Koulè Blan
VANDREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Pa gen delivrans nan pèsòn
lòt moun”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 1-12
Jou
sa yo:
Pyè
ak Jan t’ap pale ak pèp la toujou, aprè gerizon enfim nan, prèt yo vin rive ak
majistra Tanp la ak sadiseyen yo, yo te kontrarye poutèt yo t’ap bay pèp la ansèyman
an, yo t’ap anonse rezireksyon sot nan pami mò yo nan Jezikri. Yo met men sou
yo, yo mete yo nan prizon nan landmen; paske aswè te deja rive.
Anpil
nan moun yo ki te tande pawòl la, yo te vin kwè; total mesye yo se te kenz mil.
Rive nan landmen, chèf yo rasanble ak ansyen yo ak skrib yo nan Jerizalèm, Án,
gran prèt la ak Kayif ak Jan ak Aleksand ak tout moun nan ras prèt yo, yo fè yo
kanpe nan mitan, y’ap poze yo kesyon: “Nan ki pouvwa oubyen o non kilès nou fè
bagay sa a”? Lè sa a Pyè plen ak Espri Sen an, di yo: “Chèf pèp la ak ansyen
yo, koute. Si jodi a y’ap jije nou pou yon byenfè ki reyalize pou mesye enfim
nan, si nou bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout pèp
Izrayèl la, se o non Granmèt nou Jezikri moun Nazarèt la, sa a nou te kloure sou
kwa a, li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sa a geri, kanpe devan
nou. Sa a se wòch la, nou menm bòs mason yo nou te rejte a, ki vin tounen tèt
kwen an; pa gen delivrans nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non anba syèl la
yo bay lèzòm, ki pèmèt nou sove”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117,
1-2 e 4.22-24.
25-27a
R/ Wòch la bòs mason yo jete a, li vin tounen tèt kwen
an.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou sa yo ki respekte Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan Granmèt
la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
Sa
a se jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
Granmèt,
sove m’, Granmèt, bay kè kontan.R.
Konpliman
pou sa a k’ap vini o non Granmèt la.
Konpliman
pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
“Jezi rive, li pran pen
an, li ba yo ak pwason an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 21, 1-14
Lè
sa a:
Jezi
parèt ankò devan disip yo bò lanmè Tiberyad la. Men kijan li te parèt la. Yo te
ansanm, Simon Pyè ak Toma, sa yo rele Didim nan, ak Natanayèl, moun Kana Galile
a, ak pitit Zebede yo ak de lòt nan disip li yo.
Simon
Pyè di yo: “M’a pral lapèch”. Yo di l’: “N’a prale avèk ou tou”. Yo sòti, yo
monte nan batiman an, men nannuit sa a yo pa pran anyen. Lè granmaten rive,
Jezi te kanpe sou bò lanmè a; men disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Jezi di
yo: “Ti moun yo, èske nou gen pwason”?
Yo reponn li: “Non”. Li di yo: “Voye filè a adwat batimán an, n’a jwenn”.
Yo voye l’, yo pa t’ kapab redi l’, tèlman te gen anpil pwason. Disip Jezi te
renmen an di Pyè: “Se Granmèt la”. Lè Simon Pyè tande se Granmèt la, li pase
rad li nan ren l’, (li te nikò), li lage kò l’ nan lanmè. Lòt disip yo rive nan
batiman an (yo pa t’ lwen tè a, se te apeprè san mèt) y’ap remoke filè pwason
yo. Lè yo desann atè a, yo wè chabon dife ki poze, epi pwason ak pen sou li.
Jezi di yo: “Pote nan pwason yo nou sot pran koulye a”. Simon Pyè monte, li
redi file a atè, plen ak gwo pwason, sansenkant twa. Epi malgre te gen tout
kantite sa a, filè a pa chire. Jezi di yo: “Vin manje”. Pèsòn nan sa k’ t’ap
manje yo pa t’ gen kouraj mande l’: “Ki moun ou ye”? Yo te konnen se Granmèt
la. Jezi rive, li pran pen an, li ba yo, ni pwason an tou. Sa te fè twazyèm fwa
Jezi te parèt devan disip li yo, lè l’ te fin resisite sot nan pami mò yo.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a, Jezi manifeste li yon twazyèm fwa nan mitan disip li yo aprè rezireksyon li.
Pyè retounen nan aktivite lapèch li e lòt yo akonpaye li. Kòm se pechè li te ye
avan li te rankontre ak Jezi, se nòmal pou li te kontinye aktivite sa a aprè.
Men gen anpil moun ki panse ke pou yon moun swiv Jezi, li pa oblije abandone
yon travay onèt.
Nan
nuit sa a yo pa pran anyen! Lè granmaten rive, Jezi te kanpe sou bò lanmè a;
men disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Yo te vin konnen se li menm lè li te
mande yo kichòy pou manje. Lè yo te di yo pa genyen anyen, li te montre yo ki
kote pou yo voye filè a. Malgre pechè yo te pase tout nuit la yo pa t’ pran
anyen, yo obeyi Jezi. Sa se pouvwa obeyisans! Yo pa t’ pran yon grenn pwason
nan nuit la, epi kounye a pwason twòp pou filè a. Nou mèt kwè, se chak jou
mirak kapab fèt. Depi nou fè sa Jezi mande n’ fè, travay nou ap pote anpil fwi!
Levanjelis
la rakonte nou ke yo te genyen «sansenkant twa pwason» (cf. Jn 21,11), men
malgre kantite sa a filè a pa t’ chire. Tout sa se detay nou ka pran an
konsiderasyon; Redanmsyon an fèt ak yon obeyisans responsab, nan mitan aktivite
n’ap mennen chak jou. Yo te konnen se te Granmèt la. Jezi rive, li pran pen an,
li ba yo, ni pwason an tou (Jn
21,12-13).
Kit
se nouriti espirityèl ou materyèl, li p’ap manke nou si nou obeyi. Li aprann
disip li yo ki te pi pwòch li yo sa, e li di nou sa yon lòt fwa pa lentèmedyè
Jan Pòl II: « Nan kòmansman nouvo milenè a (…) yon lòt fwa ankò, pawòl sa yo Jezi
te di Apot li a, pou li te kapab avanse pi fon an, fè eko nan kè nou: «Duc in
altum» (Lk 5, 4). Pyè ak premye kamarad li yo te kwè nan pawòl Kris la, e yo te
voye filè a. « Yo voye l’, yo pa t’ kapab redi l’, tèlman te gen anpil pwason»
(Lk 5,6). Jodi a, Jezi ap di nou menm bagay la.
Antan
n’ap aprann obeyi menm jan ak Lavyèj Mari, an nou mande Granmèt la pou li
kontinye fè Legliz la rekòlte fwi apostola.
LAPRIYÈ: Papa Bondye, san ou menm jefò nou yo pa sèvi anyen;
pa janm kite nou pou kont nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm si
travay misyonè a difisil, mwen vle sèvi w’ temwen Jezi, nan jan m’ap pwoklame
lafwa m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario