Koulè
vèt
PREMYE
MOSO LABIB
«Yo pote ach alyans la nan Sen Sen yo, nyaj la plen
kay Granmèt la»
NAN
PREMYE LIV WA YO
8,
1-7. 9-13
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl yo rasanble avèk chèf ras yo ak
chèf fanmiy pitit Izraèl yo, yo vin kot wa Salomon Jerizalèm, pou yo pote ach
alyans Granmèt la sot nan vil David la, sa vle di Siyon. Tout Izrayèl rasanble
kot wa Salomon nan mwa Etamin pi gran jou fèt la (se setyèm mwa a). Tout ansyen
yo nan Izrayèl, yo rive, prèt yo pran ach la, yo pote ach Granmèt la ak tant
alyans la ak tout veso tanp la, ki te nan tant la, prèt yo ak levit yo t’ap pote
yo.
Wa Salomon ak tout foul Izrayèl la, ki te vin kote
l’ la, yo t’ap monte avèk li devan ach la ; yo t’ap sakrifye mouton ak bèf san
yo pa kapab kalkile pri yo ni kantite yo. Prèt yo fè ach alyans Granmèt la
antre nan kote pou l’ te ye a, nan plas priyè tanp la, nan Sen Sen yo, anba zèl
Cheriben yo ; konsa Cheriben yo te louvri zèl yo anlè kote ach la te ye a, yo
t’ap pwoteje ach la avèk bawo l’ yo ki te anlè l’ yo. Nan ach la menm pa t’ gen
anyen sof de galèt wòch, sa Moyiz te depoze ladan l’ nan Orèb la, lè Granmèt la
te ekri alyans la avèk pitit Izrayèl yo lè yo t’ap sòti nan peyi Ejip la.
Rive, lè prèt yo antre nan tanp la, nyaj la plen kay
Granmèt la, prèt yo pa t’ kapab kanpe pou yo fè sèvis la akoz nyaj la ; sèke
glwa Granmèt la te plen kay Granmèt la.
Lè sa a Salomon di : «Granmèt la di pou l’abite nan
nyaj la. Mwen bati yon kay pou ou
abite, se twòn ou ki solid pou tout tan ».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 131, 6-7. 8-10
R/ Leve, Granmèt, al nan repo ou.
Men nou tande li nan Efrata, nou jwenn li nan bwa
Yaa yo.
An nou antre nan joupa l’ la.
An nou adore nan macheskalye pye l’.R.
Leve, Granmèt, nan repo ou,
ou menm ak ach fòs ou a.
Prèt ou yo abiye ak jistis, sen ou yo kontan.
Poutèt
David, sèvitè w’ la, pa vire fas Kris ou a.R.
LEVANJIL
« Tout moun ki te touche l’,
yo te sove ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 6, 53-56
Lè sa a :Lè Jezi avèk disip li yo fin travèse lòt bò lanmè a,
yo rive nan peyi Jenezarèt la, yo akoste.
Pandan y’ap sòti nan batiman an, menm lè a yo
rekonèt yo; moun yo kouri nan tout rejyon sa a, yo kòmanse pote moun ki te
malad yo sou kabann, kote yo te tande li te ye. Kote l’ te antre, nan bouk yo,
nan abitasyon yo oubyen nan vil yo, yo te konn plase malad yo sou plas yo, yo
te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad li. Tout moun ki te konn
touche l’, yo te konn sove.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, nan Levanjil la, nou wè
kijan sa bèl lè yon moun rive pran kontak ak Granmèt nou an: « yo te konn plase
malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad
li; tout moun ki te konn touche l’, yo te konn sove» (Mk 6,56). Nenpòt ti
kontak fizik kapab opere gwo mirak pou moun ki pwoche kot Jezi avèk konfyans. Pouvwa gerizon li sòti nan kè li ki plen renmen
an e li menm rive sou rad li. Kapasite ak
dezi Jezi genyen pou geri malad yo, se de (2) bagay li genyen an abondans.
Pasaj sa a kapab ede nou medite sou fason nou
resevwa Granmèt la nan Lakominyon. Èske nou sèten lè nou kominye kontak sa a
kapab opere anpil mirak nan lavi nou? Nou fè plis ke touche wòb Jezi: reyèlman
nou resevwa Kò Kris la nan kò pa nou. Kontak sa a pa pèmèt nou jwenn gerizon
pou kò nou sèlman, men tou li geri nam nou e li fè nou patisipe nan pwòp lavi
Bondye a menm. Sen Inyas d’Antyòch te konsidere Lekaristi tankou « medikaman
kont lanmò a, ki fè nou jwenn pou toutan sa nou dwe viv nan Jezikri a».
Avantaj medikaman sa a ba nou,
sèke li geri nou anba tout sa ki mete nou dozado ak Bondye ak frè ak sè nou yo.
Sa vle di li fè nou sispann rete pliye sou nou menm. Tankou ansyen Pap Benwa 16
anseye nou sa, « lè nou nouri nou ak pwòp lavi Kris la, nou pran chemen pou nou
pa rete endiferan devan sò frè nou yo (…). Kidonk, yon espirityalite ekaristik,
se yon vrè antidòt ki ede nou konbat atitid egoyis ki karakterize lavi nou chak
jou, li fè nou redekouvri gratwite, sa ki nan sant relasyon moun ak moun, apati
de lafanmi, nan dezi pou soulaje soufrans sila yo ki separe».
Tankou sila yo ki te jwenn gerizon lè yo te touche
rad Jezi, nou menm tou nou ka jwenn gerizon pou egoyism nou, lè nou resevwa
Granmèt la avèk lafwa.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen disponib
pou ou, sèvi avè m’ pou fè pèp ou a konnen ou pa bliye yo. Fè Lespri Sen w’ lan aji nan mwen, pou m’ ka kontinye misyon Pitit ou a
kote m’ap viv. Amèn.
PWOPOZISYON : Ak konfyans m’ap mande Jezi geri mwen, lè mwen resevwa li nan Lekaristi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario