Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Ou te di : Non m’ap isit la, pou ou koute priyè pèp ou Izrayèl ».
NAN PREMYE LIV WA YO
8, 22-23. 27-30
Jou sa yo :
Salomon kanpe devan lotèl Granmèt la an fas pèp Izrayèl la, li lonje men l’ nan syèl la, li di : « Granmèt Bondye Izrayèl, pa gen dye ki sanble avèk ou nan syèl la anlè a ni sou tè a anba a, ki kenbe alyans ak mizerikòd pou sèvitè ou yo, k’ap mache devan ou ak tout kè yo. Konsa èske ou kwè reyèlman Bondye ta abite sou tè a ? Si syèl la ak syèl syèl yo pa kapab kenbe ou, kòman kay sa a mwen bati a ta kapab kenbe ou ! Men voye je sou priyè sèvitè w’ la ak sou sa l’ap mande ou yo, Granmèt Bondye mwen. Koute kantik ak priyè sèvitè w’ la ap priye devan ou jodi a. Se pou je ou louvri sou kay sa a nannuit ak lajounen, sou kay sa a ou te di osijè l’ la : « Non m’ap isit la » ; pou ou koute priyè sèvitè w’ la ap fè nan kote sa a ba ou a. Pou ou koute priyè sèvitè w’ la ak pèp ou a Izrayèl, tout sa y’ap mande nan kote sa a. Koute nan kote ou abite a, nan syèl la, epi, antan ou koute, padonnen ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 83, 3. 4. 5 e 10. 11
R/ Ala renmen nou renmen tant ou yo, Granmèt lame yo !
Nam mwen anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la. Kè m’ ak chè m’ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon nich, kote li depoze ti pitit li yo : lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa m’ak Bondye m’.R.
Ala kontantman pou moun ki abite nan kay ou a, pou tout tan y’ap fè lwanj ou. Ou menm k’ap pwoteje nou, gade, Bondye, voye je sou fas Kris ou a.R.
Sèke yon jou nan kay ou yo pi bon pase mil, mwen chwazi ret sou papòt nan kay Bondye m’ nan, pase pou m’abite nan tant pechè yo.R.
LEVANJIL
« Nou lage kòmandman Bondye yo, nou kenbe abitid moun yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7. 1 -13
Lè sa a:
Farizyen yo rasanble vin kot Jezi avèk kèk nan skrib yo ki te vin sot Jerizalèm. Kòm yo te wè kèk nan disip li yo ki t’ap manje avèk men yo sal, sa vle di san lave, yo fè yo repwòch. Sèke Farizyen yo ak tout Juif yo, si yo pa lave men yo souvan, yo p’ap manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè yo sot deyò, si yo pa lave kò yo, yo p’ap manje ; pou yo kenbe anpil lòt bagay yo te transmèt yo : lave gode, krich, vèso an kuiv ak kabann.
Konsa Farizyen yo ak skrib yo mande : « Pouki sa disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen yo, men y’ap manje manje yo ak men yo sal» ?
Men li menm li reponn, li di yo: «Izayi te pale byen sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit, jan sa ekri a. « Pèp sa a se ak po bouch l’ap fè lwanj mwen, men kè yo lwen m’. Se pou granmesi y’ap ofri m’ sèvis antan y’ap bay ansèyman ak kòmandman moun ». Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid moun yo : N’ap lave krich, gode ak dòt bagay konsa n’ap fè an kantite ».
Li t’ap di yo : « Nou anile kòmandman Bondye a byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou. Moyiz te di : « Respekte papa ou ak manman ou » ; epi : « Moun ki madichonnen papa oubyen manman l’, se pou l’ mouri byen mouri ». Nou menm menm nou di : « Si yon moun di papa l’oubyen manman l’ : Kòban (sa vle di kado), tout sa m’ genyen pou m’ te ba ou a » ; nou pa kite l’ fè anyen ankò pou papa l’oubyen manman l’, nou chire pawòl Bondye a pou abitid pa nou, sa nou menm nou transmèt ; epi se konsa nou fè anpil bagay ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, n’ap kontanple kòman kèk tradisyon mèt Lalwa yo te manipile vrè sans katriyèm kòmandman Lalwa Bondye a. Skrib sa yo anseye timoun yo ke li te pi bon pou yo te fè ofrann lajan ak byen nan Tanp la. Timoun sa yo ki te resevwa lansèyman ki plen ak erè a te kwè yo te respekte katriyèm kòmandman nan fason sa a, e yo te kwè se te pi bon fason yo te kapab fè sa. Men, an reyalite se te yon twonpri.
«Nou anile kòmandman Bondye a byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou (Mk 7,9): Jezi se entèprèt Lalwa pa ekselans la, se pou sa li eksplike vrè sans katriyèm kòmandman an, antan li repare erè jwif fanatik yo.
Vrèman vre, Moyiz te di: «Respekte papa ou ak manman ou » (Mk 7,10): Katriyèm kòmandman an raple timoun yo responsablite yo genyen anvè paran yo. Nan fason yo kapab, yo dwe ede yo nan nivo materyèl ak moral nan vyeyès yo, lè yo malad, lè yo pou kont yo, lè yo boulvèse. Jezi raple sa dwe montre rekonesans timoun yo anvè paran yo.
Respekte paran nou (pyete filyal), se montre yo nou rekonesan pou sa yo fè pou nou, pou lavi yo ban nou, pou jefò yo fè nan travay di pou pran swen nou, pou nou ka grandi kòmsadwa. «Respekte papa w’ ak manman w’ ak tout kè w, epi pa bliye doulè manman w’. Sonje se granmesi yo menm ou te vini nan mond lan, kijan ou kapab remèt yo sa yo te ba ou?» (Sir 7,27-28).
Granmèt la fè wè bèlte papa a nan pitit yo, epi nan yo menm li konfime otorite manman an. Moun ki respekte papa li jwenn padon pou peche li, moun ki fè lwanj manman li tankou sila k’ap sanble richès (cf Sir 3,2-6). Sa yo ak lòt konsèy klere lavi nou ak sa ki konsène relasyon nou ak paran nou yo.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri fè nou pa janm manke lanmou ke nou dwe paran nou, epi aprann nou transmèt obligasyon sa a bay moun ki pwòch nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap montre papa m’ak manman m’ mwen renmen yo antan m’ap ede yo nan kèk aktivite. M’ap di yo mèsi pou tout sa yo fè pou mwen. M’ap sipòte yo nan maladi yo ak pwoblèm yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario