Koulè
vyolèt
MADI SEN
PREMYE MOSO
LABIB
“Mwen mete
ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a”.
NAN LIV
PWOFÈT IZAYI 49, 1-6
Koute, zile yo, fè atansyon, pèp ki
lwen yo: Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan zantray manman m’ li sonje
non m’; li mete bouch mwen tankou yon epe pwenti, li pwoteje m’ nan lonbraj men
l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan sak li.
Li di m’: “Se sèvitè m’ ou ye,
Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen”. Epi mwen menm mwen te di: “Se
pou granmesi mwen te travay, se san rezon ak pou anyen mwen te depanse fòs
mwen; epoutan jijman m’ avèk Granmèt la, rezilta travay mwen avèk Bondye m’
nan”.
Koulye a, men sa Granmèt la di, li
menm ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè
Jakòb tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa devan
je Granmèt la, Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen. Li di: “Sa pa kont pou ou
sèvitè m’ pou w’ kapab leve ras Jakòb yo, pou w’ fè debri pèp Izrayèl yo
tounen: men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan
bout tè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab. 15 e 17
R/
Bouch mwen
ap anonse delivrans ou a, Granmèt.
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa
kite m wont pou tout tan. Nan jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou
sou mwen, sove m’.R.
Se pou w’ sèvi m’ yon wòch sitadèl,
ak yon kay defans, pou w’ sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm.
Bondye mwen, wete m’ nan men pechè
a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen,
Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan
vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou, tout
jounen delivrans ou a, pou m’ ta konte l’, mwen pa kapab. Bondye, ou ban m’
ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Youn nan
nou ap bay mwen... Kòk la p’ap chante, w’ap gen tan nye
m’ twa fwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 13, 21-33. 36-38
Lè sa a:
Jezi te sou tab avèk disip li yo,
lespri l’ vin twouble, li temwaye, li di: “Amèn, amèn mwen di nou sa, youn nan
nou ap trayi m”. Disip
yo youn t’ap gade lòt, yo pa t’ fin konprann sa l’ te vle di a.
Youn
nan disip Jezi yo ki te sou tab yo te kouche sou lestomak li, sa a Jezi te
renmen an. Simon Pyè fè l’ siy, li di l’: “Ki moun l’ap pale
a”? Kòm sa a te kouche sou pwatrin Jezi,
li di l’: “Granmèt, kilès”?
Jezi
reponn: “Se sa a m’ap lonje pen an mwen fin tranpe a ba li”. Kon l’
tranpe pen an, li bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Aprè bouche a, Satan antre nan li.
Jezi
di l’: “Sa w’ap fè a, fè l’ vit”. Bagay sa a, pèsòn nan sa k’ te sou tab yo pa
konnen poukisa li te di l’. Genyen ki te konprann, kòm Jida te gen bous la,
Jezi te di l’: “Achte sa nou bezwen pou jou fèt la”, oubyen pou l’ te bay pòv
yo kichòy. Kon l’ fin pran bouche a, li sòti menm lè a. Se te nannuit.
Kon
l’ fin sòti, Jezi di: «Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa li, Bondye jwenn glwa
li nan li tou. Si Bondye jwenn glwa li nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan
li menm tou, l’ap fè l’ jwenn glwa a tou suit.
Ti
pitit mwen yo, mwen avèk nou toujou pou yon ti moman ankò.N’ap chèche m’, men
jan m’ te di Jwif yo, “kote m’a prale a nou pa kapab vini”, mwen di nou sa
davans».
Simon
Pyè di l’: “Granmèt, kote w’ a prale”?
Jezi
reponn: «Kote m’a prale a, ou pa kapab suiv mwen koulye a, w’a suiv mwen aprè».
Pyè
di l’: “Pouki sa mwen pa kapab suiv ou koulye a? M’ap bay
lavi m’ pou ou”.
Jezi reponn li: “w’ap bay lavi w’
pou mwen? Amèn, amèn mwen di ou, kòk la p’ap chante, w’ap deja nye m’ twa fwa”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Aprè nou te fin byen medite Levanjil yè a nou deja
konnen nan ki semèn nou ye, se konsa n’ap aprann konprann ti moso pa ti moso
moman ki te pi difisil nan lavi Jezi yo. Nan fason evènman yo ap dewoule nou
kapab konprann lanmò ak leve Jezi se pa t’ yon bagay ki te fèt tankou yon jwèt
aza. Jezi te bay lavi li yon fason konsyan pou nou menm lèzòm, pou li kapab
retire nou anba esklavaj peche. Li gen tan ap montre nou kèk siy klè nan sa ki
pral rive a. Se konsa nou kapab aprann gen plizyè difikilte ki kapab rive ke
nou ta dwe evite lè nou zanmi ak yon moun. Pi gwo bagay ki te pase nan moman
Jezi t’ap manje ak disip li yo, se lè li montre nou moun ki pral trayi li a an
reyalite se yon zanmi li. Se yon envitasyon nou kapab pran pou serye e nou dwe
travay pou nou kapab ranfòse amitye nou yo, pou sa pa rive fèt ladan yo. Byen
souvan nou toujou di se yon bon zanmi nou ki trayi nou, paske fòk li konnen w’
byen pou li fè sa. Men sa ki rive Jezi a se yon jès ki depase tout bagay moun
pa kapab konprann, se yon fason pou li montre nou se li menm ki deside bay lavi
li, se pa pran yo pran lavi li. Li bay lavi li pou yon rezon byen klè ki se
sove mond la anba esklavaj peche. Se pou sa nou wè Jezi konnen ni jou, ni lè yo
pral livre li e li pral mouri a.
Nan tan espesyal sa n’ap viv la, li enpòtan pou nou
konprann jan sa gran lè yon moun bay lavi li pou lòt la. Se yon envitasyon pou
nou aprann mete tout egoyis nou yo de kote epi aprann soufri ak moun nan bezwen
yo, ak moun poblèm ap toumante yo. Soufrans la se pa yon bagay ki fasil. Pwovèb
la di nou : se sèl moun ki pèdi yon pitit ki kapab rive konprann yon lòt
ki nan menm sitiyasyon an.
Ebyen nou menm kretyen, nou kapab konprann Jezi te soufri
menm jan ak nou, se pou sa nou sèten li kapab konprann nou nan doulè pa nou yo.
Malgre sitiyasyon difisil nou yo, malgre traka nou yo, li enpòtan pou nou
toujou mete konfyans nou nan Bondye. Se pa ale lakay ogouferay al mande li
regle koze nou, sinon toujou mete konfyans nou nan Bondye. Mwen espere moman
soufrans Jezi nou pral viv nan jou Vandredi Sen an louvri je nou sou sitiyasyon
sa pou nou kapab rive konprann Bondye toujou la ap asiste nou nan tout
sikonstans lavi nou, sèlman chak jou pi plis nou dwe aprann fè li plis
konfyans.
Si m’ te gen yon ti pale fò ak yon zanmi m’ m’ap chache
rankontre li pou m’ rekonsilye ak li.
LAPRIYÈ : Jezi Granmèt, ou menm ki te soufri an premye pou w’ te
aprann nou soufrans la fè pati lavi a, tanpri ban nou fòs ak kouraj pou nou pa
janm vire do ba ou malgre difikilte n’ap rankontre sou wout lavi a.
PWOPOZISYON : Si m’ te gen yon ti dezakò
ak yon zanmi m’ m’ap chache rankontre li pou m’ rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario