Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, èske se pa
pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv”?
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa Granmèt Bondye a di:
«Si moun ki pa kòrèk la fè penitans
sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li
fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’ te fè pa kòrèk yo, yo p’ap sonje yo; se nan jistis
li a reyalize a l’ap viv. Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la,
deklarasyon Granmèt Bondye a, èske se pa pou l’ chanje sot nan chemen l’ yo,
pou l’ viv?
Sèlman si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a,
epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa kòrèk la konn fè
yo, èske l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo p’ap sonje yo; se
nan revòlt li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap mouri.
Epi n’ap di: «Chemen Granmèt la pa dwat». Koute non,
kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito chemen pa nou yo ki
move?
Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi
li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk li fè yo l’ap
mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, li
reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke antan l’
ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pwòp,
li p’ap mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2.
3-4ab. 4c-6. 7-8
R/ Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun
k’ap kanpe?
Nan bafon yo m’ap rele kote ou,
Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche
nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt,
ki moun k’ap kanpe? Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere devanjou, se pou Izrayèl
espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an
kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
«Al kòmanse rekonsilye ak frè w’ la».
MEN BÒN NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Si jistis nou pa depase pa pwofesè yo ak farizyen yo,
nou p’ap antre nan rèy syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo:
«Pa touye»; paske moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout
moun ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di frè l’: «Tèt
vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan
lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’
la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan; aprè sa w’a
vini, w’a ofri kado w’ la.
Mete ou dakò avèk lènmi w’ nan byen
vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt ou nan men jij la,
pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite
mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Bondye nou an, se yon Bondye kè
sansib. Nan tout demach, li toujou fè premye pa pou nou, malgre tout sa nou fè
ki pa kòrèk, li toujou la pou l’ padone nou.
Padon Bondye se yon kado gratis ; yon
sèl bagay fòk nou dispoze epi fòk nou vle tou. Bondye pa fòse
pèsonn; si li menm ki Bondye li padone nou, nou menm se pou nou fè tankou li,
li menm li pa janm bouke padone; pafwa
kè nou si tèlman di, atelpwen nou di: toutotan 10 liv tè pa sou lestomak mwen,
mwen p’ap padone. Men jodi a pawòl Granmèt la envite nou pou nou padone chak
fwa yon okazyon prezante. Bondye konnen nou plis pase nou menm, li konnen se
pechè nou ye, se pou sa li pran pasyans pou l’ renmen nou, paske non l’ se
Bondye ; li konnen fèblès nou, epi li la ap tann nou pou l’ padone n’ chak fwa
nou vin kote li. Se
sa k’ fè nan lavi a, li pa janm twò ta pou yon moun jwenn reparasyon : nou
kapab fè sa ki mal, konsa tou nou kapab fè sa ki bon. Yon sèl bagay, fòk nou pran
konsyans ke sa nou fè a pa bon.
Wi, si nou vle nou kapab chanje mal
la an byen, sa pa dwe rete la sèlman ; fòk nou pran konsyans ke lè nou fè yon
bagay ki pa bon, epi pou nou fè jefò pou nou chanje fason n’ap viv la, se pou
nou gen yon konpòtman ki fè Bondye plezi, chanje fason nou panse. Se pou nou
gen charite youn pou lòt, nou wè bagaye sa yo, se sa ki baz chanjman nou, pou
nou kab jwenn padon gratis Bondye a. Epi se tout bagay sa yo k’ap fè Bondye
resevwa kado n’ap ofri l’ yo.
Jodi a, se yon envitasyon Jezi fè
nou, pou pa gen ipokrizi nan relasyon nou kòm frè ak sè.
An nou pwofite tan Karèm nan ki se
yon tan fò, yon tan pou n’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Si n’ vle gen Dimanch Pak la, fòk nou prepare l’ depi kounye
a, aksepte antre nan dezè a avèk Jezi, pou n’ kab leve vivan ansam avèk li. Pou kont nou, nou p’ap kapab, ann mande l’ ba nou
fòs Lespri Sen an pou n’ rive jis nan bout.
LAPRIYÈ
: Bondye Granmèt, nou konnen kijan kè w’ sansib pou
nou, ba nou fòs pou n’ kab aprann padone, sitou pandan tan Karèm nan ; se ou ki
sèl fòs nou, nou konte sou ou paske se ou menm ki kapab ede nou fè yon vrè
chanjman nan lavi nou, konsa n’a ede lòt yo chanje tou. Amèn.
PWOPOZISYON : Mwen p’ap kenbe moun nan kè, m’ap chèche lapè
nan rekonsilyasyon sensè, puiske Granmèt la aksepte m’ jan m’ ye a, malgre mwen
se pechè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario