ANONSYASYON GRANMÈT LA
(Gran Fèt).
PREMYE MOSO LABIB
“Men Vyèj la ap vin
ansent”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
7,
10-14; 8, 10
Jou
sa yo:
Granmèt
la pale avèk Akaz, li di: “Mande Granmèt Bondye ou la yon siy ba ou, nan fon
anba a oubyen anwo nèt la”.
Akaz
di: “Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la”.
Izayi
di: “Koute, kay David: èske sa twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou
rive fatige Bondye m’ nan? Se poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy.
Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl,
paske Bondye avèk nou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 39,
7-8a. 8b-9. 10.11
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis
ak kado ou pa t’ vle sa, men se zòrèy ou fouye pou mwen. Sakrifis antye ak
sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini.R.
Nan
woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou.
Bondye
m’, mwen vle, lalwa w’ la nan fon kè m”.R.
Mwen
anonse jistis ou nan gran asanble a; men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo,
Granmèt, ou konnen.R.
Jistis
ou a, mwen pa kache l’ nan kè m’, verite w’ la ak delivrans ou a, mwen deklare
yo. Mwen pa kache kè sansib ou a ak verite w’ la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Nan tèt liv la, yo ekri
sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye”
NAN LÈT EBRE YO 10,
4-10
Li
pa posib pou san towo ak bouk wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè
a, li di: “Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen;
sakrifis pou peche pa t’ fè w’ plezi; lè sa a atò mwen di: “Men m’ap vini; nan
tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè volonte ou, Bondye”.
Pi
wo a, li te di: “sakrifis ak kado ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa
pa t’ fè ou plezi, sa yo konn ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: “Men m’ap
vini pou m’ fè volonte ou, Bondye”; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin
aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou
tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Men w’ap ansent, w’ap
anfante yon ti gason”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè
sa a:
Bondye
voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te
fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
zanj
la antre kote l’, li di: “Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la
avèk ou, ou beni pami tout fi”. Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a,
li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj
la di l: “Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante
yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a
ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm
wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rè li p’ap janm fini”.
Mari
di zanj la: “Kijan pou sa fèt, paske lèzòm mwen pa konnen”.
Zanj
la reponn, li di l’: “Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap
kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele
l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason
nan vyeyès li a, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit
la; paske anyen pa enposib kot Bondye”.
Mari
di: “Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Zanj la
pati kite l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
Legliz ap fete Anonsyasyon Granmèt la. Pwofèt yo pa sèlman anonse nesans li,
men tou yo anonse misyon li. Se yon anons ki pote nouvote, paske pitt Bondye a
pral fèt nan vant yon ti fi ki vyèj ke yo rele Mari. Se yon bagay nouvo, paske
se pa ni nan tanp lan, ni pa lentèmedyè yon prèt, ni Jerizalèm ke Bondye
manifeste grandè li kòm Liberatè nou, okontrè se nan lavi yon ti pòv sèvant li
ki t’ap viv nan yon vilaj ke anpil moun pa t’ menm konnen nan Galile.
Se
sa menm yon Nouvo Kontra, se sa menm yon Nouvèl Alyans. Se ak rezon Mari ap fè
kè l’ kontan, paske mesaje a, zanj lan pote pou li yon bòn nouvèl : li di li
l’ap vin Manman Bondye (Jezi = Bondye Sovè). L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila
a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la.
Lik
vle montre nou siperyote Jezi sou Jan Batis, prekisè li a, sila ki t’ap prepare
chemen an. Men se pa yon grandè ki chita sou logèy, sou pouvwa politik al
ekonomik, se yon grandè ki reflete nan sèvis, nan misyon pòt an pòt, nan
pataj, nan lanmou, nan mizerikòd, nan
imilite ak nan solidarite.
Se
pou sa menm Bondye chwazi tounen moun nan vant yon tifi ki sòti nan yon
lokalite trè rekile, san enpòtans jewografik e politik ak ekonomik, yon demwazèl
ki pa gen gwo ran sosyal. Nou menm nou gade moun sou aparans, men Bondye li
menm li gade kè moun, li gade moun sou pa anndan. E se la ‘vijinite’ Mari a li
menm li kache, li gen yon sans nou ka konprann li ; anpil fwa nou pran pou nou
entèprete tèks biblik yo yon fason literal sou baz ipotèz biyolojik ou
syantifik.
Poutan,
pou Lik, vijinite Mari a gen yon sans espirityèl ki pèmet nou dekouvri grandè
Bondye nan lavi moun ki sèvi li ak tout kè, moun k’ap mennen yon lavi selon
pawòl li, selon prensip li yo.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri, menm jan ak Mari, fè m’ gen kouraj pou mwen mete ti pwojè pa mwen yo
sou kote pou mwen antre nan gran pwojè liberasyon ou gen pou tè a.
PWOPOZISYON : An nou
imite Lavyèj Mari nan obeyisans li, antan n’ap di : «Men sèvant Granmèt la ; se
pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a ». Konsa, n’a tounen zouti liberasyon pou
pwochen nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario