Páginas

SAMDI 2

Koulè Blan
SAMDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Nou pa kapab pa di sa nou wè ak sa nou tande”.
NAN TRAVAY APOT YO
4, 13-21
Jou sa yo:
Lè chèf prèt yo ak ansyen yo ak skrib yo wè asirans Pyè ak Jan, yo te konnen se moun ki pa t’ al lekòl, ki pa gen syans, yo sezi; yo te konnen se ak Jezi yo te konn ye. Yo wè mesye a kanpe avèk yo, sa a ki te geri a, yo pa t’ kapab demanti. Yo pase lòd pou yo fè yo kite tribinal la; yo fè reyinyon antre yo, yo di: “Kisa pou nou fè mesye sa yo? Tout moun Jerizalèm konnen mèvèy la yo fè a: sa klè, nou pa kapab nye l’. Men, pou sa pa al pi lwen nan pèp la, n’ap menase yo pou yo pa pale o non mesye sa a ankò ak pèsòn”. Yo rele yo, yo deklare yo pou yo pa janm pale, ni bay ansèyman o non Jezi. Pyè menm ak Jan reponn, yo di yo: “Si sa kòrèk devan fas Bondye pou nou koute nou pase Bondye, jije sa. Nou pa kapab pa di sa nou wè ak sa nou tande”. Yo menm menm yo menase yo, yo ranvwaye yo, yo pa jwenn kijan pou yo pini yo, akoz pèp la; paske tout moun t’ap fè lwanj pou sa k’ te fèt nan mesye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 1; 14-15. 16ab-18. 19-21
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou koute mwen.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la, li sèvi m’ delivrans.Vwa kè kontan ak delivrans nan tant sa yo ki kòrèk yo.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men dwat Granmèt la leve byen wo; Granmèt la korije m’ byen korije, men li pa lage m’ nan lanmò.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen, m’ap antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la. Sa a se pòt Granmèt la, moun ki kòrèk yo ap antre ladan l’. M’ap fè lwanj ou, paske ou koute m’, ou sèvi m’ delivrans.R.
LEVANJIL
“Ale, sou tout tè a preche bòn nouvèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 9-15
Jezi leve granmaten, premye jou semèn nan, li parèt dabò devan Mari Madlèn, sa l’ te chase sèt demon sot nan li a. L’al anonse sa yo ki te avèk li a, ki t’ap plenn, ki t’ap kriye. Lè yo tande li te vivan epi Mari Madlèn te wè l’, yo pa t’ kwè. Aprè sa, li parèt devan de nan sa yo ki t’ap vwayaje, yo t’a pral andeyò, li te gen yon lòt aparans. Yo menm y’al anonse lòt yo; men lòt yo pa t’ kwè. Alafen li parèt devan onz yo ki te atab; li repwoche yo mank lafwa yo ak kè yo ki di, paske yo pa t’ kwè sa yo ki te wè l’ resisite a. Li di yo: “Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la bay tout kreyati”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Se pou nou fè kè nou kontan, chante, louwe, danse, paske Jezi leve vivan! Li vivan nan lavi nou, nan chak frè, chak sè, ki mete l’ pi wo pase tout bagay, ki kite se Granmèt la ki enspire panse yo ak aksyon yo.
Jezi vivan, an nou louwe non li. Lwanj pou ou Granmèt, pou kalite mèvèy Rezireksyon sa a. Granmèt la avèk nou ; fè konpliman pou li pou tout tan. Ansanm ak Salmis la, nou kapab chante: «M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou koute mwen». (Sòm 117).
Fòk nou tande Jezi an premye. Se li ki sèl Mèt nou. Se li ki ba nou yon lavi tou nèf. Se pou nou pataje lavi sa youn ak lòt. Fè lòt yo konnen bèlte li, grandè li, jan li bon ak nou. Se poutèt sa li voye n’anonse Bòn Nouvèl la toupatou sou tè a.
Al di frè n’ak sè n’ yo Jezi leve byen vivan, li se vrè lavi a. Li mande pou nou gen lafwa nan li. San lafwa nou p’ap reyalize anyen. Avèk lafwa a, n’ap fè bèl mèvèy tankou Jan ak Pyè. Se pou Bondye beni nou byen beni !
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mèsi poutèt ou rele n’ pou n’ vin anonse Bòn Nouvèl ou a ; nou mande w’ ban nou plis lafwa ak kouraj pou n’ pa febli nan travay sa a ; nou louwe non ou jodi a ak pou tout tan. Amèn.

PWOPOZISYON : Pale yon moun de Bondye: se yon zèv mizerikòd.

No hay comentarios:

Publicar un comentario