Koulè vyolèt
PREMYE LEKTI
"Nou p’ap
rele travay men nou "Bondye nou" ankò".
NAN LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl
Granmèt la :
"Izrayèl,
tounen vin jwenn Granmèt Bondye w’ la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk
nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’ : "Wete tout peche nou, pran byen
an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou
chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li".
M’ap geri yo pou
yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’
vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap
eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap
tankou Liban.
Y’ap tounen vin
chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen; souvni
l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò? M’ap koute,
m’ap remen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
80, 6c-8a. 8bc-9.
10-llab.
14 e 17
R/
Se mwen menm Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande.
Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’,
mwen delivre ou.R.
Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an,
mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl,
pa pito w’ koute m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap
adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè w’ sòti nan peyi
Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl
te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen
vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
"Granmèt Bondye w’ la se yon sèl
Bondye, se pou ou renmen l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MAK KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè
yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn
li: "Premye kòmandman an, se: "Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye w’ la
se yon sèl Bondye a; se pou w’ renmen Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak
tout nanm ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou". Sa a se premye kòmandman
an. Dezyèm nan menm sanble ak li: "Se pou w’ renmen pwochen ou tankou ou
menm". Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa
yo".
Pwofesè a di l’: "Se byen, Mèt, ou
pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak
tout kè, ak tout entelijans, ak tout nanm, ak tout fòs; epi renmen pwochen an
tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout
sakrifis".
Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li
di l’: "Ou pa lwen rèy Bondye a". Pèsòn pa t’ pran chans poze l’
kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nou pa ta kapab
kenbe sou wout lavi a, si depi nan kòmansman, Bondye ki fè nou pa t’ chwazi
moyen pou l’avèk nou jika lafen. Twa tèks nou li pou jodi a montre nou sa klè.
Nan premye lekti a, pwofèt Oze, ki se pòt pawòl Granmèt la, vini transmèt nou
envitasyon Granmèt la fè nou; Bondye di nou, tounen vin jwenn li, kite vye
konpòtman nou yo, vye chemen nou yo, move kondwit k’ap pèdi nou yo. Bondye ki
fè nou an pa dakò ak sa; e menm lè nou vire do ba li, li toujou renmen nou, li
gen kè l’ sansib pou nou, li gen mizerikò.
Nou pa bezwen pè
kase tèt tounen vin jwenn li, pou nou met lavi li ban nou an sou kontwòl li. Sòm
80 an pale nou sou pouvwa delivrans, padon Bondye nou an genyen pou nou. Ki
kote nou ta vle ale san sila a ki toujou prezan an ? Li p’ap kite nou peri,
okontrè, benediksyon li ap kouvri nou, l’ap ede nou travèse move pa lavi a.
Sa fè nou
konprann byen daprè Levanjil Mak la, sa Bondye ye? Li se Bondye vivan an, li pa
Bondye moun mouri, pawòl la klè, nan pwen pale anpil; sa nou bezwen : se mete
espwa nou sou li epi fè l’ konfyans, paske pawòl li se laverite, li se lavi pou
tout moun. Pa gen lòt moun k’ap sove nou si se pa
Jezi. An nou fè sa li mande nou fè : renmen. Pa gen lòt bagay ki pi konsekan
pase sa. An nou kite renmen sa a tounen yon reyalite nan lavi nou, nan fason
n’ap viv youn ak lòt.
LAPRIYÈ
: Bondye
papa, tanpri ban n’ fòs ak kouraj pou n’ kapab rete fidèl, malgre tout
difikilte nou jwenn sou chemen an.
PWOPOZISYON
: Mwen vle fè jefò, detwi tout jèm egoyis
ak ipokrizi ki nan mwen pou delivre lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario