Koulè vèt
PREMYE
MOSO LABIB
«Mwen
menm m’ap antre nan chemen tout tè a ; pran kouraj, Salomon, se pou ou gason ».
NAN PREMYE LIV WA YO
2, 1-4. 10-12
Jou
pou David te mouri a t’ap pwoche, li pase lòd bay Salomon, pitit li a, li di: «
Mwen menm m’ap antre nan chemen tout tè a; pran kouraj, se pou ou gason, obsève
lòd Granmèt Bondye ou yo, pou ou mache nan wout li yo, pou ou kenbe desizyon l’
yo ak kòmandman l’ yo, ak jijman l’ yo, ak temwayaj li yo, jan sa ekri nan
lalwa Moyiz la; pou ou konprann tout sa pou ou fè epi kijan pou ou konpòte ou;
pou Granmèt la asire pawòl li yo, sa l’ te pale osijè m’ nan, lè l’ te di: «Si
pitit ou yo kenbe wout mwen yo, si yo mache devan m’ nan verite ak tout kè yo
ak tout nam yo, ou p’ap manke gason sou fotèy Izrayèl la. »
Konsa
David kouche avèk papa li yo, yo antere l’ nan vil David la. Jou yo David te
kòmande kòm wa sou Izrayèl la, se karantan : nan Ebwon li te kòmande sètan, nan
Jerizalèm trantwazan.Salomon menm chita sou twòn David papa l’ la, peyi-wa li
vin asire anpil.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 1 Kron 29, 10. 11 ab.
11d-12a. 12bcd
R/ Ou menm, Granmèt,
w’ap kòmande sou tout bagay.
Konpliman
pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, papa nou, sot nan syèk tan al nan syèk tan.R.
Se
pou ou Granmèt, grandè ak pouvwa, ak glwa, ak viktwa, ak lwanj se pou ou ; tout
bagay ki nan syèl la ak sou tè a, se pou ou yo ye.R.
Pou ou, Granmèt, peyi-wa-a, ou anlè tout chèf. Richès se pou ou, glwa
se pou ou.R.
W’ap kòmande sou tout bagay, nan men ou se otorite ak
pouvwa, nan men ou se grandè ak kòmandman tout bagay.R.
LEVANJIL
«
Li kòmanse voye yo ».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 7-13
Lè
sa a :
Jezi
rele douz yo, li kòmanse voye yo de pa de ; li ba yo pouvwa sou lespri papròp
yo.
Li
pase yo lòd pou yo pa pran anyen pou wout la, sof yon baton sèlman : ni sak, ni
pen, ni lajan ; men pou yo gen sandal nan pye yo ; pou yo pa gen de chemiz.
Li
t’ap di yo : « Nenpòt ki kay kote nou antre, ret la joustan nou pati. Tout moun
ki pa resevwa nou, ki pa koute nou, antan n’ap sòti, souke pousyè pye nou kòm
temwayaj pou yo.
Yo
pati, y’al preche pou moun yo fè penitans, yo chase anpil demon, yo pase luil
sou anpil malad, yo geri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Pouvwa se youn nan bagay ki fè pati reyalite nou kòm
moun; se youn nan bagay lèzòm plis pasyone pou li. Men yo pa toujou byen
itilize li, paske pafwa yo fè li tounen yon enstriman ki detwi olye yo konstwi
avèk li, yon entriman lagè olye yon enstriman lapè, yon mwayen divizyon olye
tèt ansanm. Nou kapab konprann sa si nou gade reyalite mond nou an jounen jodi
a.
Anpil peyi belijeran toujou pare pou fè lagè, pou
kraze brize; yo kanpe tankou kòk gagè, y’ap envante gwo zam chimik pou menase
lòt nasyon, yo vle kreye latwoublay ak laperèz toupatou. Nan sistèm demokratik
yo, se pèp yo ki chwazi dirijan yo, moun yo vle pou reprezante yo, oryante yo
epi pran dezisyon nan non yo. Malerezman anpil fwa dirijan sa yo konn vle
tounen diktatè pou oprime pèp la. Anpil fwa yo tèlman santi yo chèf yo pa vle
remèt pouvwa; yo vle kenbe li jis yo mouri. Paske yo renmen privilèj, relasyon,
vwayaje, lajan, epi yo bay bagay sa yo plis enpòtans pase pèp yo reprezante a.
Li ta bon si nou ta kapab pran ekzanp sou wa David ak Salomon, epi pou nou
sonje pouvwa se nan Bondye li sòti, lè yon moun chèf, se yon vokasyon li genyen
pou li travay pou byen yon kominote, pou tout moun kapab viv byen, pou dwa ak
diyite tout moun respekte.
Moun ki chèf tout bon an, se Bondye, paske li chèf sou
tout bagay. Se sa sòm meditasyon (1 Kron 29) pou jodi a ap fè nou sonje: «Pou ou, Granmèt, peyi-wa-a, ou anlè tout
chèf. Richès se pou ou, glwa se pou ou». Pouvwa ki sòti nan Bondye, se pa yon
pouvwa pou toupizi moun, se pa yon pouvwa pou pi gwo kraze pi piti, se pa yon
pouvwa pou «devan devan nèt», se pa yon pouvwa «grenadye alaso, sa ki mouri
zafè a yo» ; okontrè pouvwa Bondye a, se yon pouvwa ki libere moun k’ap pase
tray, moun ki anba pouvwa move lespri. Se kalite pouvwa sa
Jezi kominike bay Apot yo, antan li voye yo nan misyon (Mak 6,7-13). Se kalite
misyon sa a Bondye ba nou depi nan batèm nou.
Men
pou nou reyalize misyon sa a nou bezwen debarase nou ak anpil bagay, tankou
renmen pouvwa, renmen lajan, kilti aparans, lanbisyon, lògèy, elatriye.
LAPRIYÈ
:
Granmèt,
tanpri bay dirijan nou yo sajès pou yo pa kite lanbisyon pouvwa fè yo kraze
brize, men okontrè pou yo travay pou konstwi yon sosyete ki pi bon pou tout
pitit ou yo kapab viv. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:Kòm dirijan, m’ap sispann fè lòt
moun abi, m’ap sispann fè pwofitè sou sila yo ki pi fèb.
No hay comentarios:
Publicar un comentario