Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Aprann fè sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
1, 10. 16 -20
Koute pawòl Granmèt la, nou menm, chèf Sodòm yo ;
resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a :
"Lave nou, pwòpte nou, wete move kalkil nou yo
sot devan je m’ ; sispann aji mal, aprann aji byen : chèche jijman, ede sa k’ap
pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la.
Aprè sa nou mèt vini pou nou plede kòz pa nou devan
m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj, yo t’ap vin blan
kon lanèj ; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj.
Si nou vle koute m’, n’ap manje richès tè a ; men si
nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore nou : sèke bouch
Granmèt la pale".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’
delivrans Bondye a.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle
kont avèk ou; sakrifis antye w’ yo devan m’ tout tan. Mwen p’ap pran towo sot
lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
"Poukisa w’ap detaye kòmandman
m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Epoutan ou rayi disiplin, ou
voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann
mwen te tankou ou. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn bèlte, moun ki
san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye".R.
LEVANJIL
"Yo di, men yo pa fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
23, 1-12
Jezi pale ak foul yo ak disip li yo, li di:
Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak farizyen yo chita:
tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo, sèlman pa aji daprè
aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab
pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon ti dwèt yo refize
souke yo.
Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè yo pou lèzòm kapab
wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè Labib yo konn pote sou yo a, yo lonje fil ki
pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan resepsyon, ak premye fotèy
nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl bonjou sou laplas, yo renmen
pou moun yo rele yo "Rabi".
Kanta ou menm, pa rele pèsòn "Rabi"; sèke se
yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn "Papa" sou
tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou
"Mèt"; paske se Kris la sèl ki mèt nou.
Moun ki pi gran nan nou an, se sèvitè nou pou l’ ye.
Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve
l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Bondye, nan pawòl li jodi a, envite nou mete nou nan
sèvis lòt yo, pa fè gran panpan epi se pou aksyon nou makonnen ak pawòl nou. Se
pou sa nou fè manifeste sa nou kwè.
Granmèt la envite nou genyen yon atansyon espesyal pou
sila yo ki fèb yo. Jan li mansyone nan premye lekti a, se sa yo k’ap pase mati,
sa ki san papa epi vèv yo. Tout moun sa yo nou dwe pwoteje yo anvan nou
prezante kòz pa nou devan Bondye.
Kidonk se pou nou toujou chache
sèvi lòt yo anvan nou konsidere pwòp tèt pa nou. Pawòl Bondye a kontredi
reyalite mond jounen jodi a, kote genyen plis tandans pou chak koukouy klere
pou je li ; Bondye mande pou nou klere pou lòt la aprè sa nou ka vin prezante
tèt nou devan l’.
Jezi envite nou pa viv nan fè
gran panpan tankou Farizyen ak Eskrib yo te konn fè li a. Moun sa yo ap fè gran
panpan, y’ap chante kantamwa, y’ap di moun ki sa pou yo fè menm lè yo menm yo pa aplike li nan pwòp lavi yo. Moun sa yo se
yon pil tonbo blanchi, sa ou wè a se pa sa yo ye. Jezi menm li mande patizan li
yo, kidonk nou menm jounen jodi a, pou nou viv nan senplisite, pou sa n’ap di
se li nou fè, epi piga nou janm swiv moun k’ap fè sa ki pa bon. Menm lè nou ta
kache vizaj nou lè nou ap fè sa a, konnen Bondye li menm l’ap wè nou epi tou,
pa gen verite ki pa sòti deyò yon jou san nou p’ap atann. Yon jou san atann
tout bagay ap dewvale. Konsa, li pi bon pou nou toujou fè jefò pou nou viv nan
verite ak pwòp tèt pa nou epi ak lòt yo.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, tanpri ede nou viv nan
laverite tout tan.
PWOPOZISYON : M’ap devwale nan semèn
sa a yon bagay mwen te kache epi ki te fè kèk moun ap soufri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario