Koulè
vyolèt
SENKYÈM
DIMANCH KARÈM, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Men mwen
fè tout bagay nouvo, m’ap bay pèp mwen an bwè".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
43, 16-21
Men pawòl
Granmèt la, li menm ki mete chemen nan lanmè a, ak santye nan ravin dlo yo, li
menm ki fè kabwèt ak chwal sòti, ni lame, ni vanyan sòlda; yo dòmi yo tout
ansanm yo p’ap leve, yo boule tankou twal, yo etenn:
"Pa sonje premye bagay yo, pa
ekzamine bagay lontan yo. Men mwen fè bagay nouvo, koulye a y’ap parèt, nou
rekonèt yo sèten; m’ap mete chemen nan savann nan, avèk larivyè nan kote yo pa
konn pase a.
Bèt ki nan rak bwa yo ap fè lwanj mwen,
— dragon avèk otrich, — paske mwen mete dlo nan savann, larivyè nan kote yo pa
konn pase a, pou m’ bay pèp mwen an bwè, li menm mwen chwazi a. Pèp sa a mwen
fòme a, l’ap rakonte lwanj mwen".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
125. 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6
R/
Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou vin gen kè kontan.
Lè Granmèt la t’ap fè prizonye Siyon yo
tounen, nou te tankou moun ki nan rèv.
Lè sa a bouch nou vin plen ak kontantman, lang nou ak
chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo:
“Granmèt la fè mèvèy avèk yo.
Granmèt la fè mèvèy avèk nou: nou vin
gen kè kontan”.R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen,
tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekòlte ak
chante fèt.
Antan y’ap pote
zepi yo.R.
Yo t’a prale antan y’ap priye, yo t’ap
pote semans pou yo simen an; y’ap tounen ak chante fèt, antan y’ap pote zepi
yo.R.
DEZYÈM
MOSO LABIB
“Pou Jezikri mwen konsidere tout bagay
tankou dezavantaj, mwen vin sanble ak lanmò”.
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO
3, 8-14
Frè m’ yo:
Mwen konsidere tout bagay kòm dezavantaj
poutèt syans Jezikri Granmèt mwen an ki depase tout bagay la: poutèt li mwen konsidere
tout bagay tankou dezavantaj, mwen konsidere yo tankou fatra, pou m’ kapab
genyen Jezikri, pou yo jwenn mwen nan li san m’ pa gen jistis pa m’ ki sot nan
lalwa a, men jistis sa a ki sot nan lafwa Jezikri a, jistis sa a ki sot nan
Bondye a, jistis nan lafwa a; pou m’ konnen Jezikri ni fòs leve vivan l’ nan,
pou m’ asosye avèk soufrans li, pou m’ sanble ak lanmò l’, pou m’ kapab rive
leve sot nan pami mò yo.
Sa pa vle di mwen deja rive, mwen deja
fin bon nèt; men m’ap kontinye pou m’ eseye pran bagay sa yo, menm jan Jezikri
fin pran m’ nan. Frè m’ yo, mwen pa konsidere mwen deja pran. Se yon sèl bagay:
mwen bliye sa k’ dèyè, se sa k’ devan m’ap rapousuiv, pou m’ rive nan dènye
pwen an, pou m’ jwenn rekonpans la kote Bondye rele m’ anlè a nan Jezikri.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Moun ki san peche nan pami nou, se pou
l’ ba l’ premye kout wòch la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8, 1-11
Lè sa a:
Jezi rive sou mòn Olivye yo. Granmaten,
li tounen nan kay sakre a, tout pèp la vin kote l’, li chita, l’ap bay
lansèyman.
Pwofesè yo ak farizyen yo mennen yon
madanm yo te jwenn ki t’ap fè adiltè, yo mete l’ kanpe nan mitan, yo di l’:
“Mèt, madanm sa a yo jwenn li ap fè adiltè. Nan lalwa a, Moyiz pase nou lòd pou
yo touye kalite moun sa yo avèk kout wòch; ou menm menm sa ou di?” Yo te di sa
pou yo eseye l’, pou yo te kapab akize l’.
Jezi menm panche atè a, li kòmanse ekri
ak dwèt li atè a. Kòm yo te kontinye ap poze l’ kesyon, li drese, li di yo:
“Moun ki san peche nan pami nou, se li menm ki pou voye wòch sou li an
premye". Li panche ankò, li t’ap ekri atè a. Lè yo tande sa, yo pati youn
apre lòt, kòmanse sou sa k’ pi granmoun yo; Jezi ret pou kont li ak madanm nan
ki kanpe nan mitan.
Jezi drese kò l’, li di l’: “Madanm,
kote yo ki t’ap akize ou? Pèsonn
pa kondane ou?”
Li di: “Pèsonn
Granmèt”.
Jezi di: “Mwen
menm tou mwen pa kondane ou: ale, pa fè peche ankò”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Lititiji pawòl
Bondye pou dimanch sa pèmèt nou fikse atansyon nou sou youn nan twa sa yo rele
“vèti tewologal” nou jwenn nan doktrin Kris la: esperans.
Pwofèt Izayi ap
fè nou sonje ke esperans nou se pa nan bagay ki te pase yo nou mete li, men se
nan nouvote Bondye ki pwomèt nou l’ap pase swaf nou an. Li te fòme nou epi
chwazi nou kòm pèp pa li; se poutèt sa nou pa dwe pè lè van difikilte yo ap
soufle. Li te fè nou wè grandè pouvwa li; se pou
sa fòk kè nou toujou kontan.
Malgre nan anpil moman nan lavi nou, nou
te “simen” nan soufrans ak fatig, esperans nou kòm kretyen fè nou toujou kwè ke
n’ap rive rekòlte ak chan, se pa akoz pwòp fòs nou, men se gras ak konkou
lagras Granmèt la.
Se nan pèspektiv esperans sa a nou kapab
konprann pawòl Sen Pòl la: “Mwen konsidere tout bagay tankou fatra”. Sèke devan
posiblite ki genyen pou nou rankontre ak Kris la, tout sa ki sèvi entèmedyè
parèt kòm bagay ki pa gen gwo enpòtans. Se pa paske nou dwe depresye mond n’ap
viv la oubyen souzestime Soufrans n’ap viv nan tan sa a, men se paske esperans
nou kòm kretyen dwe depase bagay sa yo, pou nou espere nan sila a ki pwomèt nou
fòs rezireksyon l’ nan nan moman nou kominye nan pwòp soufrans li yo.
Esperans la byen defini nan fraz sa a:
“Sa pa vle di mwen deja rive, mwen deja fin bon nèt; men m’ap kontinye pou m’
eseye pran bagay sa yo”. Sa a se esperans lan, sa ki kenbe nou nan mouvman epi
ki pa pèmèt nou chita tou dekouraje a. Malgre pwoblèm ak difikilte, kretyen an
genyen konviksyon ke dènye mo a, se pa ni mal la, ni dekourajman an, ni lanmò a
ki genyen li, men se si la ki te deja pote laviktwa sou bagay sa yo a avèk rezireksyon
li an.
Men se nan Levanjil la nou jwenn twa
dimansyon esperans lan: Bondye pa rapò ak nou; nou menm pa rapò ak tèt nou epi
nou menm pa rapò ak lòt yo.
Bondye pa jije fanm adiltè a, kidonk li
kwè li kapab rejenere lavi li epi, pi devan, pou li pa peche ankò.
Fanm nan pa santi ke yo jije li, okontrè
li santi Jezi renmen li, respekte li; poutèt sa li fè kò ak li e li rekonèt li
kòm Granmèt. Jès renmen sa a entèpele sila yo ki te lonje dwèt sou li e ki t’ap
tann yo asasinen li. Si Granmèt la gen espwa sou nou, si li konte sou nou
malgre feblès nou yo ak enfidelide nou yo, menm jan an tou nou gen vokasyon pou
nou fè sa pou frè ak sè nou yo; malgre feblès yo, pou nou pa fè premye kout
wòch la.
LAPRIYÈ
: Granmèt,
fè nou gen plis esperans pou nou pa dekouraje nan moman difisil yo, men pou nou
fè volonte w’ nan renmen ak mizerikòd.
PWOPOZISYON:Lapriyè ak yon «Papa nou», yon
«Mari se pou w’ kontan…» pou malad ki pèdi esperans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario