JEDI 7
Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Nou menm nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an”.
NAN TRAVAY APOT YO
5, 27-33
Jou sa yo:
Lè sèvitè yo kondui Apot yo, yo fè yo kanpe nan tribinal la; gran prèt la poze kesyon, li di: “Nou te pase nou lòd sevè pou nou pa t’ bay ansèyman o non sa a; epi gade nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an, nou vle fè san mesye sa a tonbe sou nou”. Pyè menm reponn ak Apot yo, yo di: “Nou dwe obeyi Bondye plis pase lèzòm. Bondye papa nou yo te leve Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a. Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè pou l’ bay Izrayèl penitans ak delivrans peche yo. Kanta nou menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo”. Lè yo tande bagay sa yo, yo te fè gwo kòlè, yo t’ap ekzamine kijan pou yo touye yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2 e 9. 17-18. 19-20
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo. Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse yo.R.
Moun ki kòrèk yo jwenn anpil tray, men Granmèt la ap delivre yo sot nan yo tout.R.
LEVANJIL
“Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 31-36
Lè sa a, Jezi di Nikodèm:
“Sa a ki vin sot anwo a, li anlè tout moun. Moun ki sot sou tè a, se nan sa k’ sou tè a li ye, se sa k’ sou tè a li pale. Sa a ki vin sot nan syèl la, li anlè tout moun. Sa l’wè, li tande, li sèvi l’ temwen, men temwayaj li a, pèsòn pa resevwa l’. Moun ki resevwa temwayaj li a, li siyen Bondye vrè, Sa a Bondié voye a, se pawòl Bondye yo li pale; Bondye pa bay Espri a avèk mezi. Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men l’. Moun ki kwè nan Pitit la li gen lavi tout tan an; men moun ki pa kwè nan Pitit la, li p’ap wè lavi a, okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Temwayaj apot yo sou lavi Jezikri, se fwi rezilta eksperyans yo te fè avèk li. Pou yon moun sèvi temwen, gen de kondisyon: swa moun nan te wè oubyen swa li te tande. Si se pa sa li pa kalifye pou sèvi temwen. Meditasyon Pawòl Bondye pou jodi a ap ede nou konprann pi byen enpòtans temwayaj genyen.
Nan premye lekti a n’ap kontanple apot yo ki prezante devan gran chèf prèt yo ak lòt otorite ki pa t’ kwè nan Bòn Nouvèl la, epi nan Pitit Bondye a, nan lanmou li genyen pou nou, Bondye sa a ki ba nou sèl grenn Pitit li a pou li ka sove nou.
Eksperyans apot yo te fè ak Jezi te ba yo anpil fòs ak kouraj pou yo te ka anonse Jezi mouri epi li leve byen vivan. Anpil moun pa t’ dakò ak sa paske sa te deranje yo. Men apot yo pa t’ ka rete bèkèkè, malgre gwo menas lanmò ki te pandye sou tèt yo.
Nou ka konprann sa a nan repons Pyè ak lòt apot yo te bay chèf prèt yo: “Nou dwe obeyi Bondye plis pase lèzòm. Bondye Papa nou te leve Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a. Kanta nou menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Espri Sen an Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo».
Li te klè pou yo, se Bondye yo gen pou yo obeyi paske eksperyans yo te montre yo pa gen pi gwo pouvwa pase sa a. Èske sa konn rive nou gen pozisyon sa a devan yon sitiyasyon ki rive mete menm lavi nou an danje ? Chak moun dwe reponn tèt li epi wè ki sa li dwe fè pou li swiv ekzanp apot yo.
Bondye ban nou Pitit li a paske li renmen nou. Sa li mande nou se kwè nan li, kwè nan li menm jan ak apot yo ki pa t’ pè okenn menas. Lavi pou toutan Bondye pwomèt nou an, se nan viv lafwa nou nan Jezikri n’ap kòmanse santi sa. Kidonk lafwa nan Jezikri se kanal k’ap mennen nou nan lavi pou toutan. Rive kwè tout bon vre nan Jezikri kòm sèl Mèt nou ak Sovè nou, sa mande nou anpil konkou lapriyè ak lagras Bondye. Depi nou lage nou nan lapriyè epi nou fè Bondye konfyans n’ap rive nan limit kote lafwa nou dwe mennen nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri padone m’ pou chak fwa mwen te rate okazyon pou m’ te temwaye renmen ak mizerikòd ou.
PWOPOZISYON : Moun ki bezwen bon konsèy, ba li l’
No hay comentarios:
Publicar un comentario