koulè blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yon sèl kè ak yon sèl nanm”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 32-37
Foul fidèl yo te gen yon sèl kè ak yon sèl nanm; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’ te genyen kòm pwòp byen pa l’, men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt nou an temwen; te gen gran gras nan yo tout. Nan pami yo pa t’ gen pèsòn ki te nan bezwen; tout moun ki te gen jaden oubyen kay, yo vann yo, yo pote pri lavant la, yo depoze l’ nan pye Apot yo; yo separe l’ bay yo chak, daprè sa chak moun te bezwen. Jozèf Apot yo te bay ti non Banabe (sa vle di Pitit konsolasyon), yon Levit, nan ras Chip, li te gen yon jaden, li vann li, li pote pri a, li mete l’ nan pye Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 92, lab. 1c-2. 5
R/ Granmèt la wa, li vlope ak glwa.
Granmèt la wa, li vlope ak glwa, Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman li rann fas tè a solid, pou l’ pa souke. Twòn ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou yo merite konfyans nèt; kay ou a klere ak sentete, Granmèt, pou longè tan yo.R.
LEVANJIL
“Pèsòn pa monte nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3,5a. 7b- 15
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
“Amèn, amèn, mwen di ou: Nou gen pou nou fèt ankò. Espri a soufle kote l’ vle, ou tande vwa l’, men ou pa konnen kote l’ sòti ni kote l’a prale: se konsa pou tout moun ki fèt sot nan Espri a”.
Nikodèm reponn li di l’: “Kijan pou bagay sa yo fèt”? Jezi reponn, li di l’: “Ou se mèt nan Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? Amèn, amèn mwen di ou, se sa nou konnen n’ap pale, epi se sa nou wè nou temwaye; men temwayaj nou an nou pa resevwa l’. Si m’ di nou bagay tè a, nou pa kwè, kijan, si m’ap di nou bagay syèl yo, n’a kwè? Pèsòn pa monte nan syèl la sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Epi, menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, se konsa pou yo leve Pitit moun nan anlè, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON
Nan semèn sa a, lekti yo pale nou sou mòd lavi premye kominote patizan Jezikri yo. Yo t’ap viv ansanm, nan yon sèl kè ak yon sèl nanm. Te gen bon jan relasyon pami yo. Yo te viv tankou frè ak sè.
Nan mitan yo, sa k’ te pi enpòtan se pa t’ lajan, se pa t’ pouvwa, men se te lanmou. Lè yon kretyen separe byen li avèk lòt moun ki nan bezwen, li pa pèdi sa, okontrè, l’ap genyen san fwa plis ankò; li pèdi yon byen sou tè a pou l’ genyen youn nan syèl la. Lè yon moun separe sa l’ genyen ak yon moun ki pa genyen anyen, se yon trezò li sere, plis ankò se Jezi menm li bay.
Levanjil jodi a, se lòt moso nan konvèsasyon Jezi avèk Nikodèm, nan mitan lannwit. Nikodèm te gen anvi konnen laverite tout bon vre a. Jezi te ba li bon jan enstwiksyon tou. Kalite enstwiksyon sa a pa t’gen enpòtans nan je gwo pwofesè lalwa yo, devan farizyen yo; men moun ki gen kè yo senp, moun ki kite Lespri Sen an gide yo, se yo vrèmen ki konnen laverite a tout bon vre ; se yo menm ki kapab konnen renmen ak sajès Bondye. Menm jan tou, moun ki kwè nan Jezi, Pitit Bondye ki vin nan chè a, pa gen dwa peri, lanmò pa gen pouvwa sou li. Jezi se delivrans pou tout moun ki kwè nan li, se lajwa pou tout moun ki nan lapenn, se libète pou tout moun ki nan prizon, se gerizon pou tout moun ki malad. Si ou kenbe bye Jezi ou p’ap manke anyen !
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri vin demoli gwo mi ki separe nou youn ak lòt ; aprann nou mete tèt nou ansanm pou nou viv tankou frè ak sè antan n’ap montre kijan ou bon, kijan ou gen mizerikòd.
PWOPOZISYON : Soufri ak pasyans defo pwochen nou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario