Koulè vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Li voye mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo".
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
3, 14-20. 91.92. 95
Jou sa yo:
Wa Nabikodonozò di: "Èske se vre, Sidrak, Mizak
avèk Abdenago, nou pa sèvi dye m’ yo, nou pa adore pòtre mwen fè avèk lò a?
Koulye a, si nou pare, nenpòt kilè n’ap tande sonnen twonpèt, flit, gita,
mandolin, bandjo, akòdeyon avèk tout kalite mizik, se pou nou ajenou, pou nou
adore pòtre a mwen te fè a. Si nou pa adore l’, menm lè a m’ap lage nou nan
boukan dife a k’ap chofe byen fò a, epi kilès Bondye k’ap delivre nou sot nan
men m"?
Sidrak, Mizak avèk Abdenago reponn, yo di wa
Nabikodonozò: "nou pa bezwen reponn ou sou kesyon sa a; men Bondye nou an,
li menm n’ap sèvi a, li kapab delivre nou sot nan boukan dife cho a ak nan men
ou, mon wa, l’ap delivre nou. Si l’ pa vle, ou met konn sa, mon wa, nou p’ap
sèvi dye w’ yo, epi pòtre ou fè ak lò a, nou p’ap adore l’.
Lè sa a, Nabikodonozò vin plen ak raj, aparans figi l’
vin chanje alega Sidrak, Mizak avèk Abdenago; li pase lòd pou yo chofe boukan
an sèt fwa plis pase jan yo konn abitye chofe l’; li pase lòd pou mesye ki gen
fòs nan lame l’ la, yo mare pye Sidrak, mizak avèk Abdenago, pou yo jete yo nan
boukan dife k’ap boule a.
Aprè sa, wa Nabikodonozò vin sezi, li leve byen vit,
li di minis li yo: "Èske nou pa t’ lage twa mesye yo nan mitan dife a avèk
pye yo mare"? Yo reponn wa a, yo di:"Se vre, mon wa". Li pran
lapawòl, li di: "men mwen wè kat mesye ki lib, k’ap pwomenen nan mitan
dife a, yo pa gen okenn dega nan yo, aparans katriyèm nan sanble ak yon pitit
Bondye".
Nabikodonozò leve li di: "Konpliman pou Bondye yo a,
Bondye Sidrak, Mizak avèk Abdenago, li menm ki voye mesaje l’ la, li delivre
sèvitè l’ yo, ki te kwè nan li, yo dezobeyi pawòl wa a, yo renmèt kò yo, pou yo
pa sèvi, pou yo pa adore dòt dye, sof Bondye yo a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM Dan 3, 52. 53. 54. 55. 56
Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye
zansèt nou yo, konpliman pou non bèlte w’ la ki sen an.
R/ Li merite lwanj, li anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou nan kay sakre bèlte
w’ la ki sen an.
R/Ou merite lwanj anlè nèt ak bèlte anlè nèt pou
tout tan.
Konpliman pou ou sou fotèy rèy ou a.
R/ Ou merite lwanj, anlè nèt, ou anlè nèt pou tout
tan.
Konpliman pou ou, ou menm ki sonde bafon yo, ou menm
ki chita anlè cheriben yo.
R/ Ou merite lwanj, sou anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite lwanj, ak bèlte pou tout tan.
LEVANJIL
"Si Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 31-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di Jwif yo ki te kwè nan li
yo: "Si nou rete nan pawòl mwen an, n’ap disip mwen tout bon vre, n’ap
konnen verite a, verite a ap delivre nou".
Yo reponn li: "Se ras Abraam nou
ye, nou pa janm esklav pèsòn; kòman ou fè di: “N’a vin lib”?
Jezi reponn yo: "An verite, an
verite mwen di nou, tout moun ki fè peche, li esklav peche a. Men, esklav la pa
ret nan kay la tout tan; se pitit la ki rete tout tan. Konsa si nou menm, Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre. Mwen konnen se pitit Abraam
nou ye; men n’ap chèche touye m’, paske pawòl mwen pa pran nan nou. Mwen menm
se sa m’ wè kay Papa m’, se sa mwen pale, men nou menm se sa nou wè kay papa
nou, se li menm n’ap fè".
Yo pran lapawòl: yo di l’: “papa nou se Abraam”.
Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraam, nou ta fè travay
Abraam. Koulye a menm, n’ap chèche touye m’, mwen menm yon moun k’ap pale nou
laverite mwen fin tande kot Bondye a; bagay sa a, Abraam pa t’ fè l’. Nou menm
n’ap fè travay papa nou".
Yo di l’: “nou menm se pa nan move relasyon nou fèt:
se yon sèl papa nou genyen, se Bondye”. Jezi di yo: “Si Bondye te papa nou, nou
ta renmen m’ sètènman; mwen menm se nan Bondye mwen sòti pou m’ vini. Mwen pa
vini ak pwòp fòs mwen, men se li menm, ki voye m”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Granmèt la pale di avèk Juif yo. Se pa ak
nenpòt Juif, men avèk sila yo ki te gen lafwa: «Jezi t’ap di Jwif yo ki te kwè
nan li yo» ( Jan 8,31). San nou pa doute de sa, dyalòg Jezi a reflete difikilte
Legliz la te genyen nan kòmansman akoz kèk Juif.
Kòm yo se desandan Abraam yo te ye selon lyen san an,
disip Jezi sa yo (ki te sòti nan pami Juif yo) te konsidere tèt yo pi enpòtan
ke moun ki pa t’ gen lafwa, se menm jan tou yo te konsidere tèt yo pi enpòtan
ke kèlke swa lòt disip ki pa t’ juif e
ki te pataje menm lafwa ak yo. Yo te di: «Se ras Abraam nou ye» (Jan 8,33),
«papa nou se Abraam» (v.39); «se yon sèl papa nou genyen, se Bondye» (v.41).
Malgre se disip Jezi nou ye, nou gen enpresyon ke li pa t’ reprezante anyen pou
juif sa yo, li pa ta ajoute anyen sou sa li gen deja. Men se la tout moun fè
gwo erè a.
Vrè pitit yo, se pa moun ki oblije sòti nan lyen san
an, men se moun ki eritye pwomès la,
oubyen sila yo ki kwè. Si yon moun pa kwè nan Jezi, li enposib pou li
rive nan pwomès Abraam nan. Konsa, pami disip yo, « pa gen Juif ou Grèk; pa gen
esklav ou moun lib; pa gen fanm ou gason», paske tout se frè nan batèm nan (Gal
3,27-28).
An nou pa kite lògèy espirityèl fè
nou twonpe tèt nou. An nou pa fè tankou juif sa yo ki t’ap etabli kritè siperyè
ou enferyè. Pa kesyon pou nou ap pale de frè ki
separe yo (pwotestan). Men an nou panse ak nou menm. Konbyen fwa yon pòsyon
katolik konsidere li pi bon pase lòt katolik, paske li nan yon mouvman lòt la
pa ladan; oubyen paske li respekte yon prensip lòt la pa respekte; oubyen paske
li ale lamès souvan epi lòt la pa ale yon fwa nan lane a? Oubyen paske li rich
epi lòt la pòv; oubyen paske li fè gwo etid epi lòt la pa fè etid; oubyen paske
li gen responsablite ki pi enpòtan epi lòt la pa genyen; oubyen paske li sòti
nan fanmi ki gen gwo non epi lòt la se yon senp sitwayen. Se ansyen Pap la,
Benwa XVI ki di nou: «Mwen vle kè chak moun kontan ke li se kretyen…Bondye ap
mennen bak Legliz li a, li toujou ap soutni li sito unan moman difisil yo»
LAPRIYÈ: Bondye O, se ou ki atire n' vin jwenn ou nan lanmou ak
mizerikòd san limit ou gen pou nou a, tanpri fè menm lanmou sa a abite kè n'
tout tan pou nou vin tounen temwen kè kontan w’ lan nèt ale. Amèn
PWOPOZISYON : Menm si mwen pa gen
menm koulè avè l’, menm si nou pa gen men posiblite pou nou viv, menm si nou pa
gen men nivo konesans, m’ap rekonèt sila ki k’ap viv bò kote mwen an, se frè
mwen, se frè mwen nan Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario