Páginas

LENDI 22

Koulè blan
FOTÈY PYÈ KI SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen ansyen ansanm avèk nou, mwen temwen soufrans Jezikri yo".
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 5, 1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Ansyen yo, ki nan pami nou yo, mwen priye nou, mwen menm ki ansyen ansanm avèk nou, ki temwen soufrans Jezikri yo, k’ap kominike glwa l’ la ki gen pou l’ devwale aprè a: okipe bann mouton Bondye yo ki nan mitan nou yo, prevwa sa l’ bezwen san yo pa bezwen fòse nou, men avèk tout kè nou daprè Bondye, san nou pa chèche avantaj malonnèt, men ak tout bòn volonte nou; san nou pa kòmande kòm mèt sou moun yo nou responsab la, men antan nou vin tounen modèl pou bann mouton yo ak tout kè nou. Konsa, lè chèf gadyen yo ap parèt, n’a resevwa kouwòn glwa ki p’ap fini an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM  22, 1-3. 4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; Nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nanm mwen. Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’.R.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou  se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray la; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak mizerikòd k’ap rapouswiv mwen tout tan lavi m’ m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
"Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip la, li poze disip li yo kesyon, li di: "Ki sa moun yo di Pitit moun nan ye"?
Yo menm yo di: "Genyen se Jan Batis, dòt menm se Eli, dòt ankò se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo".
Jezi di yo: "E nou menm ki sa nou di mwen ye"?
Simon Pyè pran lapawòl, li di: "Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an".
Jezi pran lapawòl, li di l’: "Ala kontantman pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè ni san ki fè ou konn sa, men Papa m’ ki nan syèl la. Mwen menm mwen di w’ ou se Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa kont li; m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tou sa w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Se chans pou moun ki rekonèt Jezi se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
Piga nou pè preche Bòn Nouvèl la, paske se misyonè nou ye, epi temwen Jezikri; yon misyonè tout bon vre dwe fè travay li san gade dèyè, san li pa timid.
Nan premye lekti a, Pyè ban nou kèk konsèy sou kisa pou nou fè devan kèk sitiyasyon difisil, kijan pou nou pran reponsabilite n’ nan sèvis Granmèt la konfye n’ nan. Pyè mande nan sèvis kominote a pou prèt an chèf yo aji menm jan ak Jezi ki se Bon Gadyen mouton yo; nou pa dwe fòse pèsonn, piga nou reklame anyen nan kominote a; se konsa yon temwen Kris la dwe aji; Jezi pa t’ vini pou mete moun nan sèvis li, men pou l’ te rann sèvis. Yon patizan Kris la, se nan swiv ekzanp Jezi pou l’ rive konnen epi montre kilès Jezi ye? Pyè deklare Jezi se Kris la, sa Bondye te pwomèt la. Jezi te poze patizan l’ yo kesyon: “Ki moun nou tande yo di Pitit moun nan ye?” Yo reponn li konsa: “Yon pati moun di ou se Jan Batis, lòt di ou se Eli, gen lòt ki di ou se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo”, epi li gade yo li di: “E nou menm, kisa nou di mwen ye?” Pyè ki toujou cho devan bann nan reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an”. Jezi di l’: “se Chans pou ou Simon, pitit Jan, ou rekonèt Jezi kòm Pitit Bondye paske se pa chè ak san ou ki fè w’ konn sa, men Papa m’ ki nan syèl la”, e se yon kado li fè w’:lafwa; lafwa solid Pyè a, se tankou yon blòk wòch, se garanti Legliz la kapab kanpe fè m’ kont tout fòs fènwa ak lanmò paske Jezi te di Pyè ou se Pyè, se sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an. M’ap ba w’ kle peyi wa ki nan syèl la, epi sa w’ mare sou tè a va mare nan syèl la, tout sa w’ mare sou tè a va mare nan syèl la tou.
Frè ak sè m’ yo, jodi a Pyè pa la ankò; se nou chak Jezi ap poze kesyon sa a: pou mwen, kilès li ye? Se va chans pou sila a ki rekonèt Jezi se Kris la pitit Bondye vivan an. Nou tout ki batize, an nou mete men nan pat la pou n’ fè peyi nou, kominote n’, sosyete a gen yon vizaj tou nèf.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri fè m’ kado yon lafwa solid tankou lafwa Pyè a, pou m’ka temwaye renmen ak mizerikòd san limit ou a.

PWOPOZISYON : Jodi a m’ap pran tan pou m’ gade lavi m’ pou m’ chèche konnen kilès Jezikri ye pou mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario