Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
«Pou ou kapab vin tounen pèp sen Granmèt Bondye w’
la».
LEKTI
LIV DETEWONÒM
26,
16-19
Moyiz pale ak pèp la, li di :
«Jodi a Granmèt Bondye ou la pase ou lòd, pou ou
reyalize kòmandman sa yo ak desizyon yo, pou ou obsève yo, pou ou reyalize yo
ak tout kè ou, ak tout nam ou.
Jodi a menm, ou chwazi Granmèt la, pou l’ vin tounen
Bondye ou, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou obsève kòdmanman l’ yo, lòd li
yo ak desizyon l’ yo, pou ou obeyi lòd li. Granmèt la chwazi ou jodi a, pou ou
vin tounen pèp li yon fason espesyal, jan l’ te di w’ la, pou ou obsève tout
lòd li yo ; pou l’ fè ou pi wo pase tout nasyon yo li te kreye yo nan lwanj ;
nan non l’ak nan bèlte l’, pou ou vin tounen pèp ki sen pou Granmèt Bondye w’
la, jan l’ te pale a».
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 118, 1-2. 4-5. 7-8
R/ Se chans pou moun yo
k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Se
chans pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Se
chans pou moun yo ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ak tout kè yo.R.
Ou
pase lòd pou yo obsève kòmandman ou yo. Mwen swete
pou chemen m’ yo dirije pou m’ kenbe desizyon ou yo.R.
M’ap fè lwanj ou nan kè ki dwat, paske mwen aprann
jijman ou yo ki kòrèk yo. M’ap kenbe desizyon ou yo, pa lage m’ pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Se
pou nou kòrèk nèt tankou Papa nou nan syèl la».
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
5, 43-48
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou
te tande yo te di: «Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou».
Mwen
menm mwen di nou: «Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè
pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen
pitit Papa nou ki nan syèl la, li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move
yo, ki fè lapli tonbe sou moun kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si
nou renmen sila yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa
fè sa? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa
fè sa?
Konsa
se pou nou kòrèk nèt, tankou Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Nou
te tande yo te di: «Se pou ou renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou». Sa se
kalite edikasyon yo te ba nou. Men Jezi li menm li vin di nou: « Renmen lènmi
nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo,
k’ap fè manti sou nou…».
Kòm
moun ki konvèti, ki kite fènwa peche, ki pran wout limyè, nou dwe divòse ak vye
koutim nou yo, nou dwe chanje vye manyè nou yo, pou nou kapab tounen sèl ki bay
lavi lòt yo gou, pou nou kapab tounen limyè k’ap klere yo.
Kòm
patizan Jezikri, nou dwe kominike lavi nou resevwa nan pwòp kò ak san li. Nou
kontanple Jezi, e nou vle viv menm jan ak li, nan fidelite renmen Papa. Nou dwe
swiv ekzanp Jezi a, li menm ki te renmen nou san mezi, li renmen nou jiskaske
li mouri pou nou, malgre nou te lènmi li, nou te rejte li, nou te trayi li;
granmesi soufrans li ak pasyon li, nou te jwenn favè merite lanmou enfini
Bondye a ankò. Konsa, an nou mande Bondye fòs ak kouraj pou nou kapab fè sa li
mande nou fè, pou lavi nou kapab tounen yon temwayaj renmen ak mizerikòd lanmou
san limit li a, gras a konkou Lespri renmen li a k’ap klere nou.
LAPRIYÈ: Papa, ou menm ki
ekziste tout tan, vire kè nou nan direksyon ou, pou nou kapab chèche sèl sa ki
nesesè a tout tan, pou nou aji avèk charite, pou ou mete nou apa pou sèvis ou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Pran konsyans Bondye
renmen mwen epi mwen dwe renmen lòt yo menm jan an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario