Koulè Blan
DEZYÈM DIMANCH PAK, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
“Foul moun yo ki kwè yo
t’ap devlope nan Granmèt la”.
NAN TRAVAY APOT YO
5, 12-16
Pa
pouvwa men Apot yo te gen anpil siy ak pwodij ki t’ap fèt nan pèp la; yo tout
te rete ansanm nan pòtay Salomon an. Pèsòn dòt moun pa t’ pran chans vin jwenn
yo, men pèp la t’ap fè lwanj yo.
Foul
gason ak fi ki te kwè nan Granmèt la t’ap vin pi plis tout tan; a tèl pwen yo
t’ap pote malad yo sou plas yo, yo te poze yo sou kabann yo ak sou nat yo, pou
lè Pyè rive, o mwen lonbraj li te kouvri kèk nan yo, pou yo delivre anba maladi
yo. Ata foul ki te sòti nan vil tou prè Jerizalèm yo, yo te vini, yo te pote
moun ki malad ak moun espri papwòp t’ap maltrete; yo tout te geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117,
2-4.22-24.
25-27a
R/ Fè lwanj Granmèt la poutèt li bon, poutèt kè l’
sansib pou tout tan.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se
pou kay Aawon an di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou sa yo ki respekte
Granmèt la di: poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan Granmèt
la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou. Sa a se jou Granmèt
la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.R.
Granmèt,
sove m’, Granmèt, bay kè kontan. Konpliman pou sa a k’ap vini o non Granmèt la.
Konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Mwen te mouri, men mwen
vivan pou tout tan gen tan”.
NAN
LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 9-11a. 12-13. 17-19
Mwen
menm, Jan, frè nou, ki patisipe nan tray ak peyi wa a ak pasyans nan Jezikri,
mwen te nan zile a yo rele Patmòs la, poutèt pawòl Bondye a ak temwayaj Jezi a.
Mwen te nan espri a nan jou Granmèt la, mwen tande yon gran vwa dèyè m’ tankou
yon foul ki t’ap di: “Sa w’ wè a, ekri l’ nan liv, voye l’ bay sèt legliz yo ki
nan Azi a”.
Mwen
vire pou m’ wè vwa a ki t’ap pale avèk mwen an; lè m’ vire, mwen wè sèt
chandelye an lò, epi nan mitan sèt chandelye an lò yo se tankou yon Pitit moun,
ki abiye ak pouvwa, li te gen yon senti an lò ki te mare ren l’ jous nan
lestomak li.
Lè
m’ wè l’, mwen tonbe nan pye l’, kòm si m’ te mouri, li poze men dwat li sou
mwen, li di: “Pa pè; se mwen menm premye a ak dènye a; mwen vivan, mwen te
mouri, men m’ap viv pou tout tan gen tan, mwen gen kle lanmò a ak anba tè a.
Ekri sa ou wè yo ak sa k’ la a ak sa k’ gen pou yo rive aprè bagay sa yo”.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Aprè ui jou, Jezi rive”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-31
Lè
aswè rive, jou sa a, premye jou semèn nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo
te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi rive, li kanpe nan mitan, li di yo: “Lapè
pou nou”. Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak bò kòt la. Disip yo kontan,
lè yo wè Granmèt la.
Li
di yo ankò: “Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye
nou”. Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: “Resevwa Espri Sen an. Moun nou
renmèt peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo, y’ap ret kenbe”.
Toma
menm, youn nan douz yo, sa yo rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini
an. Lòt disip yo di l’: “Nou te wè Granmèt la”.
Li
menm li di yo: “Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa met dwèt mwen nan
plas klou yo, si m’ pa met men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè”.
Aprè
ui jou, disip li yo te anndan an ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te fèmen,
li kanpe nan mitan, li di: “Lapè pou nou”. Aprè sa, li di Toma: “Met dwèt ou
isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan bò kòt mwen, sispann ret san
lafwa, se pou ou gen lafwa”.
Toma
reponn, li di l’: “Granmèt mwen ak Bondye m’”!
Jezi
di l’: “Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè epi ki
kwè”.
Jezi
fè anpil lòt siy ankò devan disip li yo, yo pa ekri nan liv sa a. Sa yo, yo
ekri yo, pou nou kwè Jezi se Kris Pitit Bondye, epi pou antan nou kwè a, nou
gen lavi o non l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a, yon lòt fwa ankò Jezi parèt devan disip li yo. Fwa sa a li mande pou nou
aprann kwè san nou pa wè ak de je nou, san nou pa manyen sa n’ kwè. Se sa lafwa
ye : se kwè san ou pa wè, se aksepte Jezi, se koube devan Jezi, se di li tankou
Toma : «Granmèt mwen, Bondye mwen ! », san ke nou pa fè doutans menm jan ak
Toma. Jezi mande nou sispann «Sen Toma»; se pou nou aprann kwè san nou pa wè.
Selon Sen Jan, «wè» se rankontre ak Jezi, se eksperyans renmen an, eksperyans mèvèy
Bondye nan lavi m’. Disip Jezi yo te wè li, y’ale e yo rete avèk li.
Jezi
leve, li leve vivan, alelouya ! Li leve tout bon vre jan Labib la te di sa.
Premye disip Kris la te temwen gwo evènman sa. Se sa nou kwè e nou dwe kwè.
Poutèt
sa a, frè m’ak sè m’ yo, fete Pak se fete Jezi ki leve byen vivan, ki mete pye
sou kou lanmò a pou lavi kapab triyonfe. Jezi kraze lanmò e lavi jayi toupatou.
Fete Pak se fete lapè. Jezi di nou : «Lapè pou nou».
Patizan
Pak yo, patizan Jezi yo anonse lapè ; yo renmen lapè, yo vle lapè pou tout
moun. Lapè Jezi a pa gen koulè, li pa gen nasyonalite, li pa baze sou
posibilite ekonomik, li pa vann nan mache, se pa ak zam ou jwenn li, li pa dakò
moun fè moun abi ni chifonnen dwa moun. Lapè Jezi ki resisite a, se kè kontan,
se kè poze, se renmen youn ak lòt, se youn padone lòt, se lespri bon konprann
li pote pou nou. Se sa k’ fè nou ka di byen fò : “Jezi leve, li leve tout bon
vre” ! Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki leve Jezi sòti pami mò yo,
men pitit ou yo ; pa kite lanmò nouvo tan sa yo kontinye toupizi nou. Ba nou fòs
pou nou rele byen fò : Jezi leve, li leve byen vivan ! Alelouya ! Amèn.
PWOPOZISYON :An
montre kijan Jezi leve vivan antan n’ap divòse ak lespri vanjans la pou nou
marye ak lespri mizerikòd la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario