Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Men mesye yo nou te mete nan prizon an, yo nan Tanp la, y’ap bay pèp la ansèyman”.
NAN TRAVAY APOT YO 5, 17-26
Jou sa yo:
Gran prèt la leve, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo, (se gwoup Sadiseyen yo), yo te plen ak raj; yo met men sou Apot yo, yo mete yo nan prizon piblik la. Zanj Granmèt la louvri pòt prizon an nannuit, li fè yo sòti, li di: “Ale, kanpe, pale nan Tanp la ak pèp la tout pawòl lavi sa a”. Lè yo tande sa, yo antre byen bonè nan tanp la, yo t’ap bay ansèyman. Gran prèt la rive, ni sa yo ki te avèk li yo, yo fè yon reyinyon, ni tout ansyen pitit Izrayèl yo; yo voye nan prizon an pou yo kondui yo vini. Lè sèvitè yo rive, yo louvri pòt la, yo pa jwenn yo, yo tounen, yo pote nouvèl, yo di: “Nou jwenn pòt prizon an byen fèmen avèk tout kalite prekosyon, gad yo te kanpe devan pòt yo; men lè nou louvri, nou pa jwenn pèsòn andan l”. Lè yo tande pawòl sa yo, majistra Tanp la, ak gran prèt yo, yo t’ap mande antre yo ki sa sa vle di. Gen yon moun ki rive li anonse yo: “Men mesye yo nou te mete nan prizon an, yo kanpe nan Tanp la, y’ap bay pèp la ansèyman”. Lè sa a atò majistra a avèk sèvitè yo pati, yo mennen yo san maltrete yo; sèke yo te pè pèp la, pou yo pa t’ kalonnen yo ak kout wòch.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn glwa l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li, li sove l’.R.
Zanj Granmèt la ap veye alantou moun ki krenn li yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Bondye voye Pitit la, pou tè a sove pa lantremiz li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 16-21
Lè sa a, Jezi di Nikodèm:
“Bondye tèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a te kapab sove pa lantremiz li. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye a. Men jijman an, limyè a vin sou tè a, men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase limyè a; sèke travay yo te move. Reyèlman tout moun k’ap aji mal, li rayi limyè a, li pa vin nan limyè a, pou yo pa repwoche travay li yo. Men moun ki fè verite a, li vin nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan Bondye yo fèt”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON
Nan tan n’ap viv la, tèlman gen opinyon k’ap sikile, nou ta kapab kwè ke verite a pa ekziste – verite sou Bondye, verite sou sèks moun, verite sou maryaj, verite moral ak verite sou nou menm.
Pasaj Levanjil jodi a idantifye Kris la tankou «chemen an, verite a ak lavi a» (Jn 14,6). Yon moun ki separe ak Kris la, li fè eksperyans dezolasyon, mansonj ak lanmò. Gen yon sèl chemen ki mennen nan paradi a (nan kè kontan an), e chemen sa se Jezikri.
Kris la se pa yon opinyon. Men li se Verite a menm. Lè yon moun pa rekonèt verite a, li sanble ak yon moun ki fèmen je li devan limyè solèy la. Kit sa fè l’ plezi, kit sa pa fè l’ plezi, solèy la ap toujou klere ; men gen moun ki chwazi fèmen je yo devan solèy verite a, pou pwòp volonte pa yo. Konsa tou, gen anpil moun ki deplwaye anpil jefò nan karyè yo ak tout bòn volonte yo, yo pretann itilize tout kapasite yo genyen, antan yo bliye ke yo p’ap rive konnen verite sou pwòp tèt yo si yo pa mache avèk Kris la.
Yon lòt bò, selon Benwa XVI «Chak moun jwenn sa ki bon pou li lè li akeyi plan Bondye nan lavi li, pou li kapab reyalize tèt li plènman : nan plan sa a li jwenn verite a, e lè li fè kò avèk verite sa a li vin tounen yon moun lib (cf. Jn 8,32)» (Lèt Ansiklik ‘‘Caritas in Veritate’’). Verite chak moun, se yon apèl pou vin tounen pitit gason oubyen pitit fi Bondye nan wayòm syèl la : Volonte Bondye, se pou nou vin bon nèt (Mt 5,48). Bondye pa vle nou tounen esklav ; okontrè li vle nou tounen pitit gason ak pitit fi ki lib.
Sentete a, se yon pwojè Bondye ak mwen. Lè nou chèche vin sen ak tout fòs nou, lè sa nou kòmanse reflete verite Bondye nan lavi nou. Pap la te byen di sa : «Chak sen sanble ak yon reyon limyè ki sòti nan Pawòl Bondye a» (Ekzòtasyon Apostolik ‘‘ Verbum Dei’’.
LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki se Chemen an, tanpri fè nou swiv ou toutan.
PWOPOZISYON : Mwen se pitit limyè, m’ap sispann viv nan fènwa mansonj
No hay comentarios:
Publicar un comentario