Koulè Blan
JEDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Nou touye lotè lavi a, Bondye leve l’ sot nan pami mò yo”.
NAN TRAVAY APOT YO
3, 11-26
Jou sa yo:
Kòm enfim nan ki te geri a te kenbe Pyè ak Jan, tout
pèp la kouri kote yo, bò pòtay yo rele pòtay Salomon an, yo te sezi. Lè Pyè wè
sa, li reponn pèp la: “Mesye Izrayèl yo, poukisa nou sezi pou bagay sa a?
Oubyen pouki sa n’ap gade nou an, kòm si se ak fòs nou oubyen se ak pouvwa nou
nou fè mesye sa a mache a? Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la,
Bondye papa nou yo fè wè glwa Pitit li a Jezi, li menm nou te bay la, nou te
nye devan fas Pilat la, lè Pilat te jije pou l’ te lage l’ la.
Nou menm se Sen an ak sa a ki kòrèk la nou te nye, nou
te mande pou yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye l’,
men Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen. Nan lafwa o non
l’, sa a nou wè a, nou konnen an, non l’ fè l’ kanpe fèm; se lafwa ki reyalize
pa lantremiz li a, ki bay sante sa a ki entak la devan fas nou tout la. Koulye
a frè m’ yo mwen konnen se paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan ak
chèf nou yo. Men Bondye,
sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li
reyalize l’.
Konsa se pou nou fè penitans, se pou nou chanje
konduit, pou peche nou yo efase; pou lè tan frechè yo rive vin sot nan fas
Granmèt la, li voye sa a yo te preche nou an, Jezikri, li menm syèl la gen pou
l’ kenbe jous nan tan y’ap remete tout bagay nan plas yo a, sa Bondye te pale
nan bouch sen l’ yo lontan an, pwofèt yo. Sèke Moyiz te di: “Granmèt Bondye nou
an ap fè yon pwofèt leve pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mwen menm; se pou
nou koute l’, daprè tout sa l’ap di nou. Tout moun ki pa koute pwofèt sa a, y’ap wete l’
sot nan pèp la”. Tout pwofèt yo depi
Samyèl ak sa k’ vin aprè l’ yo, ki te pale yo, yo te anonse jou sa yo.
Nou menm nou se pitit pwofèt yo ak alyans la, sa
Bondye te pase ak papa nou yo, lè l’ te di Abraam nan: “Nan ras ou tout fanmi
tè a ap jwenn benediksyon”. Se
nou menm an premye Bondye voye Pitit li a ba nou, sa l’ leve a, ki beni nou an,
pou nou chak vire do sot nan peche l’ yo”.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt, Granmèt nou,
ala gran non ou gran sou tout tè a!
Granmèt, Granmèt nou, sa moun nan ye, pou ou sonje l’?
oubyen pitit moun nan, pou w’ vizite
l’? R.
Ou fè l’ vin pi ba yon ti kras anba
zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou enstale l’ anlè travay
men w’ yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: R.
Ni mouton ni bèf, yo tout, menm bèt
nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, tout sa k’ap mache nan santye
lanmè yo.R.
LEVANJIL
“Se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ resisite
sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 35- 48
Lè sa a:
Disip yo t’ap rakonte bagay ki te pase sou chemen an,
kijan yo te rekonèt Jezi nan kase pen an.
Pandan y’ap pale bagay sa yo, Jezi kanpe nan mitan yo,
li di yo: “Lapè pou nou: se mwen menm, pa pè”. Yo twouble, yo sezi, yo te
konprann se yon espri yo te wè a.
Li di yo:
“Poukisa nou twouble a, ak panse sa
yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm;
touche pou nou wè: yon espri pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an”. Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak pye yo. Yo pa t’ ko
kwè, yo te sezi ak kontantman, li di: “Èske nou gen kichòy pou manje isit la”?
Yo ofri l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl. Li manje devan yo li pran
rès yo, li ba yo.
Li di yo:
“Se pawòl sa yo mwen te pale nou an lè m’ te avèk nou
toujou a, li te nesesè pou tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt
yo ni sòm yo, pou yo te reyalize”.
Lè sa a li louvri lentèlijans yo, pou yo konprann sa
k’ ekri yo.
Li di yo:
“Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’
soufri, pou l’ leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche
penitans o non l’ ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou menm nou temwen bagay sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Disip Emayis la yo pa kapab rete pou yo
pa eksprime gwo kè kontan yo genyen lè yo dekouvri Granmèt la ki vivan epi ki
vle mache ansanm ak yo, pou li te kapab koute yo epi mete esperans nan kè yo. Kè kontan sa a, yo te kenbe li nan kè yo tankou yon trezò; de
mesye yo kouri al rakonte zanmi yo ke nouvèl medam yo te pote a se te verite,
ke Jezi vivan tout bon vre e ke yo menm yo te wè li ak pwòp je yo. Genyen anpil
moun ki ta vle fè nou konprann ke lafwa a se yon seri nòm, prensip, entèdiksyon
ke nou dwe respekte, kòmsi Bondye rete nan syèl la ak yon gwo kaye nan men li
kote li ap pran nòt, l’ap note chak peche ke nou komèt pou li kapab ba nou gwo
pinisyon aprè sa. Nan kalite lafwa sa a, kè kontan sante pa gen plas nan lavi
nou, men se laperèz pito k’ap fè nou tranble. Jezi ki resite a antre lakay nou,
nan lavi nou pou li kapab disparèt laperèz sa ki fè kè nou pa kapab kontan an.
Se vre ke poutèt li te pase tout lavi li ap preche renmen, padon ak liberasyon
Bondye Papa a (Pap Jan Pòl II), chèf ki t’ap kòmande nan ta li yo te touye li
atan yo kloure li sou yon kwa. Men, Bondye sa a ke Jezi te anonse nan pawòl ak
nan zèv li yo pa rete bra kwaze, li bay Pitit li a pouvwa pou li pote laviktwa
sou lanmò ak peche a, li ba li yon lavi tou nèf ki p’ap janm fini. Rezireksyon
Jezi a, se yon dènye “wi” Bondye di ak tout sa Jezi te fè ak preche, e zanmi
Jezi a yo lè yo wè li vivan yo te konprann ke malgre mal la pwisan nan mond la,
li vo lapenn pou yo viv Jan Jezi te mande yo viv la, paske pwisans Bondye pi fò
ke tout fòs mal ki ekziste. Nou menm kretyen yo, nou gen misyon pou nou pote
mesaj sa a nan mond lan. Nou dwe anonse ke Bondye vivan e li renmen nou ak yon
lanmou fou. Yon Bondye ki vle chak pitit fi ak chak pit gason li yo viv
plènman, kòmsa dwa, sitou sila yo k’ap soufri pou yon rezon oubyen pou yon lòt.
Moun n’ap anonse mesaj sa a, y’ap rive kwè nou si sèlman anonse li avèk anpil
kè kontan, nan chèche fè yo kwè ke Jezi ranpòte laviktwa sou lanmò pa li ak
lanmò pa nou. Genyen anpil
paralitik k’ap tann nou bò chemen an. Renmen Bondye a gen dènye mo a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede mwen kominike lajwa Pak la ak sila yo
ki tris, ki dekouraje sou wout lavi a. Fè lavi mwen tounen yon kokenn chenn
temwayaj renmen w’ nan k’ap soutni nou epi prezans ou bò kote nou. Fè mwen pote
lespwa kote ki gen dezespwa, limyè kote ki gen fènwa, kè kontan kote ki gen
tristès pou kè tout moun kapab kontan.
PWOPOZISYON: Tounen yon kanal ki pou pote sous lajwa Pak la bay lòt yo, sitou sa ki
pi fèb yo nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario