn nan, te gen yon bann kochon, yo te anpil, yo t’ap manje.
Espri yo sipliye l’, yo di : «Voye nou nan kochon yo, pou nou antre nan yo».
Menm lè a Jezi ba yo pèmisyon. Espri papwòp yo sòti, yo antre nan kochon yo, ak
yon gran fòs bann nan plonje nan lanmè a, yo te anviwon de mil konsa, yo toufe
nan lanmè a.
Moun
yo ki t’ap gadiyen yo, yo kouri, y’al pot nouvèl nan vil la ak nan jaden yo.
Moun yo sòti, pou yo wè ki sa k’ te rive. Yo vin kot Jezi, yo wè mesye a demon
an te konn ap maltrete a, li te chita, abiye, ak lespri l’ kòrèk, yo sezi. Moun
yo ki te wè a, yo rakonte yo sa k’ te rive mesye a ki te gen demon an, epi
kesyon kochon yo. Yo kòmanse mande l’ pou l’ pati sot nan teritwa yo.
Pandan
l’ap monte nan batiman an, mesye a demon an te konn ap maltrete a priye l’, pou
l’akonpaye l’. Li pa aksepte l’, men li di l’ : «Al lakay ou kot moun ou yo,
anonse yo tout sa Granmèt la fè pou ou, kijan l’ gen pitye pou ou». Li pati, li
kòmanse preche nan Dekapòl la tout sa Jezi te fè ; tout moun te sezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Frѐ ak sѐ m’ yo, an
nou di mèsi Bondye, pou pawὸl li a ki
pote lavi pou nou, pawòl sa a ki se bousὸl k’ap
dirije nou epi nouriti pou nanm nou.
Premye lekti a pale nou sou kòman wa David te tonbe
anba anpil tѐt chaje
paske li pa t’ rete fidѐl ak misyon
Bondye te konfye l’ la. Se
konsa Absalon te tou pwofite pou l’ etabli rèy li nan mitan pѐp la epi anpil
moun te deside swiv li.
David
te oblije mete deyὸ ansanm ak patizan li yo pou Absalon pa t’ met men sou li.
Pandan yo sou wout la, genyen ki t’ap bay David madichon, men David te pran
konsyans e li te toujou kenbe konfyans nan Bondye. Patizan l’ yo te vle frape
moun ki t’ap bal madichon yo, li te di kite yo madichonnen l’, petѐt se Granmѐt
la ki vle l’ konsa, pou l’ te kapab repare mal li te fѐ yo.
Nou
menm jodi a, lѐ Bondye konfye nou yon misyon se pou nou fè li ak kè kontan. Nan
kèlkeswa sitiyasyon, nou pa dwe pèdi konfyans nan Granmѐt la, li menm k’ap
konble nou ak tout kalite benediksyon.
Nan
sòm 3 nou wè David ki pran konsyans de tèt li, l´ap kontanple feblès li, l´ap
mande Granmѐt la sove l’, pwoteje l’anba pѐsekisyon.
Pi
devan, nan Levanjil la, nou wѐ kὸman Jezi libere yon nѐg ki te gen yon pakѐt move lespri sou li, ki t’ap toumante l’, e
menm chenn ak fѐ pa t’ kapab mare l’. Jezi te voye move lespri sa yo nan yon
bann kochon e mѐt kochon sa yo t’ap bay nѐg la pwoblèm antan yo t’ap mande l’
kite zὸn nan paske yo te bay kochon yo plis enpὸtans pase lavi nѐg la ki te
mare anba men dyab la. Se sa k’ fѐ li te pѐ, li te mande Jezi pou l’ monte nan
bato a avѐ l’; men Jezi te mande l’ pou l’al fѐ fanmi l’ yo wѐ li. Se konsa nѐg
la mache gaye bὸn nouvѐl la nan tout zὸn kote l’ te pase, li t’ap fѐ konnen sa Bondye
fѐ pou li.
Jezi bay lavi anpil enpὸtans, se
pou sa li pase tout lavi li ap geri moun, ap leve moun mouri.
An nou pran ekzanp sou Jezi pou nou kapab bay lavi
moun enpὸtans, pou
nou respekte ak defann lavi. Nou dwe pran ekzanp tou sou nѐg ki te
jwenn gerizon an, pou nou pa pè temwaye lanmou, mizerikòd ak grandè Bondye lè
li fè kichòy nan lavi nou.
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, tanpri, fѐ m’ rete
fidѐl ak misyon
ke ou konfye m’, menm si gen gwo van ki souke bato lavi mwen. Amѐn.
PWOPOZISYON
: Bay lavi anpil enpὸtans menm
jan ak Jezi epi respekte lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario