Páginas

SAMDI 12

Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen tankou yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI
11, 18- 20
Ou menm Granmèt, ou fè m’ wè, mwen konnen; ou montre m’ plan yo.
Mwen menm mwen te tankou yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa, mwen pa t’ konnen, se sou mwen yo t’ap kalkile plan, yo t’ap di: "An nou mete bwa nan pen l’, an nou wete l’ sot sou tè vivan yo, yo p’ap sonje non l’ ankò".
Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki jije kòrèk, ki sonde ren ak kè, se pou m’ wè vanjans ou sou yo; sèke mwen devwale ou kòz mwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 7, 2-3. 9bc-10. 11-12
R/ Granmèt Bondye m’, nan ou mwen espere.
Granmèt Bondye m’, nan ou mwen espere; sove m’ sot nan men tout moun k’ap pèsekite m’ yo, delivre m’, pou l’ pa pran lavi m’ tankou lyon, k’ap dechire, san pa gen pèsonn pou sove.R.
Jije m’, Granmèt, daprè jistis mwen, daprè inosans mwen ki nan mwen. Se pou mechanste pechè yo boule; asire sila a ki kòrèk la: ou menm k’ap sonde kè ak ren, Bondye ki kòrèk. R.
Sekou m’ kot Bondye, li menm ki sove moun ki dwat nan kè yo. Bondye jij ki kòrèk. Li menm ki fò, li menm y’ap fè fache chak jou.R.
LEVANJIL
“Èske Kris la ta vin sot nan Lagalile”?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 40-53
Lè sa a:
Nan foul la, lè yo tande pawòl Jezi yo, yo t’ap di: "Sila a se pwofèt tout bon vre". Dòt t’ap di: "Sila a se Kris la". Kèkzen menm t’ap di: “Èske Kris la ta vin sot Lagalile”? Èske Labib pa di: “Se nan ras David ak nan bouk Bètleyèm, kote David te ye a, pou Kris la vin soti”? Konsa te gen dezakò nan foul la poutèt li. Gen nan yo ki te vle arete l’; men pèsonn pa t’ lonje men sou li. Sèvitè yo rive kot prèt an chèf yo ak farizyen yo. Sila yo di yo: "Poukisa nou pa t’ mennen l’"?
Sèvitè yo reponn: "Pèsòn pa janm pale tankou mesye sa a".
Farizyen yo reponn yo: "Èske nou menm tou, nou kite yo twonpe nou? Èske nan prèt an chèf yo gen yon moun ki kwè nan li, oubyen nan pami farizyen yo? Men foul sa a, ki pa konn lalwa a, yo madichonnen".
Nikodèm di yo, li menm ki te vin kote l’ nannuit la, li menm ki te youn nan yo: "Èske lalwa nou an jije yon moun san l’ pa tande l’ anvan pou l’ konnen sa l’ fè"?
Yo reponn, yo di l’: "Èske ou menm se moun Lagalile ou ye? Fouye Labib, gade w’ap wè nan Lagalile pwofèt pa sot la".
Konsa chak moun pati lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.

REFLEKSYON
Pèsonn pa janm pale konsa. Kilès li ye? yon pwofèt? Sila a se kris la? Lè nou gade tèks jodi a, li kòmanse nan lòd ranvèse paske li bay repons tout kesyon yo.Yo voye chèf sòlda pou arete Jezi; lè yo rive yo sezi tande pawòl li t’ap pale a. Farizyen yo ak chèf prèt yo pa t’ rekonèt li kòm kris la, paske li sòti nan ras David ak nan bouk Bètleyèm, yo pa t’ bay mesaj li yo enpòtans, yo t’ap di: nou pa kab swiv moun k’ap bay move temwanyaj, ki pa konn lalwa.
Men yo menm yo vyole lalwa, yo kondane moun san yo pa jije l’; pou yo menm, yo gen konviksyon ke Labib pa janm di gen yon pwofèt k’ap sòti Galile. Nan sosyete ke n’ap viv la gen anpil moun ki pa konnen kilès Bondye ye, swa pou inyorans yo, swa yo pa ko tande pale de Bondye oubyen yo fèmen pòt ke yo pou Granmèt pa antre.
Jodi a, Levangil la envite nou pou n’ fè tankou Nikodèm, pou nou swiv Jezi nan lafwa, li se pwofèt nou, se Kris la ki bay tout moun ki kwè nan li diyite kòm pitit Bondye, li reyalize volonte Papa li nan tout sa l’ap fè, li pwoteje nou, li pa janm lage nou nan move chemen.
Ann mande Bondye pou l’ voye fòs Lespri Sen an sou nou pou n’ kapab rekonèt dwa tout pitit li yo pou n’ travay pou lajistis ak lapè.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ba nou plis lafwa pou n’ kapab kwè nan ou, ba nou plis mizerikòd pou nou pa kite fòs mal la pote lavitwa sou nou, men pou nou rive venk li antan nou youn ap sèvi lòt. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Bay bon temwayaj sou Jezi tout kote nou pase.

No hay comentarios:

Publicar un comentario