Páginas

JEDI 17

Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“W’ap papa anpil nasyon”.
NAN LIV LAJENÈZ 17, 3-9
Jou sa yo: Abram tonbe fas atè.
Bondye di l’:«Se mwen menm, men contra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap rele non ou Abram ankò, men y’ap rele ou “Abraam”, paske m’ap fè ou vin tounen papa anpil nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon, gen wa k’ap sòti nan ou.
M’ap pase contra m’ ant mwen menm ak ou menm, avèk ras ou aprè ou, pou jenerasyon yo, kontra pou tout tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou aprè ou. M’ap ba ou ni ou menm ni ras ou a peyi kote ou ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm posesyon pou tout tan, m’ap Bondye yo».
Bondye di Abraam ankò: «Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou aprè ou, pou jenerasyon l’ yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM 104, 4-5, 6-7. 8-9
R/ Granmèt la sonje contra l’ tout tan.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li. R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje contra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
“Abraam papa nou te danse, pou l’ te wè jou m’ nan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 51-59
Lè sa a:
Jezi di Juif yo: “An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò”.
Jwif yo di: «Koulye a nou konnen ou gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo; epi ou di: “Si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap goute lanmò menm”. Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki mouri a? E pwofèt yo mouri tou. Kisa ou konprann ou ye? »
Jezi reponn: «Si mwen fè lwanj pou pwòp tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm nou di se Bondye nou an, nou pa konnen l’. Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di mwen pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap bay manti. Men mwen konnen l’, mwen kenbe pawòl li. Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan».
Jwif yo di l’: «ou pa ko gen senkantan, epi ou wè Abraam»?
Jezi di yo: «An verite, an verite mwen di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la».
Yo ranmase wòch, pou yo voye sou li; Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Tèks pawòl Bondye pou jodi a ap ede n' kontanple atachman Bondye ak pèp li chwazi met apa pou li a. Nan langaj pa nou, nou te ka di Legliz li a, kominote kwayan yo. Nou kontanple atachman sa nan pwomès li te fè papa Abraham nan, yon pwomès ki chita sou poto mitan lanmou. Tout inisyativ yo sòti nan Bondye, se li ki chwazi. Se pa yon bagay ki te pase sèlman oubyen ki rete nan ansyen tan yo, men sa valab pou tan sa yo tou. Se pou sa nou di “Menm Bondye ki te la yè a, se li ki la jodi a”, alfa ak omega, kòmansman ak finisman. Se menm Bondye sa ki manifeste l’ atravè Pitit li a k’ap pale ak nou nan levanjil la. 
Nan Levanjil la Jezi ap envite n' pran konsyans de enpòtans pawòl la, pawòl ki pote lavi a: «An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò".». Fraz sa a ranmase tout kwayans ak esperans kretyen yo, nou kwè nan Jezikri ki se Bondye ki sòti nan Bondye, nou kwè nan lavi k' p’ap janm fini  li pwomèt nou an, menm jan nou repete l' nan kredo a chak jou a.
An n' kenbe kè n' byen dispoze yon fason pou se pawòl Bondye a ki motive tout aksyon nou ak tout panse nou yo.
LAPRIYÈ : Bondye o, aprann nou kenbe pawòl ou a nan kè nou, pou n' kapab sanble avè w’ plis toujou nan fason n’ap viv nan renmen youn ak lòt. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON : M’ap koute pawòl Bondye a, epi m’ap kite li transfòme lavi ou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario