Koulè wouj
PÒL MIKI AK KONPAYON L’
YO KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
"M’ap
viv se vre, men se pa mwen menm ankò; se Jezikri k’ap viv nan mwen".
LEKTI
LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 2, 19-20
Frè m’ yo:
Akoz lalwa a mwen mouri parapò a lalwa a, pou m’ viv
parapò a Bondye; mwen kloure sou kwa a avèk Jezikri.
Mwen viv, men se pa mwen menm ankò k’ap viv, se
Jezikri k’ap viv nan mwen.
Si m’ap viv koulye a nan chè a, se nan lafwa Pitit
Bondye a m’ap viv, li menm ki renmen m’, ki bay pwòp tèt li pou mwen.
SÒM REPONS: 125, 1-2ab.
2cd-3. 4-5. 6;
R/ Moun ki simen ak dlo
nan je, yo ranmase ak kè kontan.
Lè
Granmèt la te fè prizonye Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen ak kè kontan epi lang nou ak
fèt.R.
Lè
sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: "Granmèt la fè mèvèy avèk yo".
Granmèt
la fè mèvèy avèk nou; nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt,
fè prizonye nou yo tounen tankou ravin nan sid yo.
Moun
ki simen ak dlo nan je, yo ranmase ak kè kontan. R.
Yo
t’a prale, yo t’ap kriye, antan y’ap pote semans pou simen an,
Y’ap vini sou wout la ak fèt, pandan y’ap pote zepi
yo.R.
LEVANJIL
"Ale anseye tout nasyon yo".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
28, 16-20
Le
sa a:
Onz
patizan yo pati nan Lagalile, sou mòn nan kote Jezi te endike yo a; lè yo wè
l’, yo adore l’, men kèkzen te fè dout.
Jezi
pwoche, li pale avèk yo, li di: "yo renmèt mwen tout pouvwa nan syèl la ak
sou tè a. Konsa ale, anseye tout nasyon yo, batize yo o non Papa a ak Pitit la
ak Lespri Sen an, aprann yo obsève tout sa m’ te kòmande nou yo. .
Men
mwen menm mwen avèk nou toulejou, jou finisman syèk tan yo".
REFLEKSYON:
«MWEN
AVÈK NOU TOU LEJOU, JOUS FINISMAN SYÈK TAN YO».
Jodi
a, n’ap fete Sen Pòl Miki ak konpayon l’ yo ki sen, ki te mouri mati nan sèzyèm
syèk, nan peyi Japon. Tankou onz apot yo, nan jou Lasansyon Jezikri a (Mt.28,
17), yo menm tou yo te ale sou tèt ‘‘mòn’’ nan: nan ka pa yo a, se tèt mòn
soufrans lakwa a ke yo te monte nan lavil Nagazaki.
Pandan
n’ap sonje sila yo ki te mouri mati a, se vle nou vle montre ke istwa Legliz la
«se yon istwa ki make ak laglwa, paske se yon istwa sakrifis», - pou nou repete
pwòp pawòl Pap Franswa.
Istwa
soufrans Pòl Miki ak konpayon l’ yo ki sen an, dekri anbyans lapriyè ke yo te
retwouve yo, lè yo yo te tou vivan sou lakwa a. Èske nou ka pale de yon pi gwo
adorasyon ke priyè sa yo t’ap fè ak konfyans la, lè yo te temwaye renmen Bondye
a ki depase tout bagay la, e ki te menm depase pwòp lavi yo?
Plis
toujou, istwa rakonte nou kòman Pòl Miki- antan li te sou lakwa a- li pwofite
menm nan dènye moman li te nan agoni, li mande sila yo ki t’ap asasinen li pou
yo chèche vin pi pre Bondye, lè li di: «Avèk tout kè mwen, mwen padone wa a ak
nou tout ki responsab lanmò mwen e mwen mande nou, tanpri, resevwa batèm Kris
la». Tout sitiyasyon, tout sikonstans, menm si li parèt defavorab, li se yon
opòtinite pou nou transmèt Levanjil la.
Vrèman
vre, kalamite ki frape nou nan lemond pa ta dwe tounen eskiz pou diminye
agajman nou ak detèminasyon nou: Pap Franswa di nou, bagay sa yo dwe tounen
defi ki fè nou grandi. Nou p’ap janm manke konkou; Jezi pa voye nou nan misyon
nenpòt kòman. Se li ki te di nou: «Mwen avèk nou toulejou jis finisman syèk tan
yo.» (Mt.28, 20)
LAPRIYÈ: Bondye, se
ou menm ki fòs tout sen yo. Ou
rele Pòl avèk konpayon l’ yo pou yo antre nan lavi a sou wout kwa a. Yo pase
mati pou ou, yo vin sen, y’ap plede kòz nou. Tanpri, n’ap lapriyè ou. Lafwa
n’ap deklare a, fè nou kenbe l’ fèm jous nou mouri. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a, menm jan ak
Pòl Miki, m’ap temwaye renmen Bondye a, menm si m’ap soufri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario