Koulè
vyolèt
PREMYE
LEKTI
"Sa a se yon nasyon ki pa koute vwa
Granmèt Bondye l’ la".
NAN
LIV PWOFÈT JEREMI
7,
23-28
Men pawòl Granmèt la:
"Mwen te pase yo lòd daprè pawòl sa
a, mwen te di: "Se pou nou koute vwa m’, m’ap Bondye pou nou, n’ap pèp pou
mwen; se pou nou mache nan tout chemen m’ap kòmande nou, pou sa kapab bon pou
nou".
Men yo pa koute, yo pa panche zòrèy yo,
men yo pati daprè volonte yo, daprè move panchan kè yo, yo rekile, yo pa
avanse, depi jou mwen te fè zansèt yo sòti nan peyi Lejip la jous jodi a.
Mwen voye tout sèvitè m’ yo, pwofèt yo,
kote nou, mwen leve byen bonè chak jou, mwen voye yo; men yo pa koute m’, yo pa
panche zòrèy yo, okontrè yo fè kou yo vin rèd, yo aji pi mal pase zansèt yo.
W’a di yo tout pawòl sa yo, yo p’ap
koute ou. W’ap rele yo, yo p’ap reponn ou. W’ap di yo: "Sa a se yon nasyon
ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la, ki pa resevwa ledikasyon. Lawa a peri, li
sòti sot nan bouch yo".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
94, 1-2. 6-7. 8-9
R/
Si jodi a, nou te kapab koute vwa Granmèt la: "Pa fèmen kè nou".
Vini, an nou
fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou an.
An nou pwoche
devan fas li avèk lwanj, avèk sòm an nou fè fèt pou li.R.
Vini, an nou
adore l’, an nou bese atè, an nou met jenou atè devan Granmèt la ki fè nou,
paske se li menm ki Bondye nou, nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R.
Jodi a si nou te kapab koute vwa l’:"Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba daprè jou Masa
nan savann nan, kote
zansèt nou yo te eseye m’ nan, yo te sonde m’,
malgre yo te wè travay
mwen".R.
LEVANJIL
"Moun ki pa avèk mwen, li kont
mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11,14-23
Lè sa a :
Jezi t’ap chase
demon, demon an te bèbè. Kon l’ fi n’ chase demon an, bèbè a pale, foul yo te
sezi. Kèk moun nan yo t’ap di : "Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo,
l’ap chase demon yo". Dòt menm t’ap sonde l’,
yo t’ap mande l’ yon siy ki sot nan syèl la.
Li menm, kòm li te wè panse yo, li di yo
: "Tout peyi wa ki an dezakò sou pa andan, l’ap vin tounen yon savann, kay
ap tonbe sou kay. Konsa si Satan an dezakò sou pa andan, kijan rèy li ap fè
kanpe? Paske nou di se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo. Si mwen menm se
pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm pa pouvwa kilès y’ap
chase yo ? Se pousa se yo menm k’ap pije nou. Men si se pa pouvwa dwèt Bondye
m’ap chase demon yo, sèke rèy Bondye a tou rive sou nou.
Lè yon moun byen ame, l’ap gade lakou
l’, tout sa l’ posede, yo asire. Men si yon moun ki pi fò pase l’ vin rive, epi
li ranpòte laviktwa sou li, li pran tout zam yo kote li te mete konfyans li a,
epi li separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen, moun
ki pa ranmase avèk mwen, l’ap gaye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Men si se pa
pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke Rèy Bondye a tou rive sou nou».
Jodi a, nan
pwoklmasyon Pawòl Bondye a, prezans demon an manifeste yon lòt fwa ankò: «Jezi
t’ap chase demon, demon an te bèbè» (Lik 11,14). Petèt,
chak fwa tèks yo pale nou sou demon nou santi nou yon ti jan mal alèz. Antouka,
mal la ekziste e li tèlman gen rasin li fon, nou pa ka fin elimine li. Men tou, mal la ap devlope, li pran pye toupatou. L’ap
travay toutan e nou pa kapab fin gen kontwòl li. Men Jezi vini pou li konbat
tout fòs mal la, demon an. Se Jezi sèl ki kapab venk li.
Yo fè fo temwayaj sou Jezi e yo akize
li: demon an kapab fè tout bagay. Pandan setan foul la t’ap gade Jezi ak anpil
admirasyon pou sa li te sot akonpli a, kèk moun t’ap di: «Se pa pouvwa
Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo» (Lik 11,15).
Repons Jezi a montre kijan moun ki t’ap
talonnen li yo pa t’ gen bon sans. Repons sa a se yon apèl pou nou aprann mete
tèt nou ansanm, pou nou byen soude youn ak lòt. Lè nou divize nou pa nan anyen
ki bon, epi se pwòp tèt nou n’ap detwi. San dout, youn nan siy mal la, se lè
nou divize, lè nou youn pa vle konprann lòt. Malerezman, mond nan viv jodi a, se kalite move lespri
sa a ki anpeche nou youn konprann lòt epi youn rekonèt lòt.
Li bon pou nou reflechi sou fason nou
patisipe nan chase demon sa a, oubyen sou fason nou refize mal la. Èske nou
mande tèt nou: èske mwen menm mwen fè sa ki nesesè pou Granmèt la wete mal ki
anndan mwen an? Èske
mwen kolabore nan chase demon an. Paske «se nan kè a tout move lide yo sòti»
(Mt. 15, 19). Repons chak moun (sa vle, di kolaborasyon pèsonèl nou) trè
enpòtan.
Se pou Lavyèj
Mari entèsede bò kote Jezi, Pitit li renmen an, pou li kapab libere kè nou ak
lemond anba tout mal (lagè, teworis, move trètman, tout fòm vyolans). Mari,
Manman Legliz la, Rèn Lapè, tanpri lapriyè pou nou.
LAPRIYÈ
:Bondye Papa, tanpri, ede nou pou n’ fè
volonte w’ chak jou pi plis, konsa, n’a reziste ak zèv demon an. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON
: M’ap chèche dekouvri nan ki fason mwen
kite demon itilize mwen epi m’ap fè atansyon pou sa pa rive ankò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario