Koulè Blan
MADI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO
2, 36-41
Jou Pannkòt la, Pyè t’ap di Juif yo:
“Sètènman se pou tout kay Izrayèl la konn sa, Bondye fè
l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou te kloure sou kwa a”. Lè yo tande pawòl sa
yo, yo chagren nan kè yo, yo di Pyè ak lòt Apot yo: “Ki sa pou nou fè, mesye
frè nou yo”?
Pyè menm di yo: “Se pou nou fè penitans, se pou chak
moun nan nou batize o non Jezi, pou padon peche nou yo, n’a resevwa kado Espri
Sen an. Sèke se pou nou pwomès la ye, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki
lwen yo, tout sa Granmèt Bondye nou an rele yo”. Ak anpil dòt pawòl ankò li
t’ap sèvi temwen, li t’ap ankouraje yo, li t’ap di: “Sove lavi nou sot nan
jenerasyon sa a ki move a”. Moun yo ki te resevwa pawòl li a, yo batize, jou sa
a te gen apeprè twa mil moun ki vin tounen disip.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20; 22
R/ Kè sansib Granmèt la
plen tè a.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan
fidelite,
Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen
tè a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun
ki espere sou kè sansib li,
Pou l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo
manje nan grangou.R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou
ak pwoteksyon nou li ye.
Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou
te espere nan ou.R.
LEVANJIL
“Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 11-18
Lè sa a:
Mari te kanpe bò kavo a, sou pa deyò, li t’ap kriye.
Pandan l’ap kriye, li panche, li gade andan kavo a. Li wè de zanj an blan ki
chita, youn bò tèt la ak lòt la bò pye yo, kote yo te poze kò Jezi a. Yo di l’:
“Madanm, poukisa w’ap kriye”? Li di yo: “Se paske yo pran Granmèt mwen an, mwen
pa konnen kote yo mete l”. Pandan l’ap di sa, li vire gade dèyè, li wè Jezi
kanpe; men li pa t’ konnen se te Jezi. Jezi di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye? Kilès w’ap chèche?”. Li menm antan l’
konprann se jeran jaden an, li di li: “Mèt, si se ou k’ te wete l’, di m’ kote
ou te depoze l’; epi mwen menm m’a pran l”.
Jezi di l’: “Mari”! Li vire, li di l’: “Raboni (sa vle di Mèt)”! Jezi di l’: “Pa touche m’; mwen pa ko monte
kot Papa m’. Men al kot
frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’ ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak
Bondye nou an”. Mari Madlèn rive, li
anonse disip yo: “Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a
REFLEKSYON
Pèp Juif la, devan bòn nouvèl
resireksyon Granmèt la, vle pran chemen konvèsyon, yo vle chanje lavi yo, se
poutèt sa yo mande Pyè kisa yo dwè fè pou yo mache nan chemen Jezikri a; Pyè
reponn yo: se pou yo batize epi tou yo dwe fè penitans pou yo ka evite tonbe nan
sa ki mal. Pou nou viv selon lespri resireksyon an, nou dwe adopte mesaj sa tou
pou lavi nou, nou dwe chanje lavi nou, paske peche a bouche je nou pou nou pa
wè kot limyè liberasyon Granmèt la ye. Jodi a se yon jou pou nou pwofite pou
nou kapab renouvle pwomès nou tè fè nan batèm nou, nou te di Granmèt la nou vle
viv kòm pitit li, fè sa l’ vle nan lavi nou; konsa n’a pran wout konvèsyon an,
tankou apòt Pyè konseye nou sa.
Levanjil jounen jodi a envite n’
reflechi sou kalite atitid nou genyen devan bòn nouvèl lavi Jezi sou lanmò a;
pafwa malgre tout siyal lanmou Bondye vle montre nou, nou avèg; nou gen je pou
n’ wè klè tout sa l’ap fè pou nou, men nou sèlman fiksè nan pwoblèm nou, ou
byen nan plenyen soufrans nou. Sitou lè nou pran tèm peyi nou an Ayiti, pafwa
se plenyen nou plede ap plenyen kalamite ak mizè nou epi nou bliye si Bondye
Granmèt la avèk nou, li ap travay an silans pou li kapab delivre peyi nou an
piti piti. Ann sispan kriye, ann ouvri pòt kè nou bay Bondye lavi a, Bondye
lespwa ki deja kòmanse plante semans rezireksyon an nan peyi nou. Bondye p’ap
lage nou, li toujou avèk nou sou wout la menm jan li te akonpanye disip Emayis
la yo nan moman kote yo te dezole, kote yo te pèdi lespwa, paske li toujou pi
pwòch pitit li yo k’ap soufri. Li lè li tan pou nou kòmanse eksperimante lajwa
sa nan rekonèt gras ak favè Granmèt la fè nou chak jou nan lavi nou, nan lavi
fanmi nou ak lavi peyi nou.Tankou sòm 32 a di nou, kè sansib Granmèt la plen tè
a.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ouvri kè m’ pou m’ kapab akeyi
lespri resireksyon an e viv an konfòmite ak li, dekwa pou mwen kapab, ansanm ak
ou, sòti nan lanmò pou ale nan lavi.
PWOPOZISYON:Ann di Bondye Granmèt la mèsi poutèt li resisite
Jezikri pitit li a; ak temwayaj lavi nou, ann gaye bòn nouvèl sa a toupatou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario