Koulè
vyolèt
MÈKREDI SEN
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen pa vire fas mwen lwen moun
k’ap maltrete m’ yo”.
NAN
LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-9a
Granmèt
la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a,
depi granmaten li reveye, granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou
se yon mèt k’ap pale. Granmèt la louvri zòrèy mwen.
Mwen
menm mwen pa kontrarye, mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap
frape m’ nan; mwen renmèt figi m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen
pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont, se pousa mwen fè fas
mwen vin tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont.
Li
tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou
kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? se pou l’ pwoche kote m’.
Men Granmèt Bondye k’ap pote m’ sekou;
kilès k’ap kondane m’?
Pawòl Granmèt la.
SÒM 68, 8-l0. 21bcd-22. 31 e 33-34
R/
Nan pakèt kè sansib ou, Granmèt, koute m’, nan tan gras la.
Sèke
se poutèt ou mwen sipòte afwon, lawont kouvri fas mwen; mwen vin tounen etranje
pou frè m’ yo, ak moun deyò pou pitit manman m’ yo. Sèke jalouzi kay ou a
devore m’, afwon moun k’ap manke ou dega yo, yo tonbe sou mwen.R.
Afwon an kraze kè m’, mwen febli.
Mwen t’ap tann moun ki pou pran lapenn avèk mwen, pa genyen, moun ki pou
console m’, mwen pa jwenn. Yo
mete fyèl nan manje m’, nan swaf mwen yo ban m’ bwè vinèg.R.
M’ap
fè lwanj non Bondye avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj. Se pou pòv
yo wè, pou yo kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv. Paske Granmèt la koute
pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
“Pitit moun nan a prale jan sa ekri
a; men ala malè pou sa a ki sèvi lantremiz pou bay li a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 26, 14-25
Lè
sa a:
Youn
nan douz yo ale, sa yo rele Jida Iskaryòt la, li rive kot gran prèt yo, li di yo:
“Sa nou vle ban mwen, m’ap renmèt li ba nou”? Yo dakò avèk li pou trant pyès
lajan. Depi lè sa a li t’ap chèche yon okazyon pou l’ bay li.
Premye
jou Azim, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: “Kote ou vle pou nou pare pou ou,
pou nou manje Pak la”?
Jezi
menm di: “Al nan vil la, kay entèl, di l’ konsa: “Mèt la di: “Tan m’ nan tou
pre; se kay ou m’ap fè Pak la, avèk disip mwen yo”. Disip yo fè jan Jezi te
pase yo lòd la, yo pare Pak la.
Lè
aswè rive, 1’al sou tab avèk douz disip li yo. Pandan y’ap manje, li di: “An
verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’".
Yo
te vin gen lapenn anpil, yo chak kòmanse di: “Èske se mwen, Granmèt”?
Li
menm li pran lapawòl, li di: “Sa a ki plonje men avèk mwen nan plat la, se li
menm k’ap trayi m’. Pitit moun nan a prale, jan sa ekri sou li a; men ala malè
pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo renmèt Pitit moun nan! li ta pi bon pou
li, si moun sa a pa t’ janm fèt”.
Jida
pran lapawòl tou, li menm ki t’ap trayi l’ la, li di: “Èske se mwen, Rabi”?
Li
di l’: “Ou di l”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Lè Trinite a te wè kijan mond lan te kapab peri anba
esklavaj peche, li te deside pou Pitit la, ki se dezyèm pèsòn nan Trinite a
tounen moun, pou l’abese l’etan li desann sou tè a pou l’ sove limanite. Sa ki
te anime tout aksyon Jezi pandan l’ te vin sou tè a, se te lanmou. Li te vle
pou chak moun viv tankou moun nan respè diyite yo. Men fòs fènwa yo pa t’ janm
dakò ak fason l’ te konn ap geri moun yo, ak fason l’ tap trete yo byen. Yo pa
t’ dakò ak chanjman l’ te vle pote a, kote l’ t’ap pwopaje lide «tout moun se
pitit Bondye » ; donk nou dwe viv tankou frè ak sè. Yo
te pito wè nan li yon menas; yon moun ki vle destabilize tout lide relijyez,
yon moun ki te vle mete tèt anba lòd sosyal, ekonomik ak politik yo. Pou rezon
sa yo, yo te deside touye li. Pi gwo krim yo te akize l’ fè, yo di l’fè tèt li
pase pou pitit Bondye, epi fason l’t’ap viv te demaske konpòtman moun ki te nan
fè sa k’ pa sa yo. Li te koeran
ak mesaj li t’ap preche a. Li te renmen Bondye, li te toujou an kontak ak li
nan lapriyè, e li te renmen moun. Se pou sa li te pase vi l’ap sèvi yo. Men pou
ekzèse plan malouk sa a, ki se touye Jezi, yo te itilize yon moun nan pwòp kan
pa Jezi a, Jida ki t’ap manje ak Jezi sou menm tab ak nan menm asyèt ak li. Ala
wonte pou nou menm moun, nou asasinen Jezi, nou kloure l’ sou kwa a paske li te
renmen nou jiskobou. Men, jan pwofèt Izayi ak moun ki ekri sòm nan di a, nou
mèt fè tout simagri sa yo, Granmèt la te akonpanye Jezi nan soufrans li yo, li
pa t’ kite l’ pran wont ; lanmò Jezi a te tounen yon byen pou kapab sove
nou. Lekti sa yo pèmèt nou konprann kòman efektivman lanmou pi fò pase lanmò.
Epi nou dekouvri si nou fè Bondye konfyans epi nou fè volonte l’ nan tout
sikonstans anyen pa ka separe n’ak lanmou Bondye a !
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki se sous lavi a,
tanpri ede n’ fè w’ konfyans epi ede n’ dekouvri volonte w’ chak jou nan lavi
n’ pou n’ ka travay pi plis pou lavi ak lanmou kapab boujonnen toupatou kote n’
pase. Ban nou fòs pou n’angaje n’ pi plis chak jou nan lit pou respè dwa ak
diyite moun, tankou Jezi te konn fè a. Amen !
PWOPOZISYON : M’ap konsakre plis tan pou m’ dyaloge ak Bondye nan
lapriyè. M’ap padone moun
ki te ofanse mwen, paske mwen menm tou mwen konn ofanse moun. M’ap
mande moun mwen te ofanse yo padon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario