Koulè vyolèt
PREMYE LEKTI
"Yo p’ap
tande vwa kriye ak vwa rèl ankò".
NAN LIV PWOFÈT IZAVI
65, 17-21
Men pawòl
Granmèt la:
"Men m’ap
kreye syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou
kè a.
Men n’ap kontan,
n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm
"Fèt" ak pèp li a "Kè kontan". M’ap fete nan Jerizalèm,
m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen timoun
k’ap mouri tou piti ladan l’ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo,
paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive
santan, se moun madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap
abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
29, 2 e 4. 5-6. 1 l-12a e 13b
R/
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou
delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’.
Granmèt, ou delivre nanm mwen sot anba
pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj
pou souvni l’ ki sen. Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout
lavi li renmen.
Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se
kè kontan.R.
Koute, Granmèt,
pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou.
Ou fè rèl dèy
mwen an vin tounen dans pou mwen.
Granmèt Bondye
m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Ale, pitit
ou a ap viv".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se
Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’
rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’
fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la.
Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li
te fè dlo a vin tounen diven an. Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad
Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote
l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri.
Li di Jezi:
"Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri".
Jezi di l’:
"Ale, pitit ou a ap viv". Mesye
a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.
Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin
rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di l’ pitit li a ap viv. Li mande yo ki lè li
te gen soulajman. Yo di l’: "Se yè, a inè nan laprèmidi, lafyèv la kite
l’". Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te di l’ "Pitit ou a ap
viv"; li kwè ni li menm ni tout kay li a.
Sa a se dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’
te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Pwofèt Izayi, se
mesaje yon pawòl lespwa, yon pawòl konsolasyon pou pèp la. «Men m’ap kreye syèl
nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò». Nan
moman detrès yo, pèp la pi souvan dekouraje, panse kè Bondye lage l’ poutèt li
peche. Sepandan Bondye di l’ l’ap vin refè l’, l’ap vin padone peche l’ yo,
lanmò p’ap pote laviktwa sou li ankò.
Nan Levanjil sen Jan
an, Jezi tounen lakay li, Nazarèt, kote l’ te fè premye mirak li. Li te fè
premye mirak li la, paske se te sou demand manman l’, dezyèm mirak sa a li fè
l’ sou demand yon moun ki pa t’ moun zòn nan. Sa k’ pi enpòtan pou nou reflechi
nan tèks sa a, se lafwa ki pèmèt mirak yo posib pou moun ki kwè yo ; se pa
paske nan Nazarèt pa t’ gen nesesite, pa t’ gen maladi. Sila yo ki moun zòn nan
pa t’ rekonèt Jezi kòm Mesi yo t’ap tann nan, se nan mitan yo Jezi grandi, yo
pa t’ gen lafwa nan li; kidonk yo pa t’ janmen mande l’anyen, yo pa t’ janmen
konfye l’ mizè yo, maladi yo, touman yo.
Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen
pwofèt yo resevwa byen lakay li. Sepandan ofisye wa a, non sèlman li tande pale
de Jezi, li chèche konnen l’, li konfye l’ pwoblèm li, li kwè ke li kapab sove
pitit li ki malad. Mirak Jezi ale nan mezi lafwa nou, nan mezi konfyans nou
plase nan li.
LAPRIYÈ:Bondye
Papa, nou lage nan men ou tout moun ki malad, espesyalman sila yo ki pa gen
mwayen pou yo ale lopital, tanpri pote konsolasyon ak gerizon pou yo. Pa pouvwa
Jezikri.Amèn
PWOPOZISYON:
Lafwa se pa yon bagay ke ou kapab manyen, ou pa ka wè l’, men li pi konsekan,
li pi fò pase sa w’ ka wè ak sa w’ ka manyen yo. Mete konfyans ou nan Bondye e w’a wè mèvèy bouch pa ka
pale.
No hay comentarios:
Publicar un comentario