Koulè
vyolèt
PREMYE
MOSO LABIB
"Padonnen fot pèp ou a".
NAN
LIV EKZÒD 32, 7-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
"Ale, desann; pèp ou a fè peche, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la.
Yo gen tan kite chemen an ou te montre yo a, yo fè yon ti towo avèk lò yo fonn
nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: "Men dye w’ yo,
Izrayèl, ki te fè w’ sòti nan peyi Lejip la".
Granmèt la di Moyiz ankò: "Mwen wè
kijan pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’ pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ efase
yo, men m’ap fè w’ vin tounen yon gran nasyon".
Moyiz menm pran lapriyè Granmèt Bondye
l’ la, li di: "Poukisa, Granmèt pou kòlè ou flanbe kont pèp ou a, li menm
ou te fè sòti nan peyi Lejip la ak gran fòs, ak men ki gen pouvwa? Pa kite
Ejipsyen yo di: "Se nan pyèj li pran yo pou l’ te fè yo sòti, pou l’ te
kapab touye yo nan mòn yo, pou l’ te efase yo sot sou tè a": kalme kòlè
ou, padonnen fot pèp ou a.
Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè
w’ yo, yo menm ou te fè sèman ba yo sou pwòp tèt ou, ou te di: "M’ap fè
desandans nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a,
m’ap bay desandans nou li, n’ap posede l’ tout tan".
Granmèt la vin kalme, li pa fè malè a li
te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
105, 19-20. 21-22. 23
R/
Sonje nou, Granmèt, pou jan ou sansib pou pèp ou a.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon
pòtre; yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a. Li menm
ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan
lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz
sila a li te chwazi a, ki te pwoche.
Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou
l’ vire kòlè l’ pou l’ pa fè yo peri.R.
LEVANJIL
"Sila a k’ap
akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
5, 31-47
Lè sa a: Jezi di Jwif yo:
"Si mwen menm mwen sèvi pwòp tèt
mwen temwen, temwayaj mwen an pa vrè. Gen yon lòt ki sèvi m’ temwen, mwen
konnen temwayaj li rann mwen an, li vrè.
Nou menm nou te voye kot Jan, li te sèvi
m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen, men bagay
sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe, k’ap
klere; nou menm menm nou te vle jwi limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm
mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an.
Travay Papa m’ ban mwen pou m’ reyalize
a, se travay sa yo menm mwen fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se Papa a
ki voye m’. Papa a ki voye m’ nan, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou pa janm
tande vwa li, nou pa janm wè fas li; nou pa gen pawòl li ki ret nan nou, paske,
nou pa kwè nan sila a li voye a.
N’ap fouye Labib, paske nou konprann se
ladan l’ n’ap jwenn lavi tout tan an, se Labib la k’ap sèvi m’ temwen. Men nou pa vle vin jwenn mwen, pou nou gen lavi.
Mwen pa resevwa
bèlte nan men lèzòm. Men mwen rekonèt nou, nou pa gen renmen Bondye a nan nou. Mwen
vini o non Papa m’, nou pa resevwa m’; si yon lòt rive o non l’, nou resevwa
l’. Kijan nou ta kapab kwè, nou menm k’ap resevwa bèlte youn nan men lòt, epi
bèlte a ki sot nan Bondye syèl la, nou pa chèche l’?
Pa konprann se mwen menm k’ap akize nou
devan Papa a: sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a.
Si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen petèt; paske se sou mwen li te
ekri. Men si nou pa kwè nan sa l’ ekri yo, kòman nou ta kapab kwè nan pawòl
mwen yo"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan Levanjil Sen
Jan, nou wè kote Jwif yo antre nan konfli avèk Jezi, paske yo pa konprann Labib
se yon medyasyon ki pèmèt Bondye antre nan kominyon ak pèp li a. Yo menm yo
adore lalwa, poutan Jezi kontinye defann laverite ; se pou sa li konsidere tèt
li kòm akize paske li montre ke se temwen avèg ke yo ye. Yo manke konfyans ak
lafwa nan moun Bondye voye nan lachè a. Se pou sa li di : «Travay papa m’ ban
mwen pou m’ reyalize a, se travay sa yo k’ap sèvi m’ temwen. Pèp Izrayèlla te
konsyan, nan travay Bondye te reyalize nan istwa yo, li fè yo sòti nan Legip,
li fè yo wè mèvèy nan peyi Kanaan. Nou menm kòm kretyen batize, se temwayaj
Jezi ki aprann nou ken lafwa nan Bondye lavi a.
Jounen jodi a,
n’ap rankontre anpil fo pwofèt ki di si nou pa swiv yo nou p’ap sove. Evanjelis
la envite nou li Labib, medite pawòl Granmèt la, pou nou kapab jwenn lavi ki
p’ap jann fini an. Ala bon sa ta bon si
nou te kapab sonje lafwa se yon konviksyon nou gen nan Bondye ki pèmèt nou viv
nan renmen youn ak lòt, nan respè youn pou lòt.
LAPRIYÈ: Bondye papa, tanpri, ban mwen yon
kè ki plen mizerikòd, ki sanble ak kè pa ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Kwè nan pawòl Granmèt la, n’a gen lavi ki p’ap jann
fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario