Koulè
vyolèt
PREMYE
LEKTI
"N’a obsève kòmandman yo, n’a
reyalize yo nan aksyon nou".
NAN
LIV DETEWONÒM
4,
1. 5-9
Moyiz pale ak pèp la, li di:
"Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman
ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab viv, pou ou kapab
antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann nou kòmandman
avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji
nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou.
Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite
kòmandman sa yo, yo di: "Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran
nasyon"!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki
kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè
l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout
lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa, se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se
pou ou veye sou nanm ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan
kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve w’ yo".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
147, 12-13. 15-16. 19-20
R/
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj
Bondye w’, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li
beni pitit ou yo andan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk
vitès pawòl li a kouri.
Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li
simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb,
jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa
montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di patizan l’ yo:
"Pa konprann mwen vini pou m’ defèt
Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a
pase, yon ti “i” oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout
bagay reyalize.
Konsa moun k’ap
defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap
rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap
aprann lòt yo fè menm jan an, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl
la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Jezi vle
fè limyè sou sans misyon li sou tè a. Petèt mesaj li a kapab yon desepsyon pou
sila yo ki t’ap tann yon sovè k’ap vin chanje tout bagay. Nou imajine ke Jezi
t’ap pale nan yon kominote pòv, kote moun yo t’ap sibi pèsekisyon, kote ke yo
pa t’ gen lapè, kè yo pa t’ kontan, kote yo t’ap espere yon chanjman radikal
nan jan bagay yo t’ap fèt la.
Men, anvan Jezi
ale pi lwen nan mesaj li a, li pran tan pou l’ presize ki sans misyon li an
genyen, lè li di: “Mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize...”. Pawòl sa
kapab ede nou konprann vrè sans mesaj Jezi a, yon mesaj ki pozitif, yon mesaj
ki envite n’ konstwi apati de sa ke nou genyen ak sa nou ye. Se
yon lòt mantalite nou dwe genyen.
Lalwa pa yon fren oubyen yon barikad pou
Jezi, se pito yon enstriman pou fè mesaj Granmèt la pase pi byen. Li pa genyen
pretansyon ke mesaj li a pi bon ke mesaj pwofèt yo, okontrè li sèlman vin
ranfòse yo epi fè tout moun rive konprann sans yo. Epi pi lwen li fè nou konnen
ke menm yon yota li pa genyen entasyon retire nan sa ki te di deja.
Paske tout sa ki te ekri nan Bib la
genyen pou l’ reyalize, jan ke yo te anonse l’ la. Men Jezi pa sispann eksplike
sans misyon li a, li pa esklav Lawa, li vini pou li akonpli pwomès Bondye Papa
te fè pèp li a depi plizyè lane, pwomès liberasyon an.
Se yon mesaj ki envite nou panse sou
sans lavi nou kòm kretyen. Se yon apèl pou nou viv tankou frè e pou nou pratike
tout vèti ki kapab ede lòt yo dekouvri Bondye. Jezi vle raple nou vrè sans lavi
nou. Lavi chak moun fèt ak de kalite pyès: youn ansyen, lòt la nouvo; kidonk
yon nouvo lavi pa dwe antre an konfli ak yon lavi pase. Aksepte sa ke nou ye
kòm pechè pou nou kapab grandi selon pawòl Granmèt la.
Selon Jezi, sa ki enpòtan nan lavi yon
moun ki vle swiv li, se kapab mete pawòl Granmèt la nan sant lavi li. Yon
envitasyon pou nou dosil e chèche konprann tout moun. Yon envitasyon ki raple
n' ke nou dwe mete lòd nan lavi nou kòm moun epi kòm kreyen.
LAPRIYÈ:
Granmèt, mèsi pou sans pawòl ou a ki ede
nou konprann pou kisa ou te vini sou tè; ban nou fòs ak kouraj pou nou kapab
kolabore nan fè mesaj ou a rive pi lwen. Amen!
PWOPOZISYON:
Si mwen te bay yon bagay plis valè ke yon moun, m’ap rann mwen kont mwen te bay
bagay sa plis valè ke pwòp tèt mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario