Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen
enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
49, 8-15
Men sa Granmèt
la di:
"Nan tan
favè a mwen koute ou, nan jou delivrans la mwen pote ou sekou; mwen pwoteje ou,
mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou w’ met peyi a kanpe, pou w’ posede
eritaj ki gaye yo; pou w’ di sila yo ki nan prizon yo: "Sòti", epi sa
ki nan fènwa yo: "Parèt".
Sou wout yo,
y’ap jwenn manje, nan tout plenn y’ap jwenn jaden zèb yo. Yo p’ap grangou, yo
p’ap swaf, chalè solèy la p’ap frape yo,
paske sila a k’ap kondui yo a, li sansib, l’ap pase swaf yo nan sous dlo yo.
M’ap fè tout mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo ap leve.
Men sila yo ap
vin sot lwen, men dòt k’ap vin sot nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt menm ankò sot
nan peyi nan Sid, fè lwanj, syèl yo! Danse, tè a! Fè lwanj eklate, mòn yo!
Paske Granmèt la konsole pèp li a, l’ap pran pitye pou pòv li yo.
Epi Siyon t’ap
di: "Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’". Èske yon madanm kapab
bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn ta
bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou"!
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
144, 8-9. 13cd-14. 17-18
R/
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib.
Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib
li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou
tout sa l’ fè.R.
Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo,
li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe,
li drese tout moun ki febli.R.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’ yo,
li sen nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’ yo,
tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
LEVANJIL
"Menm jan Papa a leve mò yo, li bay
lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 17-30
Lè sa a:
Jezi reponn Jwif
yo: "Jouskoulye a, Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap travay".
Se pou sa menm Jwif yo t’ap chèche touye
l’ pi plis la, paske non sèlman li te anile saba a, men li te deklare Bondye se
papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin egal ak Bondye.
Konsa, Jezi reponn, li di yo:
"An verite, an verite mwen di nou,
Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’ pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè
reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a renmen Pitit la, li montre l’
tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran aksyon pase sa yo ankò, pou nou
kapab sezi.
Sèke menm jan Papa a leve mò yo, epi li
bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li vle li bay lavi. Papa a pa jije
pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an, pou tout moun respekte Pitit la
menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa respekte Papa
a ki voye l’ la. An verite, an verite mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, ki
kwè sila a ki voye m’ nan, li gen lavi tout tan an, li pa antre nan jijman, men
li travèse sot nan lanmò al nan lavi.
An verite, an verite mwen di nou, lè a
rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo,
y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li menm nan, konsa li bay Pitit la
pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’ pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske
se Pitit moun li ye.
Pa sezi pou sa, sèke lè a rive, kote
tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te
fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te fè mal yo menm se pou leve jijman an.
Mwen pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa
m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa
chèche volonte m’, men volonte sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
“Menm si yon
manman ta bliye pitit li, mwen menm mwen p’ap bliye ou” ! Atravè pawòl sa nou
jwenn nan premye lekti a, Bondye ba nou garanti l’ap avèk nou toutan, menm jan
li te konn mache ak pèp li a nan ansyen tan yo. Pi gwo prèv nou genyen Bondye
avèk nou tout bon vre, se nan Jezikri nou kapab dekouvri sa. Li menm ki se sila
a Bondye Papa te voye pou vin restore lavi nou, pou pote chanjman ak liberasyon
tout moun t’ap tann nan. Se li menm Bondye enstale kòm chèf, kòm jij sou
kreyasyon, li ba li pouvwa anwo nan syèl la ak sou tè a pou li kapab kòmande
tout kreyati. Li se wa ki etone moun nan fason li ekzèse pouvwa li, yon wa ki
pa genyen lòt konseye ke Lespri Bondye a, yon wa ki pa genyen lame sof lame zanj
yo, yon wa ki bezwen domestik paske li vini pou li sèvi. Li
se sila ki lanse yon apèl bay tout pitit Bondye ki te gaye, ki te lwen; li rele
yo pou yo kapab mete tèt yo ansanm anba yon sèl drapo.
Se poutèt sa nou dwe kontan. Kè sansib
Bondye a akonpaye nou, renmen Granmèt ba nou asirans lavi ak kè kontan. Nou li
nan sòm 144: “Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’
yo. Granmèt la
soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli”.
Tout lavi nou
vize yon sèl bagay: lavi nan kè kontan. Tout sa n’ap fè pandan ekzistans nou,
se pou nou kapab rive mennen yon lavi ki miyò. Kèlkeswa wòl nou ranpli nan
sosyete a, kèlkeswa ran sosyal nou, ebyen n’ap lite pou yon lavi miyò, paske
nou santi tout bagay pa byen, nou santi gen vid ki merite konble nan lavi nou.
Jiskilè n’ap
rive konble vid sa yo? Jiskilè dezi nou yo ap rive konble tout bon vre? Tout sa
nou genyen, nou pa janm satisfè, menm si gen lòt moun ki poko gen anyen ditou;
ebyen jodi a, nou dwe sonje ke vrè byen an, byen tout bon vre a, se nan Bondye
nou kapab jwenn li. Se Granmèt la ki kapab ba nou kè kontan, se nan li sèl nou
kapab rive gen lavi tout bon vre a. Se «byen» ke pèsonn moun pa kapab retire
nan men nou an. Se Jezi k’ap pale ak
nou jodi a pou li di nou: “Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa
tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi”.
Frè ak sè m’yo, nou deja konnen mizerikòd Granmèt la pi fò ke peche nou yo;
men sa li vle, se pou nou konvèti epi pou nou viv. Jodi a, an n’ eseye pran
wout konvèsyon an pou nou kapab rive fè chanjman nan lavi nou, konvèsyon k’ap
ede nou jwenn lavi Jezi ap ofri nou an, lavi li deja ap viv ak Papa a ak Lespri
Sen an.
LAPRIYÈ
: Jezi Granmèt, ou menm ki pote lavi
gratis pou mwen, tanpri pa kite mwen kontinye nan chemen pèdisyon mwen ye la a.
Tanpri mete Lespri ou nan mwen pou li kapab dirije mwen nan sans ou vle mwen
ale a.
PWOPOZISYON
:M’ap gade tèt mwen nan miwa konsyans
mwen pou mwen kapab chanje tout sa ki merite chanje, paske mwen pa kontinye ap
bay tèt mwen manti, ni mwen pa ka kontinye ap viv nan ipokrizi ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario