Koulè
Wouj
DIMANCH
RAMO
PREMYE
MOSO LABIB
“Mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap
maltrete m’ yo, men mwen konnen mwen p’ap wont”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-7
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen
konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten, li reveye,
granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale.
Granmèt Bondye louvri zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa fè rebèl ; mwen pa
rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan, mwen renmèt figi
m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an ; mwen pa kache fas mwen bay moun yo
k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye a ap pote m’ sekou, se
pousa mwen pa wont. Se pousa mwen fè fas mwen tankou wòch ki pi di a, mwen
konnen mwen p’ap wont.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
21 8-9. 17-18a. 19-20. 23-24
R/ Bondye, Bondye mwen, pouki sa ou lage m’?
Tout moun ki wè m’ yo pase m’ nan jwèt;
yo tire lang, yo souke tèt:
“Li te espere nan Granmèt la, se pou l’
delivre l’; se pou l’ sove l’, paske li renmen l”.R.
Sèke anpil chyen sènen m’, yon bann moun
mechan fè laviwonn mwen. Yo pèse men m’ ak pye m’, yo konte tout zo mwen yo.R.
Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire
manto m’ nan osò. Ou menm, Granmèt, pa ret lwen, fòs mwen, fè vit vin ede mwen.R.
M’ap rakonte non ou bay frè mwen yo, nan
mitan Legliz la m’ap fè lwanj ou.
Nou menm ki respekte Granmèt la, se pou
nou fè lwanj li,
tout ras Jakòb, deklare glwa li, se pou
tout ras Izrayèl respekte l’.R.
DEZYÈM
MOSO LABIB
“Li rabese tèt li: se pousa Bondye leve
l’ anlè”.
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-l1
Jezikri, malgre se sa Bondye ye a li ye,
li pa konsidere ret egal ak Bondye a tankou yon bagay pou l’ kenbe pou li sèl,
men li fè pwòp tèt li vin pa anyen, antan li pran nati esklav, li vin sanble ak
lèzòm, yo rekonèt li tankou moun. Li rabese tèt li, antan li obeyi jous nan
lanmò, epi lanmò lakwa.
Se pousa Bondye leve l’ anlè, li ba l’
yon non ki anlè tout non, pou o non Jezi sa a, tout jenou bese nan syèl, sou
tè, ak anba tè, epi tout lang deklare Jezikri se Granmèt, nan glwa Bondye Papa
a.
Pawòl
Granmèt la.
SOUFRANS
GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ LIK KI SEN 22, 14 -23, 56
“Se pa ti
kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou, anvan m’ soufri a”.
Lè lè a rive, Jezi atable, avèk douz
apot yo avèk li. Li di yo: “Se pa ti kras anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk
nou, anvan m’ soufri a. Sèke mwen di nou, mwen p’ap manje l’ ankò, joustan li
reyalize nan peyi wa Bondye a”.
Li pran kalis la, li di Bondye mèsi, li
di: “Pran, separe antre nou. Mwen di nou sa: mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen
an, joustan peyi wa Bondye a rive”.
“Fè sa
pou nou fè sonje m”.
Li pran pen an, li di Bondye mèsi, li
kase l’, li ba yo, li di: “Sa a se kò m’, yo bay pou nou an: fè sa pou nou fè
sonje m”. Menm jan an tou pou kalis la, lè l’ fi n’ manje, li di: “Sa a se
kalis nouvo testaman an nan san m’ nan, ki vide pou nou an.
“Madichon
pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo bay pitit moun nan”.
Sèlman men men
sa a k’ap bay mwen an, li avèk mwen sou tab la. Pitit moun nan a prale, daprè
sa k’ regle a, se vre; sèlman madichon pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou bay
li a”! Yo kòmanse ap chèche nan pami yo, kilès
nan yo ki t’a pral fè bagay sa a.
“Mwen
menm mwen nan mitan nou tankou sa a k’ap sèvi a”.
Men vin gen diskisyon nan pami yo, kilès
nan yo ki te konsidere kòm pi gran.
Li di yo: “Wa nasyon yo kòmande yo, moun
ki gen pouvwa sou yo, yo rele yo byenfetè. Kanta pou nou menm, sa p’ap konsa;
men sa a ki pi gran nan nou an, se pou l’ tankou pi piti a, epi sa a ki gen pi
gwo plas la, se pou l’ tankou sa a k’ap sèvi a. Ebyen kilès ki pi gran an, èské
se sa k’ sou tab la oubyen sa k’ap sèvi a? èske se pa sa k’ sou tab la?
Epoutan, mwen menm menm mwen nan mitan nou tankou sa a k’ap sèvi a.
Nou menm menm, se nou menm ki te rete
avèk mwen nan tray ki t’ap seye m’ yo, kanta mwen menm mwen prepare peyi wa a
pou nou, jan Papa m’ te prepare pou mwen an, pou nou manje, pou nou bwè sou tab
mwen nan peyi wa m’ nan, pou nou chita sou fotèy yo, ap jije douz fanmi Izrayèl
yo”.
“Ou menm
menm, lè ou tounen, asire frè w’ yo”.
Granmèt la di: “Simon, Simon, men Satan
reklame nou pou l’ pase nou nan paswa tankou ble; men mwen lapriyè pou ou, pou
lafwa ou pa tonbe, ou menm menm, lè ou tounen, asire frè w’ yo”. Li menm menm,
li di l’: “Granmèt, mwen pare pou m’ ale avèk ou ni nan prizon, ni nan lanmò”.
Men li di: “Mwen di ou Pyè, jodi a kòk la p’ap chante, anvan ou nye twa fwa ou
konnen m”.
“Sa k’
ekri a, se pou l’ reyalize nan mwen”.
Li di yo: “Lè m’ te voye nou san sak,
san bous, san soulye a, èske nou te manke kichòy”?
Yo di: “Anyin”.
Li di yo: “Ebyen koulye a, moun ki gen
bous, se pou l’ pran l’, menm jan tou pou sa k’ la; epi moun ki pa genyen, se
pou l’ vann chemiz li, pou l’ achte yon epe. Sèke mwen di nou sa k’ ekri a gen
pou l’ akonpli nan mwen deja: “Yo konte l’ nan pami mechan yo”. Reyèlman, sa k’
konsène m’ yo, yo rive nan finisman yo”.
Yo di: “Granmèt, men de epe isit la”.
Li di yo: “Sa kont”.
“Li antre
nan agoni, li t’ap lapriyè pi plis”.
Li sòti, 1’ale, jan l’ te konn abitye fè
a, sou mòn pye Oliv yo. Disip li yo t’ap suiv li. Lè l’ rive nan kote a, li di
yo: “Lapriyè pou nou pa antre nan tantasyon”.
Li pati sot kote yo a, distans yo ta
kapab voye yon kout wòch, li poze jenou l’ atè, li t’ap lapriyè, li t’ap di:
“Papa, si ou vle, wete kalis sa a sot kote m’; sèlman se pa volonte m’, se pa
w’ la ki pou fèt”. Yon zanj parèt devan l’ sot nan syèl la, l’ap konsole l’. Li antre nan agoni, li t’ap lapriyè pi plis. Swe l’ te
tankou gout san k’ap koule sou tè a.
Lè l’ leve sot
nan lapriyè a, li rive kot disip li yo, li jwenn yo ap dòmi avèk tristès, li di
yo: “Pouki sa n’ap dòmi an”? Leve, lapriyè, pou nou pa antre nan tantasyon”.
“Jida,
ak yon bo, ou bay Pitit moun nan”?
Pandan l’ap pale
toujou, foul la rive; sa yo te rele Jida a, youn nan douz yo, li t’ap mache
devan yo, li pwoche kot Jezi pou l’ bo l’. Jezi
menm di l’: “Jida, se ak yon bo, ou bay Pitit moun nan”?
Sa yo ki te antoure l’ yo, lè yo wè sa
k’ a pral rive, yo di l’: “Granmèt, si nou te frape ak epe”? Youn nan yo frape
sèvitè gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li. Jezi pran lapawòl, li di: “Kite sa
la”. Li touche zòrèy li, li geri l’.
Jezi di moun yo ki te vin sou li yo,
gran prèt yo, majistra Tanp la, ak ansyen yo: “Se tankou pou yon vòlè, nou sòti
ak epe, ak baton. Lè
m’ te nan Tanp la chak jou avèk nou an, nou pa t’ lonje men nou sou mwen.
Men sa a se lè pa nou, ak pouvwa fènwa
yo”.
“Pyè sòti
deyò, li kriye san”.
Yo arete l’, yo kondui l’ nan kay gran
prèt la; Pyè menm t’ap suiv byen lwen. Te gen yon dife ki te limen nan mitan
lakou a, moun yo te chita alantou l’. Pyè te nan mitan yo. Yon sèvant wè l’
chita nan limyè a, li ekzamine l’, li di: “Sa a te avèk li”.
Li menm, li nye l’, li di: “Madanm, mwen
pa konnen l”.
Aprè yon ti moman, yon lòt wè l’, li di:
“ou menm tou, ou te avèk yo”.
Pyè menm di: “Monchè, se pa mwen”.
Apeprè inèdtan konsa fin pase, yon lòt
moun sètifye, li di: “Sètènman sa a tou te avèk li; paske se Galileyen li ye”.
Pyè di: “Monchè, mwen pa konnen sa w’ap
di la a”. Menm lè a,
pandan l’ap pale toujou, yon kòk chante.
Granmèt la vire, li gade Pyè. Pyè menm
vin sonje pawòl Granmèt la, jan l’ te di a ; “Anvan kòk la chante, w’ap nye m’
twa fwa”. Pyè sòti deyò, li kriye avèk yon gou anmè.
“Pwofetize:
ki moun ki frape w’ la”?
Mesye yo ki t’ap siveye l’ la, yo t’ap
pase l’ nan jwèt, yo t’ap frape l’. Yo mete yon vwal sou li, yo t’ap frape fas
li, yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Pwofetize, ki moun ki frape w’ la”? Yo
t’ap di anpil lòt bagay kont li, antan yo t’ap blasfeme l’.
“Yo
kondui l’ nan tribinal yo a”.
Lè jou rive, ansyen yo nan pèp la, gran
prèt yo ak skrib yo kondui l’ nan tribinal yo a, yo di: “Si ou se Kris la, di
nou”.
Li di yo: “Si m’ di nou, nou p’ap kwè
m’; si m’ poze nou kesyon, nou p’ap reponn mwen, ni nou p’ap lage m’. Men depi koulye a Pitit moun nan ap chita adwat pouvwa
Bondye a”.
Yo tout, yo di l’: “Konsa ou se Pitit
Bondye”?
Li di: “Nou di l’, se sa mwen ye”.
Yo di: “Sa nou bezwen temwayaj ankò? Nou menm menm nou tande sa k’ sòti nan bouch li”.
Tout foul yo a
leve, yo kondui l’ bay Pilat.
“Mwen
pa jwenn okenn kòz nan mesye sa a”.
Yo kòmanse akize
l’, yo di: “Nou jwenn mesye sa a k’ap soulve nasyon nou an, li refize pou yo
peye taks bay Seza, li di li se Kris, li se wa”.
Pilat menm poze
l’ kesyon, li di: “Ou se wa Jwif yo”?
Li reponn, li
di: “Sa sa ou di a”.
Pilat menm di
gran prèt yo ak foul yo: “Mwen pa jwenn okenn koz nan mesye sa a.
Men yo menm menm, yo t’ap apiye pi plis, yo t’ap di: “L’ap twouble pèp
la, antan l’ap bay ansèyman nan tout Jide a, kòmanse depi Galile jous isit la”.
Lè Pilat tande mo Galile a, li mande si
mesye a te Galileyen. Lè l’ aprann se anba pouvwa Ewòd li te ye, li renmèt li
bay Ewòd, ki te Jerizalèm tou jou sa yo.
“Ewòd
meprize l’, ansan m’ ak tout sòlda l’ yo”.
Ewòd menm, lè l’
wè Jezi, li kontan anpil; sèke sa te fè lontan li te anvi wè l’, paske li te
tande anpil bagay li te fè, li te espere li t’ap fè l’ wè kèk siy. Li poze l’
kesyon ak anpil pawòl; men li menm, li pa reponn anyen. Chèf prèt yo menm te
kanpe, ni skrib yo tou, yo t’ap akize l’ san rete, Ewòd menm meprize l’, ansanm
ak sòlsa l’ yo tou, li pase l’ nan jwèt, antan l’ abiye l’ ak yon rad blan, li
renmèt li bay Pilat. Ewòd ak Pilat vin zanmi
depi jou sa a: sèke anvan sa, se ènmi yo te ye youn parapò a lòt.
“Pilat
renmèt Jezi pou yo fè sa yo vle”.
Pilat menm rasanble gran prèt yo ak
majistra yo ak foul la, li di yo: “Nou mennen mesye sa a ban mwen kòmsi l’ap
soulve pèp la, epoutan men mwen poze l’ kesyon devan nou, mwen pa jwenn okenn
koz nan mesye sa a, nan bagay nou akize l’ yo. Men ni Ewòd tou; sèke mwen te
voye nou ba li, men nan pwen anyen ki merite lanmò nan li. M’ap korije l’, epi
m’ap lage l’.
Li te blije lage yon moun ba yo pou jou
fèt la. Tout foul la ansanm leve vwa l’ byen fò, li di: “Fè sa a disparèt, lage
Barabas ban nou”, sa yo te met nan prizon an, poutèt yon revòlt ki te fèt nan
vil la avèk yon krim.
Pilat rekòmanse pale avèk yo ankò, paske
li te vle lage Jezi. Yo menm menm yo rele pi fò, y’ap di: “Kloure l’ sou kwa”.
Li menm menm, pou twazyèm fwa a li di
yo: “Kisa l’ fè ki mal? Mwen pa jwenn okenn koz lanmò nan li, m’ap korije l’,
epi m’ap lage l”. Men yo menm yo ensiste antan yo leve vwa yo pi wo, yo mande
pou yo kloure l’ sou kwa, yo t’ap leve vwa yo tout tan pi fò.
Pilat menm fè deklarasyon jijman pou sa
yo mande a reyalize. Moun nan yo te met nan prizon pou krim ak revòlt la, li
lage l’ ba yo, li menm yo te reklame a; kanta Jezi menm, li renmèt li bay
volonte yo.
“Fi
Jerizalèm yo, pa kriye sou mwen”.
Pandan y’ap kondui l’, yo met men sou
Simon, yon moun Sirèn ki te vin sot nan jaden, yo blije l’ pote kwa a dèyè
Jezi.
Yon gran foul pèp la t’ap suiv li, ni
medam ki t’ap kriye, ki t’ap plenn sou li, Jezi vire nan direksyon yo, li di:
“Fi Jerizalèm yo, pa kriye sou mwen, men se sou nou menm menm pou nou kriye ak
sou pitit nou yo; paske men jou ap rive, kote y’ap di: “Ala kontantman pou fi
ki pa kapab fè pitit yo, ak vant ki pa t’ anfante yo, ak tete ki pa t’ bay lèt
yo”. Lè sa a y’ap kòmanse di mòn yo: “Tonbe sou nou”, epi ti wotè yo “Kouvri
nou”. Paske, si yo aji konsa ak bwa vèt la, ki sa y’ap fè bwa sèk la”?
Yo t’ap kondui dòt, de kriminèl, avèk
li, pou yo touye yo.
“Papa,
padonnen yo; sèke yo pa konnen sa y’ap fè”.
Lè yo fin rive kote yo rele kalvè a, se
la yo kloure l’ sou kwa a avèk vòlè yo, youn adwat, lòt la agòch. Jezi menm
t’ap di: “Papa, padonnen yo; sèke yo pa konnen ki sa y’ap fè”. Yo separe rad li
yo, antan yo jwe zo sou yo.
“Sa a se
wa Juif yo”.
Pèp la te kanpe l’ap gade, gran prèt yo
t’ap pase l’ nan jwèt antre yo, yo t’ap di: “Li sove dòt, se pou l’ sove pwòp
tèt li, si l’ se Kris la, sa Bondye chwazi a”. Sòlda yo tou t’ap pase l’ nan
jwèt, yo pwoche, yo ofri l’ vinèg, y’ap di: “Si ou se wa Juif yo, sove pwòp tèt
ou”.
Te gen yon pannkat ki ekri anlè l’, nan
lèt grèk, laten ak ebre: “Sa a se wa Juif yo”.
“Jodi a
menm w’ap avèk mwen nan paradi a”.
Youn nan sa yo ki te pandye yo, nan vòlè
yo, li t’ap blasfeme l’, li t’ap di: “Si ou se Kris la, sove pwòp tèt ou, ni
nou menm tou”.
Lòt la menm pran lapawòl, li fè l’
repwòch, li di l’: “Ou menm tou, ou pa krenn Bondye, ou ki nan menm kondanasyon
an? Pou nou, se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou aksyon nou yo; sa a
menm, li pa t’ fè anyen ki mal”. Li t’ap di Jezi: “Granmèt, sonje m’, lè w’ap
vini nan peyi wa w’ la”.
Jezi di l’: “Amèn mwen di ou, jodi a
menm w’ap avèk mwen nan Paradi a”.
“Papa,
nan men ou, mwen renmèt lespri m”.
Li te prèske
sizyèm lè a (midi), fènwa te rive sou tout tè a, jous nevyèm lè a (twazè). Solèy
la vin tou nwa, vwa l’ tanp la chire nan mitan. Jezi pouse yon rèl avèk vwa l’
byen fò, li di: “Papa, nan men ou mwen renmèt lespri m”. Pandan l’ap di sa,
souf li pati,
(Isit la,
yo fè jenifleksyon, yo fè yon ti poz.)
Lè santiryon an
wè sa k’ rive, li rann Bondye glwa, li di: "Vrèman, mesye sa a te
kòrèk". Tout foul yo ki te vini ansanm pou yo
gade bagay sa a, epi ki te wè sa k’ pase, yo t’ap tounen antan y’ap frape
lestomak yo. Men tout zanmi l’ yo te kanpe lwen, ni medam yo ki te suiv li depi
sot nan Galile a, epi ki t’ap gade bagay sa yo.
"Jozèf
depoze kò Jezi nan yon kavo yo fouye nan wòch".
Gen yon mesye yo rele Jozèf, li te fè
pati konsèy la, se te yon moun ki bon, ki kòrèk (li pa t’ konsanti nan desizyon
yo avèk aksyon yo), se te moun Arimati, yon vil Jide, li menm tou li t’ap tann
peyi wa Bondye a. Li pwoche kot Pilat, li mande kò Jezi; li vlope l’ nan yon
dra, lè yo vin desann li sou kwa a, li depoze l’ nan yon kavo ki fouye nan wòch,
kote yo pa t’ ko mete pèsòn. Se te jou preparasyon Pak la, saba a te kòmanse ap
klere.
Medam yo rive aprè, yo menm ki te vin
sot depi Galile a, yo wè kavo a epi kijan kò l’ te poze, yo tounen, yo pare
losyon ak pomad; pandan saba a menm, yo ret trankil, daprè kòmandman an.
REFLEKSYON
Frè ak sè m’ yo, nou kòmanse yon gran
mach lafwa depi mèkredi Lesann, kote n’antre nan gwo tan preparasyon sa a, gwo
tan konvèsyon sa a nou rele Karèm nan. Dimanch Ramo a ak lapasyon an, vin ede
n’ dekouvri kòman chemen liberasyon an se chemen lakwa a; dimanch Ramo ak istwa
soufrans Granmèt la vin fè n’ dekouvri kòman pa gen Dimanch Pak la si n’ pa
pase nan vandredi sen an, p’ap gen dimanch kè kontan an si pa gen vandredi
soufrans lan. Nan lavi nou
chak, nou gen bezwen kòm kretyen pou nou swiv menm chemen sa a Jezi Sovè nou an
te pran an. Chemen soufrans sa a, se chemen laverite a, se chemen lajistis la,
se chemen kè poze a, se chemen renmen an.
Pa gen okenn jès renmen ki pa mache ak
sakrifis la. Nou kapab pran ekzanp sakrifis paran yo pou pitit yo. Tout bouske
y’ap bouske lavi a, nan tout kalite travay, se pou yo kapab kenbe lavi kay yo
byen anfòm, lavi pitit yo byen dyanm. Tout soufrans Jezi te aksepte pran, tout
imilyasyon yo, se pou li te kapab rive bay limanite bon jan ekzanp solid pou
montre kòman youn dwe devwe pou lòt, kòman youn dwe mete yo nan sèvis lòt pou
tout moun kapab viv kòm sa dwa. Pou travay sa a kapab rive fèt bò kote pa nou
kretyen, fòk nou aksepte sa Bondye vle pou nou, fòk nou pa pè soufrans la, fòk
nou pa pè pran chemen sèvis la, espesyalman sa k’ nan nesesite yo, chemen mache
ak moun ki pi pòv yo, defann sa y’ap toupizi nan kominote n’ap viv la, non
selman ak pawòl nou men tou ak bon jan temwanyaj n’ap bay nan fason n’ap viv.
Pwofèt Izayi te di
nou, Granmèt la mete konesans nan li menm pou l’ sèvi sila ki meprize yo, sa k’
san vwa yo.
Pou n’ rive fè travay lamisyon an se pou
n’ chèche mete n’ an disponiblite pou Bondye, kite pawòl li yo ap ekzanp li yo
gen enpak nan lavi nou, di nou kichòy nan sosyete n’ap viv jounen jodi a. Mete
zorèy nou disponib pou n’ koute Bondye; se pou nou dispoze kè nou pou n’ chache
fè sèlman sa ki fè l’ plezi, pou n’ mete n’ nan sèvis liberasyon pèp la tankou
Jezi ki pa t’ vin fè wè, men ki te ofri tèt li nèt ale jous li bay lavi li sou
kwa a,pou l’ te kite temwanyaj renmen Papa a pou limanite. Nan tout demach
lafwa n’ap fè chak jou nan lavi n’ nan travay nou, nan pataj nou yo, nan
lapriyè nou yo, nou dwe lage n’ tankou yon timoun nan bra Granmèt la, li menm
ki gen solisyon ak tout pwoblèm nou yo, li menm ki se fòs nou, li menm ki se
lwanj nou, laviktwa nou an.
Dezyèm moso Labib la montre n’ ki kalite
imilite Pitit Bondye a te genyen, li menm ki Bondye, li fè l’ tou piti; li menm
ki jij li konsidere tèt li tankou prizonye nan men pechè yo, men se nan
rabèsman sa a li jwenn favè ak konsiderasyon nan men Papa l’, li menm ki konnen
papa l’ p’ap abandone l’, li menm ki konnen limyè a ap gen dènye mo a sou fènwa
a. Se kalite konviksyon sa a nou dwe genyen pou n’ kapab pa fè bak nan misyon
an, pou n’ toujou rete fèm nan laverite, nan renmen, nan jistis, nan tout bon
zèv, menm lè n’ rankontre pèsekisyon devan lèzòm, paske laviktwa final la se
pou nou. Deja nou dwe di tankou sen Pòl: “Mwen konnen nan ki moun mwen met
lafwa mwen” !
Mèvèy leve byen vivan Jezi a nou pral selebre
dimanch Pak la, li makonnen ak mèvèy soufrans li an. Jezi, nan Levanjil la,
pase dènye moman an ak patizan l’ yo, li soupe ak yo, li ofri yo pen ak diven
pataj la tankou pwòp kò l’ ak san l’. San li se lank ki siyen nan kaye Nouvo
Kontra a nòs tout nèf Bondye vin selebre ak pèp li a, pou li kapab genyen lavi
nan li. Deja li montre nan lanmò li, se pou pwòp delivrans lèzòm li bay lavi
li. Yon jès ki chita sou mèvèy renmen ak mizerikòd Bondye pou limanite ki pa t’
menm merite l’. Men renmen Bondye a pi gran pase peche nou yo; mechanste lèzòm
pa ka bloke jenewozite ki genyen nan kè Bondye, li menm ki se mèvèy san fen, ki
se renmen san limit, bonte san parèy. Yo gen pou yo vire je gade sila a yo te
touye a, sila a se Jezikri, Pitit Bondye vivan an, li menm ki se sèl modèl pou
nou swiv si nou vle rive benefisye delivrans li pote a. Se pou Ramo a ede n’
viv deja gwo mèvèy laviktwa lavi a sou lanmò a nou pral viv yon fason espesyal
nan Dimanch leve byen vivan an. Se pou tout lavi n’ kòm kretyen makonnen ak gran
evènman sa a, espesyalman nan lane lafwa a, pou n’ kapab chache konprann lafwa
nou, viv li, pwoklame li, anonse li epi temwanye l’ nan kominote n’ap viv, nan
kote n’ap travay yo.
LAPRIYÈ
: Mèsi Jezi, paske ou se Wa k’ap kòmande
lavi mwen. Tanpri fè prezans ou pa janm manke m’.
PWOPOZISYON:
Nan fason m’a temwaye lanmou ak mizerikòd Bondye, m’ap montre Jezi se Wa nan
lavi m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario