Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la avèk mwen, tankou yon
sòlda ki gen fòs”.
NAN LIV PWOFÈT JEREMI
20, 10-l3
Mwen tande afwon anpil moun ap fè m’,
ak bwi toutalantou: «An nou pèsekite l’, an nou pèsekite l’; tout moun ki t’ap
viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: si l’ te kapab pran nan pyèj,
pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire vanjans sou li».
Men Granmèt la avèk mwen, tankou yon
sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap tonbe, se
yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont tout tan
an, ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki eseye sila
a ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou yo, tanpri;
paske se ou menm mwen devwale kòz mwen.
Chante pou Granmèt la, fè lwanj Granmèt la, paske li
delivre nanm pòv la sot nan men mechan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 17, 2-3a. 3be-4. 5-6. 7
R/Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt la, li koute
m’.
Mwen renmen ou, Granmèt, fòs mwen.
Granmèt, kay defans mwen, kachèt
mwen, ak sila a k’ap deliver m’ nan.R.
Bondye mwen, sekou m’, mwen espere
nan li.
Sila a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans
mwen, li menm k’ap soutni m’.
M’ap rele Granmèt la ki merite lwanj
la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R.
Lanm dlo lanmò yo vlope m’, ravi n’
Belyal yo twouble m’;
kòd lanfè yo antoure m’, filè lanmò yo sènen m’.R.
Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt la, mwen rele kot
Bondye m’ nan; li koute vwa m’, antan l’ nan kay sakre l’ la, rèl mwen rive
devan fas li, nan zòrèy li. R.
LEVANJIL
“Yo t’ap chèche sezi l’, li chape sot nan men yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 31-42
Lè sa a:
Jwif yo pran wòch, pou yo kalonnen Jezi. Jezi pran
lapawòl, li di yo: “Mwen montre nou anpil bon aksyon ki sot nan Papa m’; pou
kilès nan aksyon sa yo n’ap kalonnen m’ nan”?
Jwif yo reponn li: “Se pa pou yon bon aksyon n’ap
kalonnen ou, men se poutèt ou blasfème, se moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye
ou”.
Jezi reponn yo: “Èske nan lalwa nou an yo pa ekri:
“Mwen di: Se Dye nou ye”? Si yo di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo
a (epi yo pa kapab defèt sa k’ ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye
sou tè a, nou di: “Ou blasfème, paske ou di: mwen se Pitit Bondye”. Si m’ pa fè
aksyon Papa m’ yo, nou pa bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle
kwè m’, se pou nou kwè aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen,
mwen nan Papa a”.
Konsa yo t’ap ehèche sezi l’, men li
chape sot nan men yo. Li pati lòt bò Jouden an ankò, kote Jan te konn batize
anvan an, li ret la.
Anpil moun vin kote l’, yo t’ap di: “Jan pa t’ fè
okenn siy; men tout sa Jan te di sou li yo se te vre”. Anpil moun kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nou rete yon semèn pou nou komemore
lanmò Granmèt la. Levanjil jodi a pale nou sou motif kondanasyon li. Jezi ap eseye montre verite a, men Juif yo fè li pase pou yon
mantè, e yo kondane li pou li mouri anba kout wòch. Jezi pale yo sou zèv li akonpli epi kijan Bondye aji nan li.
Li eksplike yo byen pou yo konprann poukisa li se «Pitit Bondye». Men ènmi li
yo te mal pou konprann sijè sa a yo. Li te pale yo sou cheminman li ak sou sa
li ye, bagay ki te fè lòt moun konnen li epi renmen li. – «Mèt, ki kote ou rete
?» (Jan 1,38), se kesyon sa a disip yo te poze li nan kòmansman ministè li. Men tout bagay an ven : sa
Jezi eksplike yo a tèlman fò, yo pa rive konprann li. Sèl moun ki konprann Jezi, se sila yo ki
gen kè yo senp paske li difisil pou gwo save yo konprann Wayòm Bondye.
Jezi eseye konvenk yo ak kèk agiman, men li pa reyisi.
Ofon, Jezi pral mouri, paske li di laverite sou pwòp tèt, paske li fidèl ak sa
li ye a, sa vle di idantite li ak misyon li. Antan ke pwofèt, li envite moun yo
konvèti, men yo rejte li. Li se nouvo vizaj Bondye ke yo sal ak krache. Li mete sou pye yon nouvo kominote frè, men yo
pral abandone li.
Yon lòt fwa, kwa Granmèt la plante
byen fèm tankou vrè drapo a. Se atravè lakwa a nou dekouvri bèlte Bondye ak
laglwa li. Lakwa a fè nou kontanple tribinal
Granmèt la, jijman mond lan ak pouvwa Sila a yo klouwe a. «O wi Granmèt, ou
atire tout bagay vin jwenn ou lè ou lonje men ou nan direksyon pèp tèt rèd la,
se tout linivè ki konprann li dwe mete chapo byen ba devan w’ !» (Sen Leon Le
Gran). Jezi dwe pase sou lòt bò rivyè a, e moun ki kwè nan li tout bon vre,
y’ap rankontre ak li, y’ap koute sa l’ap di.
LAPRIYÈ : Granmèt, se ou menm ki rele m’, ou chwazi m’ pou asosye w’.
Ou konnen kijan mwen fèb, mwen vle swiv Jezi, Pitit ou ; avèk ti kwa pa m’ yo,
m’ap rankontre chak jou, mwen bezwen fòs pa w’ lè m’ tonbe pou antan m’ap gade
Jezi mwen pran kouraj epi leve kanpe. Amèn.
PWOPOZISYON :Menm jan ak Jezi m’ap obeyi Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario