Koulè
Blan
JOZÈF
KI SEN
Gran
Fèt.
PREMYE
MOSO LABIB
"Granmèt Bondye ap ba li twòn David
papa l’ la"
NAN
DEZYÈM LIV SAMYÈL
7,
4-5a. 12-14a. 16
Jou sa yo:
Men pawòl Granmèt la di Natan: "Al
pale ak David sèvitè m’ nan: Men pawòl Granmèt la: “Lè jou w’ yo ap rive bout
yo, lè w’ap dòmi avèk zansèt ou yo, m’ap fè yon desandans leve aprè ou, se nan
vant ou l’ap sòti, m’ap asire peyi wa l’ la. Se li menm k’ap bati yon kay pou
non m’, m’ap fè twòn peyi wa li ret fèm pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit pou mwen.
Kay ou ap fidèl,
ni peyi wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap toujou ret fèm".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/
Ras li ap dire pou tout tan.
Mizerikòd Granmèt la se tout tan n’ap
chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen.
Sèke mwen di: "Se pou tout tan mizerikòd la bati", nan syèl la mwen
asire verite ou.R.
"Mwen pase alyans mwen avèk sa a
mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’: Pou tout tan mwen asire
desandans ou a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou a".R.
"Li menm l’ap rele m’: "Se
papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen". Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd mwen pou
li, kontra m’ nan ap fidèl pou li".R.
DEZYÈM
MOSO LABIB
"Malgre espwa a, li kwè nan espwa
a".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN AN, POU WOMEN YO
4,
13. 16-18. 22
Frè m’ yo:
Pwomès ki te fèt bay Abraam oubyen
desandans li a, pou l’ te eritye tè a, se pa daprè lalwa a li te fèt, men se
daprè jistis lafwa a.
Konsa se daprè lafwa a, pou pwomès la
kapab asire pou tout desandans la daprè favè a, pa sèlman pou sila a ki pitit
Abraam daprè lalwa a, men pou sila a tou ki pitit Abraam daprè lafwa a, li menm
ki papa nou tout (daprè sa k’ ekri a: "Mwen mete ou kòm papa tout pakèt
nasyon yo") devan Bondye, Bondye sa a li te met lafwa a nan li a, Bondye
sa a ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele sa k’ pa t’ ekziste yo tankou sa
k’ te ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a nan espwa a, pou l’ te kapab vin
papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a: "Se konsa desandans ou ap
ye".
Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Gade, papa ou avèk mwen menm, nou
t’ap chèche ou ak kè n’ sere".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 2, 41-51a
Chak ane paran Jezi yo te konn al
Jerizalèm pou fèt Pak la. Lè Jezi vin gen douzan, yo monte Jerizalèm, jan yo te
konn abitye fè a pou jou fèt la; lè yo tounen, ti Jezi te ret Jerizalèm, san
paran l’ yo pa t’ konnen. Yo te konprann li te nan pami vwayajè yo, yo mache
pandan yon jounen; yo chèche l’ nan pami fanmi ak zanmi. Yo pa jwenn li, yo
tounen Jerizalèm ap chèche l’.
Aprè twa jou, yo jwenn li nan Tanp la,
li te chita nan mitan savan yo, li t’ap koute, li t’ap poze yo kesyon. Tout moun ki t’ap koute l’ te sezi poutèt entelijans
ak repons li. Lè yo wè l’, yo sezi.
Manman l’ di l’: "Pitit, ki sa ou
fè nou konsa? Gade, papa ou avèk mwen menm, nou t’ap chèche ou ak kè n’
sere".
Li di yo: "Pouki rezon nou t’ap
chèche m’? Èske nou pa t’ konnen se nan zafè Papa m’ mwen gen pou m’
rete"?
Yo menm yo pa t’ konprann pawòl li t’ap
pale ak yo a.
Li desann avèk yo, li vin Nazarèt; li te
ret obeyisan vizavi yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a n’ap fete
yon potorik gason nan listwa delivrans nou: nèg sa a se Jozèf. Jozèf, jan nou
konnen sa a deja, lè li te aksepte Mari ansent, san se pa t’ pou li, ebyen li
te kolabore ak Bondye pou plan delivrans li a te kapab rive jwenn nou. Sa a fè
nou wè Bondye ki itilize moun li vle pou delivre nou. Konsa nou dwe toujou
atantif a evènman lavi nou pou nou ka konprann kisa Granmèt la vle nou fè nan
istwa delivrans la.
Bondye te pwomèt
Abraham l’ap gen yon gran desandans, yon bagay wa David te konprann byen. Lè
y’ap fè istwa zansèt Jezi a yo selon lachè, yo wè moun sa yo. Jezi se yon moun
nan desandans Bondye te pwomèt la non sèlman daprè lalwa men sitou nan lafwa,
paske se sèlman ak lafwa nou ka konprann kokenn chenn evènman enkanasyon an ak
lavi Jezi menm depi li te tou piti. Jan Levanjil la montre nou an, li rete nan
tanp la ap koute savan yo epi poze yo kesyon. Devan etònman paran li yo ki pa
t’ konnen kote li te ye, li di yo se travay papa li l’ap fè. Ouf! Nou imajine
kòman pawòl sa yo te dwe twouble paran li yo anpil.
Nou menm tou, nan lafwa, se desandan
Abraam nou ye. Jan yo abitye di sa nan ti katechis, Abraham se papa nou nan
lafwa. Nou kapab di Jezi konfime lafwa nou nan Bondye, paske li se moun Bondye
voye a ki sòti tou nan desandans Abraham. Lafwa nou se yon kado Bondye ban nou,
an nou fè jefò pou nou pran swen li.
LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt, pou Jozèf ki te aksepte kolabore ak ou pou
plan delivrans ou a te ka rive jwenn nou. Ede nou gade nèg sa a tankou yon
modèl kolabaratè ak ou menm. Amèn
PWOPOZISYON
: Pandan jounen an m’ap fè silans pou
konprann kolaborasyon Bondye mande mwen pou wayòm li an kapab rive tabli sou tè
a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario