Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen wè
yon dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo sa a sove
yo".
NAN
LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9.12
Jou sa yo:
Mesaje a fè m’ vire jous nan pòt kay
Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt la nan direksyon solèy leve a; sèke
fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve, dlo yo menm t’ap desann bò kote
dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan chemen ki t’ap gade nan
direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule anpil sot nan kote dwat la.
Lè mesye a sòti nan
direksyon solèy leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk san mèt, li
fè m’ travèsè nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san mèt, li fè
m’ travèse nan dlo a jous nan jenou; li konte senk san epi li fè m’ travèse nan
dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’ kapab
travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di
m’:
"Sètènman ou wè, pitit moun".
Li kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’ vire, mwen wè
anpil pye bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: "Dlo sa yo, k’ap
sòti pou y’al nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan,
y’ap antre nan lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap
mouvmante, y’ap viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo
sa yo rive kote sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv.
Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò, ap
gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi;
chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap
sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi remèd".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
45. 2-3. 5-6. 8-9
R/
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon
kachèt pou nou ak fòs, sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se
pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante, pandan mòn yo ap transpòte nan kè
lanmè a.R.
Bò larivyè a mete kontantman nan vil
Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap
bouke; Bondye pote l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou
Bondye Jakòb la.Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
"Menm lè a mesye sa a vin
geri".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
5,
1-3a. 5·16
Se te yon jou fèt Jwif yo, Jezi monte
Jerizalèm.
Jerizalèm gen yon basen pou mouton yo,
yo rele l’ nan langaj ebre Betsayid, li gen senk galri. Nan yo te gen yon pakèt
foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men yo
seche; te gen yon mesye ki te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè
Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil tan deja li te gen maladi a, li
di l’: "Èske ou vle geri"? Malad la reponn li: "Granmèt, mwen pa
gen pèsonn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon
lòt gen tan desann anvan m’", Jezi di l’: "Leve, pran nat ou, al
mache". Menm lè a mesye
sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se
te yon jou saba, Jwif yo di moun nan ki te geri a: "Se saba; ou pa gen dwa
pran nat ou". Li reponn yo: "Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di
m’: "Pran nat ou, mache".
Yo poze l’
kesyon: "Kilès moun sa a ki di ou pran nat ou, mache a"? Sila
a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan
foul la ki te la a.
Aprè sa"Jezi jwenn li nan kay sakre
a, li di l’: "Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive
ou". Mesye a ale, li bay Jwif yo nouvèl, li di se Jezi ki te fè l’ geri.
Se pou sa Jwif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè bagay sa yo jou saba.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, pawòl
Bondye ap fè nou sonje feblès nou kòm moun, ak mizerikòd Bondye ki manifeste
nan feblès nou. Lè nou li premye lekti a, gen de ekspresyon ki kapab atire
atansyon nou : kay sakre ak dlo. Kisa de bagay sa yo vle di pou nou? Premyèman,
an nou konsidere kay sakre a : yo byen di nou, ‘‘kay sakre’’; yon non ak yon
adjektif. Se pa de nenpòt ki kay y’ap pale nou,
men de yon kay ki sakre. Kay sakre a, li vle di, kay kote Bondye abite, kay ke
yo dwe respekte, kay kote moun pa kapab fè sa yo vle.
Nou sonje sa ki te pase lè Jezi te jwenn
moun yo t’ap fè komès nan kay sakre a, kòman li te fè yon gwo fwèt pou li kouri
dèyè yo pou li kale yo. Vrèman vre, moun sila yo te vle melanje sa ki sakre ak
sa ki pwofán. E lè Jezi kouri dèyè yo pou li kale yo a, li te vle aprann yo fè
distenksyon sa a. Lè yo pale nou de kay sakre, yo vle pale nou de Legliz la.
Men atansyon! Gen de fason pou nou konpran mo ‘‘Legliz la’’ : premyèman, Legliz
vle di, «tout moun ki kwè nan Bondye k’ap mache dèyè Jezikri» ; brèf, tout moun
k’ ap suiv ansèyman Kris la. Se sa k’ fè yo pale de ‘‘Legliz Inivèsèl oubyen
Legliz Katolik’’ (nan lang grèk, katolikôs vle di inivèsèl). Jezikri se fondatè
Legliz la e se li ki tèt Legliz la. Si li se tèt, moun k’ap swiv li yo fòme kò
a ansanm ak li. Dezyèmman, Legliz la vle di «kay kote moun yo reyini pou yo fè
lwanj ak konpliman pou Bondye».
Nan premye lekti a, yo pale nou de yon
dlo ki t’ap sòti anba papòt kay Granmèt la, nan direksyon solèy leve a. Sa a,
se sous dlo lagras Bondye rele nou pou nou plonje ladan li an, sous ki lave
nou, ki pirifye nou e ki fè nou tounen yon moun tou nèf pou Bondye, yon pafen
k’ap degaje bon lodè nan nen li.
Depi nan batèm nou,
nou tounen manb Legliz la e nou genyen yon misyon ki pa piti. Misyon pè, pwofèt
ak wa nan Jezikri. Misyon ke nou resevwa aprè nou fin plonje nan lanmò Kris la
pou nou leve byen vivan ak li (batèm nan genyen 2 mouvman : plonje/ leve). Se
premye sakreman ki fè nou antre nan Legliz la pou nou fè kò ak Kris la. E gras
a sa, nou resevwa pwoteksyon nan men Bondye, nou jwenn yon fòs ki pèmèt nou
lite epi venk tout fòs fènwa ki vle anpare nou. Sa pote yon gwo kontantman nou
jwenn ki eksprime nan sòm 45 lan, « Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou
Bondye Jakòb la ».
Kanta pou moso
Levanjil Sen Jan nou li pou jodi a, li prezante nou yon mesaj ki klè: Pitit
moun nan ki kontinye ap libere moun nan kò ak nan lespri.
Nou wè kòman Juif yo te eskandalize, yo
te estomake poutèt nèg sa ki te malad depi trantuit an, ke Jezi te libere jou
Saba a. Jezi di mesye a : « Pran nat ou, mache ». Sa se yon gwo mèvèy ! Aprè sa
li di li : « Men ou geri, pa fè peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou ».
Mesaj nou dwe kenbe pou jodi a, sèke
Bondye renmen nou menm si tout moun rayi nou ; saba a fèt pou moun se pa moun
ki fèt pou Saba a. Pa genyen okenn prensip sosyete yo kapab mete pi wo pase
lavi yon moun. Pa pwofite
konpasyon Bondye pou nou kontinye ap benyen nan peche, paske malè ka rive nou.
LAPRIYÈ : Bondye,
ou menm ki renmen mwen pase tout bagay, ou menm ki mete diyite mwen pi wo ke
tout lwa ak prensip, tanpri fè m’ gen kouraj temwaye grandè w’ ak renmen ou
chak jou nan lavi mwen.
PWOPOZISYON : Bondye Papa, ou menm ki plen mizerikòd, tanpri, lave
mwen, pwòpte mwen, pou tout fwa mwen te mal itilize kay sakre ou a, pou tout
fwa mwen te sal kò mwen ki se kay sakre Lespri ou a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
No hay comentarios:
Publicar un comentario