Koulè
vyolèt
LENDI SEN
PREMYE MOSO
LABIB
“Li p’ap rele, yo p’ap tande vwa l’
deyò”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 42, 1-7
Men
pawòl Granmèt la:
“Men
sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a nanm mwen jwenn plezi nan
li: mwen mete Lespri m’ sou li, l’ap pote jijman an nan nasyon yo. Li p’ap
rele, li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ deyò. Wozo ki fele a,
li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li, se nan verite a
l’ap fè jijman an sòti. Li p’ap tris, li p’ap sakaje anyen, joustan li poze
jijman an sou tè a; zile yo ap tann lalwa l’ la”.
Men
pawòl Granmèt Bondye a, li menm ki kreye syèl yo, li menm ki deplwaye yo, li
menm ki asire tè a, ni sa k’ap jèmen nan li, li menm ki bay pèp la lapawòl, pèp
sa a ki sou tè a, li menm ki mete lespri pou sa yo k’ap mache sou tè a:
Mwen
menm Granmèt la, mwen rele ou nan jistis, mwen pran men ou, mwen pwoteje ou,
mwen mete ou kòm alyans pèp la, kòm limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo,
pou ou fè prizonye yo sot nan prizon, pou ou fè sa k’ chita nan fènwa yo sòti
nan kacho a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 26, 1. 2. 3. 13-l5
R/ Granmèt
la se limyè m’ ak delivrans mwen.
Granmèt
la se limyeè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se
pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Lè
moun k’ap chèche fè m’ ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’;
sa
yo k’ap fè m’ pase tray la ak ènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R.
Si
lame kanpe an fas mwen, kè m’ pa gen dwa pè; si batay leve kont mwen, se nan sa
mwen menm m’ap espere.R.
Mwen
kwè m’ap jwenn byen Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann
Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Kite l’, se pou jou antèman m’ li
te konsève sa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 12, 1-l1
Sis jou anvan Pak la, Jezi rive
Betani, kote Laza te mouri a, li menm Jezi te leve a. Yo te fè yon resepsyon;
Mat t’ap sèvi, Laza te nan pami moun yo ki te sou tab avèk li a. Mari menm pran
yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè, li benyen pye Jezi, li souye pye
l’ avèk cheve l’; kay la vin plen ak odè losyon an.
Youn nan disip li yo, Jida Iskaryòt,
sa a ki t’ap bay li a, li di: “Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès
lajan pou yo bay pòv”? Li
te di sa, se pa paske li te gen konsiderasyon pou pòv yo, men se paske se vòlè
li te ye, epi se li menm ki te gen bous la, sa yo te mete ladan l’, li te pran
l’.
Konsa
Jezi di: “Kite l’, se pou jou antèman m’ li te konsève l’. Pòv yo reyèlman, se
tout tan n’ap genyen yo avèk nou, kanta mwen menm, nou p’ap genyen m’ tout
tan”.
Anpil
foul nan Jwif yo vin konnen li la, yo pa vini pou Jezi sèlman, men pou yo te
kapab wè Laza tou, sa a li te leve sot nan pami mò yo. Gran prèt yo menm t’ap
fè kalkil pou yo touye Laza tou, paske anpil moun te kite Jwif yo poutèt li, yo
te kwè nan Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Levanjil Sen Jan nou li jodi a montre nou byen
klè n’ap antre nan semèn Sent la, ki se moman Jezi te viv avèk anpil doulè nan
lavi li, kote li t’ap kite lavi sou tè sa pou li al jwenn Papa a. Nan tèks
Levanjil la prezante nou an, nou kapab tire anpil leson ki kapab ede nou fè
jefò pou nou vin pi bon.
Jezi ki se yon moun otorite yo pa t’ vle wè pou
jan l’ap aji vin twouve li pèsekite epi li deside ale lakay zanmi li Mat, Mari ak
Laza pou li te kapab kache kò li. Betani vle di «kay moun ki pòv yo». Premye leson nou kapab tire nan lekti a, se
lè nou wè malgre otorite yo t’ap chache Jezi pou yo touye li, zanmi li yo te
aksepte resevwa li lakay yo epi yo te ba li manje. Sa se premye jès solidarite
nou kapab mande Bondye pou li ban nou fòs pou nou fè grandi lakay nou
espesyalman nou ka pwofite kòmanse pandan tan karèm nan. Aprann sansib pa rapò ak sa ki fèb yo, sa ki meprize yo, nou dwe aprann
pran ka yo. Lòt leson nou kapab
tire se nan Mari ki pran pi bon losyon li genyen pou lave pye Jezi. Li pa t’
pran atitid yon seri de moun kote se lè yo pa bezwen yon bagay, se lè li fin
gate vre, epi pou yo kapab debarase yo ak li, y’ap chache vye malere pou yo bay
li lè sa. Se yon atitid nou dwe ekzèse e pa rapò ak Bondye e pa rapò ak pwochen
nou, moun k’ap viv bò kote nou. Li enpòtan pou nou aprann respekte moun, ba li
valè li merite san gade sou nivo li genyen nan sosyete a.
Lè nou fin wè fason pozitif nou ta dwe konpòte
nou nan jan n’ap viv ak lòt, an menm tan nou dwe evite sa ki negatif yo ki se
fason Jida te konpòte li a. Jida te gen yon lespri egoyis, li te vle fè
konprann li vle defann pòv epi an reyalite se pa t’ sa. Semèn nan dwe sèvi nou
yon moman enpòtan kote nou dwe aprann pran distans de tout fason egoyis nou yo,
nou dwe prepare nou pou nou kapab rive chanje kè nou, chanje konpòtman egoyis,
rayisans nou yo. Jezi di nou nan Levanjil la n’ap toujou gen pòv kote nou ye,
men sa ki pi enpòtan, se kijan nou pral trete yo ? Èske n’ap fè tankou
Jida, pou n’ap pwofite anrichi pwòp tèt pa nou sou do yo ? Se pi gwo
meditasyon nou kapab fè nan semèn Sent nou pral prepare a. Li enpòtan pou nou
fè yon ti efò pou nou revize tout ti detay nou dwe chanje nan lavi nou, se
konsa n’ap rive kapab fè yon efò pou nou kapab resisite ansanm avèk Kris la.
LAPRIYÈ : Jezi
Granmèt, ou menm ki te bay lavi ou pou peche nou yo, tanpri fè pitit ou yo
grandi nan renmen. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Kiltive akèy. Si m’akeyi yon moun, se Bondye mwen
akeyi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario