Koulè
Wouj
AGAT
KI SEN, Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMYE
MOSO LABIB
« Ak tout kè l’ David te fè lwanj Granmèt la, li te
renmen Bondye ».
NAN
LIV SIRASID 47, 2-13
Tankou grès ki separe sot nan vyann, konsa David
parapò a pitit Izrayèl yo.
Avèk lyon yo li jwe tankou ak mouton, avèk ous yo li
fè menm jan, tankou ak ti pitit mouton. Lè l’ te jèn timoun èske li pa t’ touye
atlèt la, li te wete wont la sot nan nasyon an ? Li pran yon wòch fistibal ak
men l’, li kraze grandizè Golyat la ; sèke li te rele Granmèt la ki gen tout
pouvwa, li renmèt pouvwa nan men l’ pou l’ pran yon moun ki fò nan lagè, pou l’
leve kòn nasyon l’ nan. Konsa
li ba l’ glwa nan di-mil, li fè lwanj li nan benediksyon Granmèt yo, antan l’
ofri l’ kouwòn glwa a.
Li
kraze ènmi yo tout kote, li chase Filisten yo ki te ènmi yo, jous jodi a, li
kraze kòn yo jous pou tout tan.
Nan
tout aksyon li fè lwanj pou Sen an ak Sa a ki anwo nèt la nan pawòl glwa; ak
tout kè l’ li fè lwanj Granmèt la, li renmen Bondye, ki fè l’ la, ki ba l’
pouvwa kont ènmi yo.
Li
fè chant kanpe devan lotèl la, ak vwa yo li fè chante yo vin pi dou; li fè
seremoni yo vin bèl, li klase tan yo pou tout lavi, pou yo fè lwanj non Granmèt
la ki sen an, pou yo plen tanp Bondye a depi granmaten.
Granmèt
la padonnen peche l’ yo, li leve kòn li anlè pou tout tan, li pase alyans
peyi-wa ak li, li ba l’ twòn glwa a nan Izrayèl.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 17, 31. 47 e 50. 5e
R/ Konpliman pou Bondye delivrans mwen an !
Bondye, wout li san tach, pawòl Granmèt la sonde nan
dife; li pwoteje tout moun ki espere nan li yo.R.
Viv Granmèt la, konpliman pou Sa a k’ap pote m’ sekou
a, se pou yo leve Bondye Sovè mwen an anlè. Se pousa m’ap fè lwanj pou ou nan
nasyon ou, Granmèt, o non ou m’ap chante kantik.R.
Li fè wa l’ la ranpòte gran viktwa li fè mizerikòd pou
Kris li a, David ak ras li pou tout tan.R.
LEVANJIL
«
Jan, sa mwen te fè koupe tèt li a, se li menm ki leve sot nan pami mò yo »
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 14-29
Lè
sa a :
Wa
Ewòd te tande pale (sèke non Jezi te vin gen repitasyon), li t’ap di: « Se
Jan-Batis ki resisite sot nan pami mò yo, se pousa mèvèy sa yo ap fèt nan li a
». Dòt menm t’ap di : « Se Eli ki la » ; dòt menm t’ap di : « Se pwofèt la,
tankou youn nan pwofèt yo. Lè Ewòd tande sa, li di ; « Se Jan mwen te fè koupe
tèt li a ki resisite sot nan pami mò yo ».
Sèke Ewòd te voye arete Jan, li te mete l’ nan prizon
akoz Ewodyad, madanm Filip, frè l’ la paske li te marye avèk li. Jan t’ap di
Ewòd : « Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la ». Ewodyad menm t’ap fè konplo kont
li, li te vle touye l’, li pa t’ kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon
moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’, pou l’ fè anpil
bagay, se avèk plezi li te konn koute li.
Lè
jou a rive ki bay bon okazyon an, Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf
yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a. Pitit fi Ewodyad la vin
antre, li danse, sa fè Ewòd plezi ansanm ak lòt envite yo, wa a di ti fi a :
«Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou li.» Li fè l’ sèman : « Nenpòt ki sa ou mande,
m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi-wa mwen an ». Li menm, li sòti, li di
manman l’: «Ki sa pou m’ mande»? Li di: «Tèt
Jan-Batis».
Li antre byen vit ankò kot wa a, li mande l’, li di:
«Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat». Wa a pran
chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li
voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan
prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman
l’ li. Lè
disip yo tande sa, yo vini, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
OUBYEN
YO KAPAB LI POU JOU SA :
PREMYE LEKTI: GALAT YO 2, 19-20;
SÒM REPONS: 125, 1-2ab. 2cd-3. 4-5.
6;
LEVANJIL: LIK 9, 23-26
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan tout sa
n’ap fè, se pou nou toujou fè lwanj pou Bondye, li menm ki gen tout pouvwa,
paske se li ki ba n’ fòs pou n’ gen laviktwa. Lè w’ kore w’ sou Bondye, lè sa a
ou byen kore. David te konnen Bondye te toujou avèk li, se sa k’ fè li te riske
l’ e li te gen laviktwa sou Golyat malgre li pa t’ gen gwo zam fannfwa.
Tout moun ki pèsekite poutèt verite a, nan dènye jou
rekonpans li ap gran devan Granmèt la. Tankou Jan Batis, Ewòd te tande pale de
Jezi, paske tout moun t’ap pale de li pou mirak ak gerizon li t’ap fè toupatou,
men yo panse se te Jan Batis ke Ewòd te fè koupe tèt li a, ki resisite pami mò
yo: chak moun te bay lide pa yo: gen ki di se pwofèt Eli, gen lòt ki di se youn
nan gran pwofèt yo, lè Ewòd menm tande sa, li konprann se te Jan li te fè arete
mete nan prizon epi koupe tèt li a.
Jan Batis mouri paske li t’ap pale verite, jous jounen
jodi a gen moun ki pa vle tande verite sa; anpil moun ki sanble ak Ewòd. Konsa
tou gen anpil moun ki sanble ak Jan Batis. Ewòd te mete Jan nan prizon poutèt
Ewodyad, paske Jan te di l’ li pa gen dwa pran madanm frè l’ Filip pou madanm
pa li; Ewodyad menm ki te byen renmen Ewòd, li pa t’ kontan avèk
Jan, poutèt sa li t’ap chèche fè yo touye l’ ,li pa t’ kapab paske Ewòd te gen
anpil krentif pou Jan Batis, li te konsidere Jan kòm yon moun ki dwat epi ki
t’ap viv daprè volonte Bondye. Pawòl Jan Batis yo te gen anpil valè. Ewòd te renmen
koute li, men li te vin boulvèse. Men, jou Ewodyad t’ap tann nan rive, jou ki
te fèt Wa Ewòd la, kote tout gwo zotobre nan gouvènman li an, tout gwo chef
lame ak tout gwo chèf nan peyi Galile a te envite; se konsa pitit fi Ewodyad la
te antre nan sal resepsyon an epi li danse pou Ewòd, yon dans ki te fè l’ anpil
plezi.
An nou gade byen pandan n’ap reflechi, yon dans ki fè
tonbe tèt Jan Batis. Kèkfwa, yon santiman nou gen nan nou pi fò pase atachman
nou gen pou Bondye.
Frè ak sè m’ yo, konbyen fwa nou konn fèmen bouch nou
paske nou pè pale verite a. Mwen tande, mwen wè, men si m’ pale y’a touye m’!
Y’a kenbe m’ nan kè.
Frè ak sèm yo, tankou sen Pòl ankouraje nou, an nou
«pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, ann fè sa ki byen pou n' kraze sa
ki mal.» (Women 12, 21).
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri ban m’ fòs ak kouraj nan mitan tout difikilte
lavi a pou m’ pa pè pale pawòl verite a tankou Jan Batis. Ou konnen jan m’
frajil, ou menm ou fò; mwen konte sou fòs ou pou m’ ka rive jis nan bout chemen
an. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite menas
lanmò fè m’ bliye misyon pwofetik mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario