Koulè Blan
MÈKREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Sa m’ genyen an, mwen ba ou l’: o
non Jezi, leve, mache”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO
3, 1-10
Jou sa yo:
Pyè ak Jan t’ap monte nan Tanp la pou lè lapriyè
nevyèm è a. Te gen yon mesye ki te enfim depi nan vant manman l’, yo t’ap pote l’.
Chak jou yo te konn depoze l’ bò pòt Tanp lan, sa yo rele Bèl la, pou l’ mande
moun yo k’ap antre nan Tanp la lacharite. Li menm, kon l’ wè Pyè ak Jan k’a
pral antre nan kay sakre a, li mande yo pou yo fè l’ jwenn lacharite.
Pyè menm antan l’ l’ap gade l’ byen
ansanm ak Jan, li di: “Gade nou”. Li menm li poze je l’ sou yo, li te espere li t’ap jwenn
kichòy nan men yo. Pyè menm di: “Lajan ak lò, mwen pa gen sa; sa m’ genyen an
mwen ba ou l’: o non Jezikri moun Nazarèt la, leve, mache”. Li pran men dwat li, li leve l’, menm lè a jwenti
ak plant pye l’ vin solid. Li vòltije kanpe, li t’ap mache, li antre avèk yo
nan Tanp la, l’ap mache, l’ap vòltije, l’ap fè lwanj Bondye.Tout pèp la wè l’ap
mache, l’ap fè lwanj Bondye. Yo te rekonèt li, se li
menm ki te konn chita bò Bèl Pòt Tanp la, pou lacharite a, yo te plen ak
sezisman, yo te dekontwole pou sa k’ te rive l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9
R/ Se pou kè moun yo k’ap
chèche Granmèt la kontan.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan
pami nasyon yo.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout
mèvèy li yo.R.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo
k’ap chèche Granmèt la kontan.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye nou; sou
tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje alyans li a tout tan, pawòl li te kòmande bay
mil jenerasyon yo,
sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay
Izaak la.R.
LEVANJIL
“Yo rekonèt li nan kase pen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24,
13-35
Te gen de nan disip Jezi yo ki t’a pral nan bouk,
premye jou semèn sa a, bouk la te yon distans onz kilomèt parapò a Jerizalèm,
yo te rele l’ Emayis. Yo menm yo t’ap pale antre yo sou tout sa k’ te pase.
Rive, pandan y’ap koze, y’ap chèche antre yo, Jezi menm pwoche, l’ap mache avèk
yo. Je yo te gen yon bagay ki kenbe yo, pou yo pa rekonèt li. Li di yo: “Ki
pawòl sa yo, n’ap pale antre nou pandan n’ap mache a, epi ki fè nou tris la”?
Youn yo rele Klewofas, di l’: “Se ou menm sèl ki etranje nan Jerizalèm, ou pa
konnen sa k’ rive nan jou sa yo”? Li di yo: “Ki bagay”? Yo di: “Osijè Jezi moun
Nazarèt la, ki te yon pwofèt, ki gen pouvwa nan aksyon ak pawòl devan Bondye ak
tout pèp la. Kijan prèt an chèf yo ak chèf nou yo renmèt li nan kondanasyon
lanmò, epi yo kloure l’ sou kwa. Nou menm nou te espere, se li menm ki t’ap
delivre Izrayèl; koulye a menm sou tout bagay sa yo jodi a se twazyèm jou depi
yo rive. Men kèk medam nan pami nou te fè nou sezi, yo t’al nan kavo a devan
jou, yo pa jwenn kò l’, yo vin di yo wè vizyon zanj yo, ki di yo li vivan.
Kèkzen nan nou al nan kavo a, yo jwenn bagay yo jan medam yo di a; men li menm
yo pa jwenn li”.
Li di yo: “Nou sòt, nou pran tan nan kè nou pou nou
kwè tout sa pwofèt yo te pale yo! Èske Kris la pa t’ gen pou l’ soufri, epi se
konsa pou l’ antre nan glwa l’ la”? Li kòmanse depi sou Moyiz ak tout pwofèt
yo, li eksplike yo nan tout sa k’ ekri a sa k’ te konsène l’. Yo pwoche bò bouk
la kote yo t’a prale a, li menm li fè kòmsi l’a pral pi lwen, yo fòse l’, yo
di: “Ret avèk nou, paske aswè rive, jou a deja bese”. Li antre avèk yo. Pandan
li atable avèk yo, li pran pen, li beni l’, li kase l’, li ba yo. Je yo louvri,
yo rekonèt li. Li menm menm li disparèt sot devan je yo.
Youn di lòt: “Èske kè nou pa t’ cho andan nou, pandan
li t’ap pale sou chemen an, li t’ap eksplike nou sa k’ ekri yo”? Yo leve menm
lè a, yo tounen Jerizalèm.Yo jwenn onz yo rasanble, ni sa yo ki te avèk yo a,
yo di Granmèt la leve vre, li parèt devan Simon. Yo rakonte sa k’ te pase sou
chemen an, kijan yo te rekonèt li nan kase pen an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Genyen evènman ki pase nan lavi nou
ke nou pa kapab rive konprann tousuit, men nou bezwen pran tan ak pasyans, menm
jan lè n’ap manje yon bagay ki enteresan ke nou pa ta renmen fini. Rezireksyon
Granmèt la se youn nan gwo evènman sa yo, sa ki pi enpòtan an, evènman ki
rezime tout lavi Granmèt nou Jezikri ki te bay tèt li sou kwa e ki pote
laviktwa sou lanmò a. Legliz la ba nou uit jou aprè Dimanch Pak la pou nou
selebre gwo evènman sa a, se sa yo rele Oktav Pak oubyen Semèn Pak la.
Gwo Dimanch Pak la pwolonje ak yon
semèn, pou nou menm kretyen yo nou kapab pyafe ak kè kontan akoz Kris la ki
triyonfe sou mal la ak peche mond la. Jodi a se mèkredi anndan semèn Pak la e
tèks nou li jodi a pale nou sou tristès, dekourajman, dout, fristrasyon,
ospitalite ak espwa. Tout bagay sa yo se santiman ki makonnen ak lavi n’ap viv
chak jou e Bondye li menm, li konnen sa k’ap pase nan lavi nou e li toujou prè
pou li pote nou sekou, pou li sove nou.
De disip Emayis yo tounen lakay yo, tou dekouraje, yo
te pèdi lafwa ak kè kontan yo te genyen nan lavi yo. Yo panse panse tout bagay
fini, ke fòs mal te pi fò ke pwofèt la ki te sanble mete yo nan ilizyon.
Vrèman, yo te santi yo pran echèk ak Jezi. Yo t’ap espere yon Mesi gwo ponyèt,
vwala yo rankontre ak yon nèg ki mouri sou lakwa, yon nèg k’ap mande padon pou
ènmi ak asasen li yo.Pandan yo sou wout la y’ap tounen lakay yo, yon enkoni vin
ap mache ak yo: yon moun òdinè tankou tout moun nou kapab rankontre nan lari,
nan jaden, nan machin piblik, nan travay…
Men enkoni sa a, se Jezi menm k’ap mache ti pa ti pa
ansanm ak nou. Nan kòmansman, li pa di anyen, li fè silans e li pran tan pou li
kapab koute sa k’ap sòti nan kè peleren yo. Aprè sa ak anpil pasyans li pral
eksplike ki sans lanmò li a te genyen, ki sans bay li te bay tèt li a te
genyen. L’ap fè yo konnen ke renmen an, mensi li parèt pi fèb, li pi fò ke fòs
rayisans ak vanjans lan.
Yon lòt fwa Jezi limen kè disip yo e li reveye sa ki
pi bon an nan yo: ospitalite, pataje ak lòt la sa nou genyen menm si li pa
anpil.Genyen moman nan lavi nou kote nou pa kapab di gwo lapriyè, paske tristès
oubyen dezespwa kouvri nou tankou gwo nyaj nan move tan. Nan moman sa a yo nou
kapab repete ansanm ak disip Emayis la yo: “Ret avèk nou, Granmèt”. Se pou kè
kontan nou nan Granmèt la tounen yon fòs pou nou nan Pak sa a epi pandan tout
lavi nou, se pou nou kapab kouri al pataje kè kontan sa a ak frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, tanpri ede mwen dekouvri klète limyè prezans nan
mitan fènwa difikilte, tristès ak angwas ki vlope lavi mwen.
PWOPOZISYON: Mwen pral ese dekouvri
prezans Bondye nan lavi mwen, m’ap adore li nan Sakreman Lekaristi a epi m’ap
fè jefò pou mwen kapab tounen yon moun ki trè akeyan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario