Koulè Blan
PREZANTASYON GRANMÈT LA,
Fèt.
BENDIKSYON
CHANDÈL YO AVÈK PWOSESYON AN
PREMYE MOSO LABIB
«L’ap rive nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a».
NAN
LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4
Men pawòl Granmèt Bondye a:
«Men m’ap voye zanj mwen an, l’ap prepare chemen devan
fas mwen; sanzatann, l’ap rive nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a, epi zanj
alyans la, sa nou anvi wè a».
«Men l’ap vini», deklarasyon Granmèt lame yo. «Epi ki
moun ki kapab panse jou l’ap vini an? Epi ki moun ki kapab kanpe pou l’ gade
l’? Sèke li menm li tankou dife nan fòj, tankou plant k’ap sèvi pou lesiv, l’ap
chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap vide
yo gout-a-gout, tankou lò ak tankou lajan, y’ap vin tounen moun k’ap ofri
sakrifis ki kòrèk pou Granmèt la. Sakrifis Jida ak Jerizalèm ap fè Granmèt la
plezi, tankou jou lontan yo, tankou ane ansyen yo».
Pawòl Granmèt
la.
SÒM
REPONS 23, 7. 8. 9. 10
R/
Granmèt lame yo, se li menm ki wa bèlte a.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo, pou l’ kapab antre, sa
a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a ki wa glwa a? Se Granmèt la ki fò, ki gen pouvwa, se Granmèt la, ki gen
pouvwa nan batay.R.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo, Pou l’ kapab antre, sa
a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a, ki wa glwa a? Se Granmèt lame yo, se li menm ki wa glwa a.R.
DEZYÈM
MOSO LABIB
«Li
te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou
yo».
NAN LÈT POU EBRE YO
2, 14-18
Paske
pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm tou te vle patisipe nan
yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen pouvwa lanmò a, sa
vle di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase tray pandan tout
lavi a poutèt esklavaj kè sote lanmò a.
Se
pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li vin pote sekou. Se pousa
li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye
pou yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki fidèl kot Bondye, pou l’
te kapab padonnen fot pèp la.
Kòm
li menm li soufri, li kite yo tante l’, li gen pouvwa pou l’ soutni sa yo y’ap
tante a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Je
m’ wè sove ou la»
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 2, 22-40
Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou netwayaj lalwa
Moyiz la te prevwa a, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante l’ bay
Granmèt la, daprè sa k’ te ekri nan lalwa Granmèt la: «Tout pitit gason ki sòti
an premye nan vant, y’ap rele l’ sen pou Granmèt la»; epi pou yo ofri sakrifis,
daprè sa k’ pale nan lalwa Granmèt la, «yon pè toutrèl oubyen de jèn pijon».
Te gen yon mesye
Jerizalèm, yo te rele Simeyon, mesye sa a te kòrèk, li te gen respè, li t’ap
tann konsolasyon Izrayèl, epi Espri Sen an te nan li. Li te resevwa avètisman
nan men Lespri Sen an, li pa t’ap wè lanmò, anvan l’ wè Kris Granmèt la.
Li rive nan Tanp
la sou direksyon Espri a, pandan paran Jezi t’ap antre avèk li, pou yo aji
daprè abitid lalwa a pou pitit la, li resevwa l’ nan bra l’, li fè konpliman
pou Bondye, li di: «Koulye a ou mèt ranvwaye sèvitè w’ la, Granmèt, daprè pawòl
ou a nan lapè; paske je m’ wè sove w’ la, sa ou te pare devan fas tout pèp yo,
limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp ou, Izrayèl.»
Papa l’ ak
manman l’ te sezi poutèt sa yo t’ap di sou li a.
Simeyon beni yo,
li di Mari, manman l’: «Men sa a poze, pou anpil moun nan Izrayèl tonbe, pou yo
leve, l’ap yon siy k’ap jwenn kontradiksyon (yon epe ap travèse nanm ou), pou
panse ki nan kè anpil moun kapab devwale».
Te gen Án madanm
nan ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl, nan ras Asè: li te vye anpil, li te viv avèk
mari l’ pandan sètan, depi l’ te vyèj. Li te ret vèv jous katrevenkatran; li pa
t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi lannuit kon lajounen nan jèn ak priyè. Nan menm
lè sa a, li vin rive, l’ap fè konpliman pou Granmèt la, l’ap pale sou pitit la
ak tout moun ki t’ap tann sove Izrayèl.
Lè yo fin fè
tout sa lalwa Granmèt la te mande a, yo tounen Galile a, nan vil li a Nazarèt.
Ti pitit la menm
t’ap grandi, li t’ap pran fòs, li te plen sajès, gras Bondye te nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a Legliz la ap fete Prezantasyon Granmèt la, ke nou selebre ak pwosesyon
chandèl yo. Nan okazyon sa nou kapab reflechi sou istwa ak siyifikasyon fèt sa.
Malgre fèt sa pa tonbe nan tan Nwèl, yo konsidere li tankou yon reyon nan solèy
Nwèl la, tankou yon epifani aprè karantyèm jou yo fin fete Nesans Jezi.
Fèt
Prezantasyon Granmèt la, se yon fèt ki la lontan, se nan zòn Oryan yo te
kòmanse fete li. Depi katriyèm syèk, Legliz Jerizalèm te pran abitid selebre
fèt sa. Yo te konn selebre li ak anpil lajwa kòmsi se te fèt Pak la menm, nan
dat 14 fevriye, sa vle di 40 jou aprè Fèt Epifani. Fèt Prezantasyon Granmèt la
te pwopaje nan lòt legliz Oryan ak Oksidan; se konsa nan setyèm syèk Legliz Wòm
te kòmanse selebre li. Avèk fèt sa a yo asosye yon pwosesyon chandèl. Legliz
Womèn nan te konn selebre li 40 jou aprè Nwèl. Nan legliz oryantal yo, yo te
rele fèt sa a «fèt rankont». Non sa a trè siyifikatif, li vle di anpil bagay,
paske li mete aksan sou yon aspè fondamantal nan fèt la: rankont sila a Bondye
konsakre a avèk pèp li a. Sen Lik rakonte nou sa nan dezyèm chapit levanjil li
a. «Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou netwayaj lalwa Moyiz la te prevwa a,
paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante l’ bay Granmèt la…».
Fèt sa te kòmanse gen popilarite nan Oksidan
apati dizyèm syèk, sou non «Pirifikasyon Byennerez Vyèj Mari». Se konsa yo te
vin mete li pami fèt Notredam yo. Aprè sa yo te jije sa pa t’ fin kòrèk, paske
nan jou sa, se yon mistè Granmèt la Legliz la selebre. Nan kalandriye Wòm nan,
ke yo te revize nan ane 1969, yo te chanje non fèt sa e yo te rele li
«Prezantasyon Granmèt la». Sa se yon siy ki montre vrè nati ak objè fèt sa a.
Men sa pa vle di nou derekonèt gwo wòl Mari te jwe nan evènman n’ap selebre yo.
Mistè Kris la ak manman li tèlman makonnen ansanm, ebyen jodi a nou ta kapab
konsidere se fèt toulede n’ap fete. Avèk Kantik Simewon an nan levanjil la (Lik
2, 22-40), n’ap aklame Kris la se «Limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp
Bondye a, Izrayèl».
A
travè selebrasyon jodi a, nou selebre rankont Bondye fè ak pèp li a atravè de
pèsonaj respektab ki reprezante tout limanite: Simeon ak Án.
Pwosesyon
chandèl la, li reprezante pelerinaj nou kòm moun sou tè a, antan limyè Kris la ap gide nou epi ede nou kenbe
lespwa yon jou nou va antre nan Wayòm li a. Chandèl yo fè nou sonje limyè nou
te resevwa nan batèm nou, yo raple nou Kris la se Limyè e nou dwe toujou
branche lavi nou sou li.
LAPRIYÈ: Bondye, ki gen tout
pouvwa, ki ekziste tout tan, n’ap priye grandè ou ak tout kè nou, menm jan jodi
a Sèl Pitit ou a prezante nan Tanp ou a avèk [nannan] [ekzistans] chè nou an,
konsa tou fè nou prezante devan ou avèk kè nou pwòp. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Montre ou se limyè ki
sòti nan Kris la, nan fason ou akeyi lòt yo, nan fason ou renmen yo epi sèvi
yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario