KÒMANSMAN TRIDYÒM
PASKAL
Koulè Blan
JEDI SEN
+ MÈS SEN-KRÈM NAN MATEN: (Se mès evèk la selebre ansanm ak pè
yo; mès kote yo beni tout kalite luil ki sèvi nan sakreman yo).
[POU MÈS SOUPE GRANMÈT LA ASWÈ: (Ekzòd 12, 1-8. 11-14; Ps 115, 12-13. 15-16bc. 17-18; 1 Kor11, 23- 26; Jan 13, 1- 15)]
PREMYE LEKTI
“Granmèt la sakre m’, li voye m’
anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. 6a.
8b-9
Lespri Granmèt la sou mwen, se pou
sa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki
kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo,
pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou vanjans pou Bondye nou
an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas
sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto
lwanj nan plas lespri tristès.
Nou menm y’ap rele nou “prèt Granmèt
la”, y’ap di nou “sèvitè Bondye nou an”.
M’ap
ba yo rezilta travay yo nan verite, m’ap pase yon alyans tout tan avèk yo. Y’ap
rekonèt ras yo nan nasyon yo, ak sa k’ sot nan yo nan mitan pèp yo. Tout moun
k’ap wè yo ap rekonèt yo, paske yo se semans Granmèt la beni.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 88, 21-22. 25 e 27
R/ Kè
sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak
luil mwen ki sen an mwen sakre l’.
Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ap
ba li fòs. R.
Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk
li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap rele m’: “Se Papa m’ ou
ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li fè nou
vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa a”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1,
5-8
Favè pou nou ak lapè sot nan
Jezikri, ki temwen fidèl la, premye pitit nan pami mò yo, ak chèf wa yo ki sou
tè a, li menm ki renmen nou, ki lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, ki fè
nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak otorite
pou tout tan gen tan. Amèn.
Men l’ap vini avèk nyaj yo, tout je
ap wè l’, menm sa k’ te transpèse l’ yo; tout ras sou tè a ap plenn sou li. Wi.
Amèn.
Se mwen menm alfa ak omega,
kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt la, li menm ki la, ki te la, k’ap
vini, li menm ki gen tout pouvwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Lespri Granmèt la sou mwen; se
pousa li sakre m”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 4, 16-21
Lè
sa a:
Jezi
rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan, li antre nan sinagòg la daprè
abitid li, jou saba a, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Li
louvri liv la, li jwenn kote ki ekri a:
“Lespri
Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’ pote bòn nouvèl la bay
pòv yo, geri kè ki kraze yo, preche padon pou prizonye yo, ak limyè pou avèg
yo, ranvwaye sa k’ap pase mati yo nan libète, preche yon ane Granmèt la fè
gras, yon jou rekonpans”.
Li
pliye liv la, li renmèt sèvan an li, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te
fikse sou li. Li kòmanse di yo: “Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Moun ki gen lafwa ak lesperans, Izrayèl te toujou ap tann
pou Bondye manifeste laglwa li nan mitan yo yon jou. Sa vin fè ke l’ te
endispansab pou misyon Mesi a mache kòtakòt ak manifestasyon glwa Bondye a nan
mitan yo. Depi moun yo pa vle kwè li prèske enposib pou yo ta wè manifestasyon
glwa Bondye a, yo p’ap kapab jwenn kè poze, e yo p’ap kapab rive viv totalman
reyalizasyon bèl pwomès Bondye te fè yo a. Se nan kontèks sa a, aprè pwofèt
Izayi fin pale de glwa Bondye a ki gen pou manifeste Jerizalèm, li tou atache
vizyon sa a ak zèv lagras Bondye a, yon demach ki gen liberasyon ak restorasyon
Mesi a ap gen pou l’ akonpli lè l’ vini.
Menm si totalite
efè zèv redanmsyon sa a devan nou, Levanjil yo endike n’ klèman ke kòmansman
misyon sa a te reyalize ak Jezi lè l’ te vini pou premye fwa a. Se pou sa nan
yon fason savan epi ekzat, lè Jezi ale nan sinagòg la li pran liv la pou l’ li
e li site kòmansman pwofesi Izayi a. Paske l’ la, li menm Mesi a nan mitan juif
yo, pwofesi Izayi a akonpli jodi a. Li rete sou yon pasaj ki klè. Nou kapab wè
si pasaj li site a reyalize nan moman l’ te vini pou premye fwa a, se tout rès
pwofesi a ki akonpli lè l’ vini nan lagwa li.
Konsekans zèv Mesi
a se : Lespri Granmèt la poze sou li pou l’ pote bòn nouvèl la bay pòv yo,
pou l’ panse kè ki blese yo, pou l’ pwoklame bay tout moun ki prizonye peche a
liberasyon yo e pwoklame yon lane lagras. Pati sa a nan misyon Mesi a, ke Jezi
li menm defini kòm misyon ki lye ak vini l’ lan, rezime mesaj n’ap viv jounen jodi a nan yon mond ki dechire e ki pa
konn kote pou l’ fikse je l’, tèlman gen vye lide k’ap sikile ladan l’. Donk
nou menm kretyen, kòm temwen Jezi nou dwe pwopaje bòn nouvèl sa nan pawòl nou
ak nan aksyon nou yo, se pou rezon sa a Bondye te rele n’ kòm Legliz pou nou
mete n’ nan sèvis Kris la.
An nou chèche fè
volonte Kris la nan fè sa ki byen ak anpil lafwa ak lesperans.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt tanpri voye Lespri Sen an
pou akonpanye nou nan tout sa n’ap gen pou n’ di ak sa n’ap fè. Ede n’ sèvi w’
temwen nan pawòl nou yo ak aksyon nou yo, konsa wayòm ou an va manifeste sou
tout tè a. Amen !
PWOPOZISYON :
M’ap lapriyè chak jou e m’ap atantif ak Lespri Bondye a pou m’ ka fè volonte l’
chak jou. M’ap konfese pou m’ mande Bondye padon pou chak fwa m’ te yon obstak
ki anpeche glwa li manifeste. M’ pral ede yon moun ki nan bezwen, swa nan lopital, nan
prizon, nan òfelina, elatriye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario