Koulè Vèt
SENKYÈM DIMANCH TAN
ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
"Men
mwen, voye m’".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI
6, l-2a, 3-8
Ane
wa Ozyas mouri, mwen wè Granmèt la ki chita sou yon twòn byen wo; sa k’ anba
l’yo te plen tanp la. Serafen yo te kanpe anlè l’: yo chak te gen sis zèl; de
pou yo kouvri fas yo, de pou yo kouvri pye yo, de pou yo vole.
Youn t’ap rele bay lòt, yo t’ap di: "Li sen, li
sen, li sen, Granmèt Bondye lame yo; tout tè a plen ak glwa li". Gon pòt yo souke ak vwa
sa a ki t’ap rele a, kay la vin plen ak lafimen.
Mwen
di: "Malè pou mwen, paske mwen pe bouch mwen, paske mwen se yon moun ki
gen po bouch mwen sal, mwen abite nan mitan yon pèp ki gen po bouch li sal,
epoutan mwen wè Wa a, Granmèt lame yo, ak pwòp je m’".
Youn
nan Serafen yo vole kote m’, li te gen yon brèz dife nan men l’, li te pran l’
sou lotèl la ak pensèt ; li touche bouch mwen, li di : "Gade, sa a touche
po bouch ou, fot ou a efase, peche w’la pwòpte".
Mwen
tande vwa Granmèt la k’ap di: "Kilès m’ap voye? Ki moun k’a
prale pou nou"? Mwen
di: "Men mwen, voye m’".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM 137, l-2a. 2bc-3. 4-5.
7c-8
R/ Devan fas zanj yo,
m’ap chante pou ou, Granmèt.
M’ap
fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen. Devan fas
zanj yo m’ap chante pou ou,
M’ap
adore ou nan tanp ou a ki sen an.R.
M’ap
fè lwanj pou non ou, pou mizerikòd ou ak verite ou, paske ak pwomès ou a ou fè
mèvèy ki depase tout non.
Nenpòt
ki jou mwen rele ou, ou koute m’; ou mete anpil fòs nan nnam mwen.R.
Tout
wa yo sou tè a ap fè lwanj ou, Granmèt, paske yo tande pwomès bouch ou.Y’ap
chante wout Granmèt la, paske glwa Granmèt la gran.R.
Se
pou men dwat ou sove m’.Se pou Granmèt la reyalize travay la pou mwen; Granmèt,
mizerikòd ou pou tout tan; pa lage travay men w’ yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Se
konsa nou preche, se sa nou kwè".
PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 15,1-11
Frè m’ yo, mwen fè nou konnen bòn nouvèl la mwen te preche
nou an, li menm nou te resevwa a, nan li nou rete fèm nan, gras a li n’ap sove
a, nan mezi nou rete fèm nan sa m’ te preche nou an, otreman, se pou granmesi
nou ta kwè.
Sa m’ transmèt nou an, se sa m’ te resevwa tou dabò:
Jezikri mouri pou peche nou yo, daprè Labib la, yo antere l’, li leve sou
twazyèm jou a, daprè Labib la, Sefas wè l’, aprè se onz yo. Aprè sa ankò gen
plis pase sansenkant frè ansanm ki wè l’, nan yo genyen anpil k’ap viv jous
koulye a toujou, genyen ki mouri. Aprè sa se Jak ki wè l’ ; aprè sa se tout
apot yo; alafen aprè tout moun, se mwen menm ki wè l’, mwen menm ki tankou yon
timoun ki fèt anvan tèm.
Se mwen menm reyèlman ki pi piti nan apot yo, mwen pa
merite yo rele m’ apot, paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. Se poutèt gras
Bondye a mwen sa m’ ye a, gras li a pa vid nan mwen, okontrè mwen travay plis
pase yo tout, se pa mwen menm, men se gras Bondye a avèk mwen.
Swa
mwen menm, swa yo menm se konsa nou preche, epi se konsa nou kwè.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
"Yo
kite tout bagay, yo suiv li".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5,1-11
Lè
sa a:
Kòm
foul yo te gonfle sou Jezi pou yo koute pawòl Bondye a, li te kanpe bò letan
Jenezarèt la. Li wè de batiman ki akoste bò letan an; pechè yo te desann, yo
t’ap lave filè yo. Li monte nan yon batiman, sa k’ te pou Simon an, li mande l’
pou l’ rekile yon ti kras sot sou tè a. Li chita, l’ap bay ansèyman nan batiman
an, pou foul yo.
Lè
l’ fin pale, li di Simon: "Pouse nan fon, lage filè nou yo pou lapèch
la". Simon pran lapawòl, li di l’: "Mèt, tout nannuit, nou fatige kò
nou, san nou pa pran anyen; sèlman sou pawòl ou, n’ap lage filè a". Yo fè
sa, yo ranmase yon pakèt kantite pwason; filè yo a t’ap chire. Yo fè siy bay
asosye yo, ki te nan lòt batiman an, pou yo vin ede yo. Yo vini, yo plen tou lè
de batiman yo, atèl pwen yo t’ap koule.
Lè
Simon Pyè wè sa, li lage kò l’ nan pye Jezi, li di: "Rale kò w’sot kote
m’, paske se yon pechè mwen ye, Granmèt". Sezisman te anvayi l’, ni tout
moun ki te avèk li, nan lapèch pwason yo yo te pran an; se menm jan tou pou Jak
avèk Jan, pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Jezi di Simon: "Pa pè;
apati koulye a, se moun w’ap pran lapèch".
Yo
redi batiman yo atè, yo kite tout bagay, yo suiv li.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Pou
ane lafwa a (2013) yo te chwazi ti bato a kòm logo oubyen senbòl, se anblèm ki
pi ansyen ke yo te konn senbolize Legliz la ke Jezikri te fonde sou lafwa Apot
yo. Lekti ak Levanjil nou li pou jodi a, yo pale sou 2 karakteristik
fondamantal Legliz la: Se Jezikri ki fonde Legliz la e se yon Legliz ki konpoze
ak fanm ak gason (yo pa zanj); Se yon Legliz k’ap suiv yon mesaj ki pouse li al
lapèch moun.
Legliz
la Kris la fonde a, se pa yon Legliz ki bay pwòp tèt li misyon; men se menm
Granmèt la ki te vle reyini yon gwoup fanm ak gason vanyan pou yo te kapab
“ansanm avèk li epi anonse li”. Se Bondye ki fè li tounen moun nan mitan nou
an, se li menm ki rele nou nan pwòp non nou pou nou kapab konnen li epi, a pati
de konesans sa a, fòme yon kominote frè nan li menm, yon kominote ki renmen li
e ki pwoklame li kòm sèl Granmèt ki bay lavi a.
Men
disip sa yo toujou rete moun ki gen feblès nan yo menm ki dwe di, menm jan ak
Pyè: “wete kò ou bò kote mwen, Granmèt, paske mwen se yon pechè”. Men reyalite
frajilite nou sa a fè nou santi nou endiy; alò, tankou sa te fèt pou Izayi nan
premye moso Labib la, Bondye li menm vini pou li kapab pirifye nou, lave peche
nou yo, yon fason pou nou kapab reponn menm jan ak pwofèt la: “Men mwen
Granmèt, ou mèt voye mwen”.Yo kapab defini Legliz la tankou yon Legliz ki sen e
ki pechè an menm tan: li sen paske se Jezikri ki fonde li; li pechè paske se
gason ak fanm ki fòme li, e yo se pechè; men avèk dezi pou yo sèvi li ak bon
kè, ak bòn volonte.
Ak
tout mwayen li genyen pou sa, Legliz la ap chèche akonpli kòmandman Bondye a,
pou li kapab avanse pi fon nan lanmè a pou li kapab tounen “pechè moun”. Nan
lanmè reyalite difisil yo, se lafwa ki pi gwo sekirite nou e Granmèt la anndan
bato a. Se pou sa nan trajektwa istwa limanite nou wè genyen fanm ak gason ki
angaje yo pou kòz moun k’ap soufri yo, moun sosyete a mete sou kote, moun ki
plis nan bezwen…Sa pa vle di fè kout zaviwon sèlman, men fè kout zaviwon pou
antre pi fon nan lanmè a, kote gen plis moun ki nesesite Levanjil Jezikri a.
Se
pa kote nou kapab jwenn anpil komodite sèlman, men nan pwofondè reyalite
soufrans moun ap viv. Nan sans sa a disip Jezikri yo dwe lapèch fanm ak
gason. Yo
dwe jete file a pou yo pran plizyè milye moun atravè sa nou te kwè a, tankou
dezyèm moso Labib la di nou sa. Nou te kwè nan pawòl Granmèt la, e poutèt sa
n’ap anonse nou “devan mesaje yo” ak devan tout moun, se pa sèlman ak pawòl,
men tou avèk zèv ki sòti nan Bondye, zèv lafwa, esperans ak lanmou.
LAPRIYÈ
: Jezi Granmèt, ou menm ki rele nou
anbake nou nan Legliz la, pa kite move van yo fè nou pè, ni pou fatig yo ki
anpil fwa pa pote fwi ta fè nou pèdi lafwa ak lespwa. Sanktifye tout manb ke
nou vle pran nan filè a ansanm avèk ou, e pèmèt sa n’ap fè a pote anpil fwi,
pou byen pa nou ak pou byen Legliz ou a ki sen an.
PWOPOZISYON : Lapriyè ak yon “Papa
nou” ak yon “Mari se pou w’ kontan” pou manb Legliz la ki lakòz eskandal, pou
Granmèt la klere kapitèn bato moun sa yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario